OscailtPozisyon (konplè) Batay Ouvriye sou eleksyon yoEleksyon ki sòt fèt yo montre nou klèman eleksyon pa yon solisyon pou peyi Dayiti. Nou ka di se pa premye fwa Batay Ouvriye ap denonse kalite eleksyon sa yo nan peyi a. Men, jodi a, nou wè aklè gagòt seri eleksyon ki sòt fèt yo montre nou se yon seleksyon politisyen reyaksyonè awogan ak arivis ki pran tèt aparèy leta. E li te previzib! Se te yon konpetisyon ant politisyen ak kolòn abolotcho epi granmanjè pou gade kiyès nan yo ki pwal dirije LETA a, nan enterè pa yo anvan, epi nan enterè tout rès klas dominan yo ak enpeyalis yo. E menm si pa t gen seleksyon, eleksyon yo t ap toujou fèt nan enterè klas dominan yo, pi patikilyèman boujwa yo, grandon yo ak patwon yo, enpeyalis yo.2024-03-19T10:08:28+08:00Anarkismoanarkismoeditors@lists.riseup.nethttp://www.anarkismo.net/atomfullposts?story_id=29951http://www.anarkismo.net/graphics/feedlogo.gif