Internationalist Manifesto Against the War 07:38 Apr 15 27 comments War and Anarchists: Anti-Authoritarian Perspectives in Ukraine 19:25 Feb 22 12 comments We condemn the Turkish state attack and invasion of the Iraqi Kurdistan 07:12 Jun 26 6 comments A Dirty Military Incursion into Venezuela 23:20 May 11 10 comments US refusal to withdraw troops from Iraq is a breach of international law 22:27 Feb 08 2 comments more >> |
Recent articles by Komite Otonòm Pwogresis Ayisyen
One more time, Préval and his government have deceived the Haitian pop... 0 comments Recent Articles about Amerik Santral / Karayib Enperyalis / LagèDeclaración de la Federación Anarquista Uruguaya acerca de los sucesos... Aug 15 18 Hillary Clinton es responsable, en parte, del asesinato de Berta Cácer... Mar 12 16 Sobre la liberación de prisioneros y el restablecimiento de relaciones... Jan 01 15 Yon lot fwa ankò Preval ak gouvènman li-a, bay mas popilè yo koutba.
amerik santral / karayib |
enperyalis / lagè |
feature
Monday April 21, 2008 22:09 by Komite Otonòm Pwogresis Ayisyen - KOPA Miyami
Yon lot fwa ankò Preval ak gouvènman li-a, bay mas popilè yo koutba. Li envite tèt li nan manifestasyon sou lavichè-a. Yo al chèche-l. Li rele fòs okipasyon yo (k-ap ranplase lame Ayiti) e polis nasyonal, ki louvri zam sou manifestan yo. Preval bliye anpil manifestan sa yo te leve granmaten al depoze bilten vòt pou li. Listwa gen pou jije-l pou sa e mas popilè yo gen pou ba li santans nesesè-a. Mas popilè yo pa fouti kenbe anba grangou koupe trip sa-a. Apre 2 lane yon LESPWA san pwovizyon, kan popilè-a ap leve kanpe e li vle solisyon kounye-a menm. [...] Pou nou isit, se vre eksperyans Lavalas yo demobilize anpil nan nou. Men lavichè-a ak salè nou gen gwo efè sou vi nou. Nou nan yon peryòd elektoral kote anpil pwomès ap fèt. Nou dwe sèvi ak moman sa-yo pou nou patisipe nan konstwi òganizasyon kan pèp ameriken-a ke nou fè pati de li.
[ English ]Yon lot fwa ankò Preval ak gouvènman li-a, bay mas popilè yo koutbaYon lot fwa ankò Preval ak gouvènman li-a, bay mas popilè yo koutba. Li envite tèt li nan manifestasyon sou lavichè-a. Yo al chèche-l. Li rele fòs okipasyon yo (k-ap ranplase lame Ayiti) e polis nasyonal, ki louvri zam sou manifestan yo. Preval bliye anpil manifestan sa yo te leve granmaten al depoze bilten vòt pou li. Listwa gen pou jije-l pou sa e mas popilè yo gen pou ba li santans nesesè-a. Mas popilè yo pa fouti kenbe anba grangou koupe trip sa-a. Apre 2 lane yon LESPWA san pwovizyon, kan popilè-a ap leve kanpe e li vle solisyon kounye-a menm. Diskou Preval la montre klèman kouman li sòti pou pwoteje klas dominan yo: gwo komèsan yo, gwo kapitalis yo ki se premye responsab kriz ekonomik koryas sa-a k’ap travèse sosyete-a. Men tou se yo k’ap benefisye nan jan peyi-a ap mache-a. Depi 50 lane konsa, si se pa plis, nan kad politik neyoliberal yo-a, yo patisipe nan kraze ekonomi nasyonal la. Yo touye kochon nou yo. Ak èd Lavalasyen yo, yo mete, yon anbago sou peyi-a ki vin fè nou pi depandan toujou, pou jounnen jodi-a, lò poul pèpè dominiken malad, Ayiti nan ka. Yo enstale zòn franch sou bitasyon ki te ka kontribye anpil nan kore agrikilti peyi-a. Preval ak administrasyon li-a, sòti pou pwoteje klas dominan yo ki responsab peyi-a nan sitiyasyon li ye-a. Se yo ki kriminel. Se yo ki pa konn mizè men ki kite peyi-a ap depafini nan men yo paske sa nan avantaj yo. Preval li menm, sou Divalye yo ak sou ONG yo, te konn ap fè apèl pou nou leve kanpe. Jounnen jodi-a li kite nou deyè nan mizè-a. LI CHANJE KAN. E ansanm ak klas dominan yo, l-ap trete nou kriminèl paske nou oze kanpe, paske nou oze pran lari paske nou pa ka kenbe ankò anba grangou klowòks sa-a, e paske nou oze idantifye vrè kriminèl yo. Entèvansyon Preval la se tan l-ap achte pou klas dominan yo. Men li pa enterese ditou, rezoud anyen nan enterè mas popilè yo, menm yon tipwèlyèm. Sinon li ta monte salè minimom la. Li ta fè boujwa yo peye aryere, ki garanti nan konstitisyon-a depi 1987. Pwoblèm lavichè-a se yon flewo entènasyonal li ye. Yon pakèt lot frè ak sè nou nan dòt sosyete ap leve kanpe tou. Etazini li menm, lavichè-a ap frape pòt kay travayè yo. Semèn pase chofè k’ap transpòte machandiz yo te ralanti livrezon yo paske yo paka kenbe anko. Pri gaz, pri manje ap monte bwa. Anpil moun ap pèdi kay yo. Kapitalis la rantre nan yon kriz ki diminye woulman kapital finansye-a anpil. E li vin pi difisil jounnen jodi-a pou yo sòti nan kriz la. Tout mezi leta enperyalis la ap pran se pou depane kapitalis yo. Menm si eleksyon yo ka vin jwe yon wòl nan ralanti lit revandikatif yo, men yo tou pa gen solisyon ki ka pote rezilta ki ale nan enterè mas popilè ameriken yo. Men nou dwe devlope kapasite pa nou, pou nan kad eleksyon yo, pou vini ak pwòp revandikasyon otonòm nou. Kriz la entènasyonal e li nasyonal. Nou menm imigran ki nan kan pèp la, nou dwe patisipe nan travay pou konstwi altènatif pa nou. Se vre nou pwal antre nan lit sa-yo apati enterè klas nou. Kriz la ap jeneralize li e li pap kite pèson ki dominen ak eksplwate dèyè. Enterè klas nou pwal detèmine kouman nou pwal gade kriz ni isit Etazini ni ann Ayiti, pou sa ki kontinye rete konekte a peyi-a. Fas a Ayiti, tiboujwa yo, pwal kouri mande mezi ijans. Yo pwal kouri mande èd imanitè. Yo pwal kouri mande pou òganis entènasyonal yo voye manje pèpè yo nan peyi-a. Anfèt, pa ta dwe gen pwoblèm nan kad dezas natirèl pou yo ede mas popilè yo pran souf nan yon moman difisil. Men kriz Ayiti-a se yon kriz ekonomik ki se rezilta politik antinasyonal, antipopilè klas dominan yo. Mande èd san denonse klas dominan yo, san yo pa mete douvan revandikasyon popilè yo, san yo pa defini paramèt pou klas dominan yo fè fas a responsabilite yo, se depane e sèvi enterè klas dominan yo, objektivman. Pou nou, sou kote mezi ijans yo, mobilizasyon-an dwe kontinye. Fòk kan pèp la ranfòse òganizasyon li e kontinye idantifye e dekante yo fas a kan lenmi-a. Fòk yo pran endepadans yo e kenbe otonomi yo fas a tout politisyen opòtinis k’ap eseye fofile nan sen yo pou devye yo. Lit pou salè minimòm dwe kontinye, lit pou bese lavichè dwe pran chè nan peyi-a. Pou nou isit, se vre eksperyans Lavalas yo demobilize anpil nan nou. Men lavichè-a ak salè nou gen gwo efè sou vi nou. Nou nan yon peryòd elektoral kote anpil pwomès ap fèt. Nou dwe sèvi ak moman sa-yo pou nou patisipe nan konstwi òganizasyon kan pèp ameriken-a ke nou fè pati de li. Viv lit pèp travayè tou pa tou!
|
Front pageSupport Sudanese anarchists in exile Joint Statement of European Anarchist Organizations International anarchist call for solidarity: Earthquake in Turkey, Syria and Kurdistan Elements of Anarchist Theory and Strategy 19 de Julio: Cuando el pueblo se levanta, escribe la historia International anarchist solidarity against Turkish state repression Declaración Anarquista Internacional por el Primero de Mayo, 2022 Le vieux monde opprime les femmes et les minorités de genre. Leur force le détruira ! Against Militarism and War: For self-organised struggle and social revolution Declaração anarquista internacional sobre a pandemia da Covid-19 Anarchist Theory and History in Global Perspective Capitalism, Anti-Capitalism and Popular Organisation [Booklet] Reflexiones sobre la situación de Afganistán South Africa: Historic rupture or warring brothers again? Death or Renewal: Is the Climate Crisis the Final Crisis? Gleichheit und Freiheit stehen nicht zur Debatte! Contre la guerre au Kurdistan irakien, contre la traîtrise du PDK Meurtre de Clément Méric : l’enjeu politique du procès en appel |