user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Vre Sans 8 Mas Klas Ouvriyè A

category amerik santral / karayib | gender | press release author Tuesday March 13, 2018 20:46author by Batay Ouvriye Report this post to the editors

Anpil ouvriye, anpil fanm nan peyi a pa konnen gen yon dat 8 mas ki enpòtan pou yo. E anpil nan sa ki konnen yo pa reyèlman klè sou kote 8 mas la sòti, sa li vle di reyèlman. Nou menm ouvriye konsyan, ki sou lit, k ap òganize tèt nou, nou dwe toujou konnen rasin nou; nou dwe toujou klè sou lit klas nou an te mennen, leson nou aprann de lit sa yo. Jan nou konn di li deja, lavi nou se travay. Men an menm tan, lavi nou se BATAY.
img20150308wa0066.jpg

Piplis toujou, nan klas ouvriyè a nan peyi d AYITI, anpil nan nou ap travay nan koud rad, kidonk nan endistri tèkstil. E dat 8 mas la makònnen ak lit ouvriyè nan endistri tèkstil. Malgre sa, anpil nan nou pa konnen kote 8 mas la sòti.

Depi 1975, ONI deside 8 mas se jounen entènasyonal fanm. Kidonk, jounen entènasyonal tout fanm sou latè. ONI bay fanm yon jou menm jan gen yon jou pou sante, gen yon jou pou alfabetizasyon, andikape... Men ki sa sa vle di?

An jeneral, klas ouvriyè a, mas travayè yo BATAY. BATAY yo gen de dat enpòtans ki parèt ladan yo. Dat sa yo toujou gen yon gwo sans e yo kontinye fè pati BATAY travayè yo, klas ouvriyè a. Nou ka sonje premye me.

An jeneral tou, devan realite sa a, klas dominan yo, boujwazi a onivo entènasyonal, konn fin pa rekonèt dat yo; men yo tou defòme yo, sa vle di: yo wete tout nanm ki nan dat sa yo, fè yo pèdi vre sans yo e WETE YO NAN LOJIK BATAY LA. Yo fè li pou premye me, yo vin rele li jounen entènasyonal travay. Yo fè li pou 8 mas tou. Kidonk, lit ki mennen kont dominasyon fanm sou latè fòse yo bay dat la, men yo deleye li nèt ale.

KI KOTE 8 MAS LA SOTI?

8 mas la se yon dat istorik! 8 mas 1908, se dat boujwa NAN VIL CHIKAGO OZETAZINI METE DIFE NAN YON IZIN TEKSTIL KOTE PLIS PASE 1000 OUVRIYE T AP TRAVAY. 120 ladan yo mouri. Ouvriye sa yo te travay nan izin tèkstil sa a. Kondisyon yo pat bon ditou. Anfèt se te yon reyèl prizon e ouvriye yo tap lite kont jounen travay ki te twò long. Ouvriye sa yo pat tèt bese. Se te ouvriye ki te nan batay e se poutèt sa boujwa sa yo te mete dife, touye yon pakèt ouvriye. E anyen pa fèt devan katastwòf sa a a. Trajedi sa a montre jan kapitalism lan devlope sou kadav ouvriye.
Trajedi sa a vin mennen yon gwo mouvman solidarite onivo entènasyonal, gwo denonsyasyon sitiyasyon ouvriye yo. Se nan kad mouvman sa a, nan peyi ALMAY, yon fanm vanyan revolisyonè ki tap goumen pou reyalizasyon enterè klas ouvriyè a, KLARA ZETKIN, te vini ak pwopozisyon pou fè 8 mas la vin jou entènasyonal fanm. Se FANM OUVRIYÈZ KI VIN AK KESYON AN, NAN KAD LIT KLAS OUVRIYÈ A. E anfèt, jounen entènasyonal fanm lan, se te JOUNEN ENTÈNASYONAL FANM TRAVAYÈZ, ANPATIKILYE OUVRIYÈZ.

Se te yon jounen menm jan ak PREMYE ME. Yon jounen BATAY kont sitiyasyon fanm travayèz yo ap sibi sou tè a. Se te yon jounen BATAY pou defann dwa fanm travayèz yo: batay pou yo touche menm kalite salè ak gason pou menm travay la, batay kont tizonnay (asèlman) y ap fè sou yo nan travay yo, batay kont lefèt se yo ki, apre travay, blije al travay nan kay, se yo pou kont yo ki pou okipe ti moun.

Avek evolisyon lit klas ouvriyè a, gwo bak ki vin fèt patikilyèman nan dezyèm mwatye ventyèm syèk la, jounen entènasyonal fanm lan komanse pèdi vre sans li e vin tounen jounen tout fanm. BATAY la vin dekonekte ak BATAY klas ouvriyè a pou li transfòme lavi li nèt ale. Sa rive fèt tou paske dòt klas vin pran batay fanm yo an men.

Sèten sektè nan boujwazi liberal la ak nan ti boujwazi a, rantre nan batay la, e yo vin melanje tout fanm kòm si tout fanm te gen menm pwoblèm. Yo vin dekonekte batay pou dwa fanm ak BATAY pou chanje lavi travayè. E nan anpil batay, BATAY la vin yon BATAY pou libète sèks. Menm lè li pa rive jouk la, li vin yon batay anlè anlè ki pa konekte ak mas travayè yo, yon batay san pèspektiv klè, yon batay pèdi.

Se pa yon aza se ouvriye ki bay dat 8 mas la. Anfèt, jounen jodi TOUT BATAY POU EMANSIPASYON TRAVAYÈ BLIJE pati de enterè nou menm, klas ouvriyè a. Sa valab tou pou batay pou emansipasyon fanm yo. EMANSIPASYON KLAS OUVRIYÈ A BLIJE YON EMANSIPASYON TOTAL. SI SE PA SA, LI PAP EKZISTE. Emansipasyon klas ouvriyè a, se sèl emansipasyon ki mande, ki kòmande emansipasyon fanm yo tou.

8 mas: yo di se jounen entènasyonal fanm. ANN AYITI yo fete li kom si se te sa vre. Nan peryòd 8 mas la, òganizasyon fanm yo pwofite pou denonse divès abi fanm sibi nan sosyete yo, yo denonse de pwoblèm ki reyèl. Kidonk yo pote kontribisyon yo nan limit klas yo ladan li an, nan lit pou liberasyon fanm. Men 8 mas pou nou menm ouvriye, se dat ki raple nou FAKTORI-PRIZON yo kote si gen dife nou tout ap peri. Li raple nou esplwatasyon nou menm fanm ouvriyèz ap sibi, dominasyon anplis n ap sibi paske nou se fanm, kondisyon patikilye nap sibi esplwatasyon an. Li raple nou kapitalism lan bati sou kadav ouvriye. 8 mas pa dwe sèvi pou mete ouvriyèz Klasik Aparèl nan menm sak ak yon sousèdsan tankou madan Baya. Li pa dwe sèvi pou mete ouvriyèz CEE osnon Vetèks nan menm sak ak yon rapas reyaksyonè tankou Mari Bekè. Li pa ka sèvi pou mete ouvriyèz nimewo 20 Pak Endistriyèl nan menm sak ak Madan Ipolit. Nou dwe toujou klè madan Ipolit, madan Baya, Mari Bekè… yo tout se gwo lènmi nou. Menm sou kesyon fanm lan, nou pa gen anyen pou wè ak yo. Nou pa gen okenn batay ki ka mete nou sou menm bò. 8 mas se dat ki pou raple nou menm lwa ki nan Kòd Travay yo a ki konsène nou menm ouvriyèz, yo pa respekte li. 8 mas dwe raple nou menm ouvriyèz, gen lòt fanm travayèz ki yo menm tou domine nan sosyete a, kit se peyizan machann, ti atizan, divès anplwaye e sitou moun ki travay kay moun yo (bòn, lesivyè, rèstavèk...). Yo menm tou, kòm travayèz e kòm fanm, yo nan kanno. Emansipasyon yo mande inite kan pèp la, inite nan mitan fanm travayèz yo nan lit global yo e nan lit pou emansipasyon nou tout fanm travayèz. Sa mande nou pran responsabilite nou.

N ap sibi tout kalite imilyasyon nan izin yo, kèlkeswa travay n ap fè nou esplwate, imilye, oprime, domine 2 fwa. 8 mas se dat pou nou poze nesesite lit pou emansipasyon nou kòm travayè, kom ouvriye fanm. Sa mande lit kont sistèm ki ponn dominasyon n ap sibi a, lit nan mitan nou pou yon lòt konsepsyon fanm, yon lòt konsepsyon rapò gason ak fanm, yon lòt konsepsyon gason kote nou egal gason nan BATAY nou, nan travay nan kay. E gras a inite nan mitan nou, n ap rive konstwi nouvo sosyete a, sosyete san klas, san dominasyon, san dominasyon sou fanm.

VIV LIT KLAS OUVRIYÈ A!
VIV EMANSIPASYON FANM TRAVAYÈZ AK OUVRIYÈZ YO!

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]