user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Pou Yon Premye Me Rezistans !

category amerik santral / karayib | workplace struggles | news report author Thursday May 01, 2014 18:58author by Batay Ouvriye Report this post to the editors

Premye Me, se Jounen Entènasyonal Lit tout Travayè sou Latè pou komemore batay ki te mennen pou jounen travay 8 èdtan vin yon reyalite. Pou Premye Me 2014 la, divès òganizasyon sendikal, pwogresis ak popilè nan peyi a pran desizyon òganize ansanm yon mach pou nou di NON fas ak tout kalite desizyon ak pratik kont ouvriyèz/ouvriye, travayè domine yo anjeneral k ap pran nan peyi a. Fòk nou bay yon repons, fòk nou sispann reziyen nou. Kidonk, fòk nou REZISTE epi VANSE ak plis KONVIKSYON pou mennen batay kont sistèm peze souse k ap detwi diyite nou ak lespwa nou genyen pou yon lòt kalite sosyete. Jedi Premye Me 2014 apati 9 è di maten n ap òganize yon mach pou nou :
pwen_6.png

1) Di nou pa dakò ak desizyon 225 goud ki pran nan denye arete sou salè minimòm lan malgre gwo mobilizasyon ak sakrifis ouvriye yo te fè nan jounen mobilizasyon mwa desanm yo kote pa touche pou jou sa yo oswa yo pedi travay yo. Li klè pou noumenm ouvriye yo, travayè peyi a non sèlman pa gen reprezantan nan Konsèy Siperyè Salè a men tou gouvènman MEPRIZE yo tankou chen ;

2) Denonse destriksyon lavi ti peyizan yo nan pran tè yo pou swadizan de pwojè envestisman tankou touris, agwo biznis ak zòn franch pandan pwodiksyon agrikòl peyi a ap diminye, n ap konsome plis pwodyi ki sòti nan lòt peyi epi lavi ap vin pi chè. Lavichè k ap souse tout ti resous nou rive genyen anba gwo jefò ;

3) Di li lè, li tan pou Minista fè pakèt li. ABA Okipasyon !

4) Fè solidarite ak enplwaye ONA k ap lite kont pratik abitrè, abi otorite direktè jeneral la. Fòk li ale, li pa gen okenn moralite ni kredibilite ankò pou dirije enstitisyon kote travayè ap kotize pou yo jwenn pansyon yo lè yo pa kapab travay ankò ;

5) Mande pou travay refont kòd travay la relanse pou travayè yo jwenn pwoteksyon ak respè nan lyed travay yo ; Ann mare fòs nou, inifye tèt nou pou kontinye batay pou defans enterè nou pi rèd. Mach la ap kòmanse devan Pak Endistriyèl Sonapi/ pranWout Ayewopò/rive devan Ministè afè Sosyal pou li abouti devan Moniman Desalin la sou Channmas. Premye Me 2014, nou pap rete ap gade, N AP PATISIPE NAN MACH LA, N AP ANGAJE NOU PLIS NAN LIT POU CHANJMAN LAVI NOU ! E POU SA FÈT FÒK NOU REZISTE ! PREMYE 2014 DWE YON PREMYE ME REZISTANS !

SENDIKA OUVRIYE TEKSTIL AK ABIMAN (SOTA-BO)

Sendika Ouvriye Tekstil ak Abiman – Batay Ouvriye (SOTA-BO)

29 avril 2014

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]