|
Recent articles by Batay Ouvriye
Call for Solidarity: Demand Reinstatement of Union Organizer in Haiti! May 18 16 Luisa Capetillo: Από τις κυ ... Aug 27 15 Entevansyon KOSIT![]() ![]() ![]() ![]() N ap salye tout jounalis nan laprès pale, ekri ak televize ki vin kouvri konferans pou laprès Kolektif Sendikal Izin Tekstil (KOSIT) ap fè jodia. Kòm nou te konnen déjà, KOSIT se yon regwoupman ki te fòme ak 4 òganizasyon : CNOHA (Santral Nasyonal Ouvriye Ayisyen) CFOH(Konfederasyon Fos Ouvriye Ayisyen, ESPM-BO(Entè sendikal Premye Me/Batay Ouvriye) ak CATH(Santral Otonòm Travayè Ayisyen). Men jodia, devan pratik trayizyon Fignole ST CYR, reprezantan CATH la fè nan Konsèy Siperyè Salè ak pozisyon ki ale kont enterè ouvriye sektè soutretans yo ak travayè yo an jeneral nan defann pozisyon sektè patwonal la, nou menm , nou pran desisyon pou radye li de regwoupman KOSIT la. Nou pa rekonèt Fignole ST Cyr kòm reprezantan travayè yo nan Konsèy la. Pou nou menm, Fignole St Cyr kòm ajan patwon yo, li pa ka kontinye reprezante travayè nan CSS la. Fòk oganizasyon sendikal yo ranplase l touswit. Li trayi kòz travayè peyi Dayiti. Depi 29 novanm 2013, CSS la te vini ak rekòmandasyon 225 goud la pou ouvriye nan faktori yo. Gwo mobilizasyon fèt pou pwoteste kont desizyon CSS la, men ni CSS, ni okenn enstans nan leta a pa bay yon repons a demand ouvriye yo epi ni ekzekitif la pa pibliye okenn arête sou salè minimòm pou ane fiskal 2013-14 la. Sa vle di, nou nan yon sitiyasyon ki flou. Travayè yo pa konnen kote yo gad nan kalide vid sa a genyen bò enstans etatik yo. Se menm vye 200 goud la ouvriye ak travayè yo ap kontinye touche alòske depi premye oktòb 2013 salè minimòm lan te dwe fikse.
KOLEKTIT SENDIKAL IZIN TEKSTIL (KOSIT) 28 JANVYE 2014
|
Front pageSupport Sudanese anarchists in exile Joint Statement of European Anarchist Organizations International anarchist call for solidarity: Earthquake in Turkey, Syria and Kurdistan Elements of Anarchist Theory and Strategy 19 de Julio: Cuando el pueblo se levanta, escribe la historia International anarchist solidarity against Turkish state repression Declaración Anarquista Internacional por el Primero de Mayo, 2022 Le vieux monde opprime les femmes et les minorités de genre. Leur force le détruira ! Against Militarism and War: For self-organised struggle and social revolution Declaração anarquista internacional sobre a pandemia da Covid-19 Anarchist Theory and History in Global Perspective Capitalism, Anti-Capitalism and Popular Organisation [Booklet] Reflexiones sobre la situación de Afganistán South Africa: Historic rupture or warring brothers again? Death or Renewal: Is the Climate Crisis the Final Crisis? Gleichheit und Freiheit stehen nicht zur Debatte! Contre la guerre au Kurdistan irakien, contre la traîtrise du PDK Meurtre de Clément Méric : l’enjeu politique du procès en appel Comunicado sobre el Paro Nacional y las Jornadas de Protesta en Colombia |