Benutzereinstellungen

Neue Veranstaltungshinweise

Amerik Santral / Karayib

Es wurden keine neuen Veranstaltungshinweise in der letzten Woche veröffentlicht

Kommende Veranstaltungen

Amerik Santral / Karayib | Workplace struggles

Keine kommenden Veranstaltungen veröffentlicht

Manif ouv sou SM

category amerik santral / karayib | workplace struggles | news report author Thursday December 12, 2013 18:16author by Batay Ouvriye Report this post to the editors

Se san ezitasyon tout ouvriye ak ouvriyèz faktori nan Sonapi ak sou wout ayewopò a lese travay yo pou reponn ak apèl kòdinasyon sendika ki nan tekstil ak abiman nan Pòtoprens. E se an plizyè milye yo pran lari epi desann devan palman an.
img_1069.jpg

Apèl la, ki te distribye nan jounen lendi a, nan anèks la.

Soti devan Sonapi, lonje wout ayewopò a, sou pis la, rantre nan Bèlè, travèse anba lavil, pou teri devan palman an...
Repòtaj foto a nan anèks la tou.

Devan palman an, prensipal responsab kòdinasyon an, ki se kòdonatè jeneral Sota a, Télémaque, louvri pawòl la, kote prezidan sena a, D. S. Deras syiv, pou fini ak reprezantan depite yo, A. Bellizaire. Diferan palmantè yo montre apyi yo ak lit ouviye ak ouvriyèz nan tekstil la k ap revandike 500 goud ak akonpayman.

Inite klas ouvriyè a te trè solid nan okazyon an, jouk li rive rejete devyasyon sèten politisyen ki te soti pou kapitalize sou mobilizasyon an, menm si apyi yo sèten.

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch

Amerik Santral / Karayib | Workplace struggles | News Report | ht

Sat 20 Apr, 03:41

browse text browse image

pwen_6.png imagePou Yon Premye Me Rezistans ! 18:58 Thu 01 May by Batay Ouvriye 0 comments

Premye Me, se Jounen Entènasyonal Lit tout Travayè sou Latè pou komemore batay ki te mennen pou jounen travay 8 èdtan vin yon reyalite. Pou Premye Me 2014 la, divès òganizasyon sendikal, pwogresis ak popilè nan peyi a pran desizyon òganize ansanm yon mach pou nou di NON fas ak tout kalite desizyon ak pratik kont ouvriyèz/ouvriye, travayè domine yo anjeneral k ap pran nan peyi a. Fòk nou bay yon repons, fòk nou sispann reziyen nou. Kidonk, fòk nou REZISTE epi VANSE ak plis KONVIKSYON pou mennen batay kont sistèm peze souse k ap detwi diyite nou ak lespwa nou genyen pou yon lòt kalite sosyete. Jedi Premye Me 2014 apati 9 è di maten n ap òganize yon mach pou nou :

ayiti_sweatshop.jpg imageMobilizasyon salè minimòm nan Pòtoprens 18:08 Thu 28 Nov by Kòdinasyon Sendikal Izin Tekstil 0 comments

Nan apremidi madi 26 novanm la, jan sa te anonse, manm Kòdinasyon Sendikal Izin Tekstil (KOSIT), pran lari nan Pòtoprens pou fè konnen pozisyon nou sou diskisyon k ap fèt nan Konsèy Siperyè Salè a. Vreman vre, se vandredi 29 novanm pwochen Konsèy la gen pou bay dizon li ni sou salè minimòm la, ni sou ki jan alapyès la dwe konfòme l tou.

premyeme.jpeg imageAyiti, Aktivite Premye Me 2012 21:34 Tue 15 May by Batay Ouvriye 0 comments

Aktivite PREMYE ME 2012 la te fèt jan nou te prevwa a. Nan Okap,anviwon 500 ouvriye, ouvriyèz, travayè ak travayèz tout kalite ki soti nan izin, nan katye popilè, ansanm ak nan diferan òganizasyon alye te fè viwonn vil la, pase nan Bannann pou rive Vètyè. Nan yon mesaj lit ak mobilizasyon, manifestasyon an te pran fòm yon kòmando ajitasyon-pwopagann, ak bandwòl, afich, priz pawòl... “JISTIS SOSYAL”, “ABA OKIPASYON!”... “PREMYE ME SE KOMEMORASYON JOU LIT KLAS OUVRIYÈ A KONT PATWON!”, “TRAVAY WI, ESKLAVAY NON!”...

Sorry, no stories matched your search, maybe try again with different settings.

imageFòmasyon PLATFÒM SENDIKA IZIN TEKSTIL (PLASIT-BO) Apr 09 4 comments

Jou ki te 7 avril 2015 pase a, Sendika Batay Ouvriye nan Pòtoprens (SOTA), nan Wanament (SOKOWA ) ak nan Karakòl (SOVASHG), yo tout afilye nan Entèsendikal Premye Me – Batay Ouvriye (ESPM-BO), nan lokal POHDH la, lanse devan laprès PLATFÒM SENDIKA IZIN TEKSTIL (PLASIT-BO).

Sa fè plizyè mwa rapwochman ant diferan sendika yo ap fèt, dekwa pou yo ka ini fòs yo nan kad batay y ap mennen kont ekzaksyon patwon yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a. Jounen jodi a, Platfòm sa a se yon premye pa nan objektif kreye yon FEDERASYON sendika izin tekstil yo.

Tèks prezantasyon yo nan anèks la.

BATAY LA FENK KÒMANSE!

imageEntevansyon KOSIT Jan 30 0 comments

N ap salye tout jounalis nan laprès pale, ekri ak televize ki vin kouvri konferans pou laprès Kolektif Sendikal Izin Tekstil (KOSIT) ap fè jodia. Kòm nou te konnen déjà, KOSIT se yon regwoupman ki te fòme ak 4 òganizasyon : CNOHA (Santral Nasyonal Ouvriye Ayisyen) CFOH(Konfederasyon Fos Ouvriye Ayisyen, ESPM-BO(Entè sendikal Premye Me/Batay Ouvriye) ak CATH(Santral Otonòm Travayè Ayisyen). Men jodia, devan pratik trayizyon Fignole ST CYR, reprezantan CATH la fè nan Konsèy Siperyè Salè ak pozisyon ki ale kont enterè ouvriye sektè soutretans yo ak travayè yo an jeneral nan defann pozisyon sektè patwonal la, nou menm , nou pran desisyon pou radye li de regwoupman KOSIT la. Nou pa rekonèt Fignole ST Cyr kòm reprezantan travayè yo nan Konsèy la. Pou nou menm, Fignole St Cyr kòm ajan patwon yo, li pa ka kontinye reprezante travayè nan CSS la. Fòk oganizasyon sendikal yo ranplase l touswit. Li trayi kòz travayè peyi Dayiti.

imageViv Libetè Sendikal La Nan Peyi Dayiti Jul 03 (ESPM - BO) 0 comments

Kanmarad Ouvriye ak ouvriyèz

imageMobilizasyon premye me : Travay wi, esklavaj non! May 01 0 comments

Premye me, se jounen entènasyonal lit travayè.

imageAyiti, Premye Me 2012 Apr 30 0 comments

KAMARAD OUVRIYÈZ AK OUVRIYE!

more >>
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]