Manif ouv sou SM
amerik santral / karayib |
workplace struggles |
news report
Thursday December 12, 2013 18:16
by Batay Ouvriye

Se san ezitasyon tout ouvriye ak ouvriyèz faktori nan Sonapi ak sou wout ayewopò a lese travay yo pou reponn ak apèl kòdinasyon sendika ki nan tekstil ak abiman nan Pòtoprens. E se an plizyè milye yo pran lari epi desann devan palman an.
Apèl la, ki te distribye nan jounen lendi a, nan anèks la.
Soti devan Sonapi, lonje wout ayewopò a, sou pis la, rantre nan Bèlè, travèse anba lavil, pou teri devan palman an...
Repòtaj foto a nan anèks la tou.
Devan palman an, prensipal responsab kòdinasyon an, ki se kòdonatè jeneral Sota a, Télémaque, louvri pawòl la, kote prezidan sena a, D. S. Deras syiv, pou fini ak reprezantan depite yo, A. Bellizaire. Diferan palmantè yo montre apyi yo ak lit ouviye ak ouvriyèz nan tekstil la k ap revandike 500 goud ak akonpayman.
Inite klas ouvriyè a te trè solid nan okazyon an, jouk li rive rejete devyasyon sèten politisyen ki te soti pou kapitalize sou mobilizasyon an, menm si apyi yo sèten.
This page can be viewed in
English Italiano Deutsch