Benutzereinstellungen

Neue Veranstaltungshinweise

Amerik Santral / Karayib

Es wurden keine neuen Veranstaltungshinweise in der letzten Woche veröffentlicht

Kommende Veranstaltungen

Amerik Santral / Karayib | Workplace struggles

Keine kommenden Veranstaltungen veröffentlicht
Recent articles by Kòdinasyon Sendikal Izin Tekstil
This author has not submitted any other articles.
Recent Articles about Amerik Santral / Karayib Workplace struggles

Call for Solidarity: Demand Reinstatement of Union Organizer in Haiti! May 18 16 by Members of the Textile Factory Union Platform-Batay Ouvriye

Luisa Capetillo: Από τις κυ ... Aug 27 15 by Dmitri (translation)

Fòmasyon PLATFÒM SENDIKA IZIN TEKSTIL (PLASIT-BO) Apr 09 15 by Batay Ouvriye

Mobilizasyon salè minimòm nan Pòtoprens

category amerik santral / karayib | workplace struggles | news report author Thursday November 28, 2013 18:08author by Kòdinasyon Sendikal Izin Tekstil - KOSIT Report this post to the editors

500 goud! 500 goud! 500 GOUD!!!

Nan apremidi madi 26 novanm la, jan sa te anonse, manm Kòdinasyon Sendikal Izin Tekstil (KOSIT), pran lari nan Pòtoprens pou fè konnen pozisyon nou sou diskisyon k ap fèt nan Konsèy Siperyè Salè a. Vreman vre, se vandredi 29 novanm pwochen Konsèy la gen pou bay dizon li ni sou salè minimòm la, ni sou ki jan alapyès la dwe konfòme l tou.
ayiti_sweatshop.jpg


An giz yon mobilizasyon an mas, sa ki te piplis prevwa, se te yon fòm operasyon kòmando ki, yon fwa nou te reyini devan DHL la, nou kòmanse mache, demonstre banwòl, afich ak pankat nou yo, rele pozisyon nou sou 500 GOUD nou bezwen pou viv la ansanm ak tout akonpayman, epi distribye entèvansyon BO te prepare pou okazyon an.

Konsa, nou pase devan diferan izin ki lè sa a t ap fèmen pou jounen an, bay dizon nou epi distribye entèvansyon an.

Fò n di: pratikman tout ouvriye ak ouvriyèz yo te apiye klèman pozisyon KOSIT la pandan, tanzantan, yo te chante tou, montre apyi yo. Pandan manm ki te deziyen yo t ap ekri sou mi tout kote sa nou vle a: 500 goud! 500 goud! 500 GOUD !!!

Natirèlman, lapolis eseye bloke mach la, lapolis boujwa yo, lapolis ak kagoul (!), natirèlman.

Yo chache redyi mobilizasyon an sou twotwa, yo menm tire katouch lanmò yo anlè, men, devan rezistans ki tabli a, yo reziyen yo kite nou vanse.

Vreman vre, ouvriye ak ouvriyèz ki te prezan yo, ansanm ak diferan pwogresis ki te la tou, te mobilize ak tout detèminasyon yo. Se sa k pèmèt nou, chak fwa, remanbre epi kontinye vanse...

Jouk nou rive devan Pak Endistriyèl Sonapi a kote LAPAWÒL diferan ouvriye ak ouvriyèz delege yo simaye.

Simaye nan tout lari a, simaye nan mikwo tout medya yo. Pou kamarad ouvriye ak ouvriyèz yo an jeneral, pou tout travayè, pou tout pwogresis konsekan, pou tout kan pèp la: SE 500 GOUD NOU VLE! SE SÈL SA, ANSANM AK AKONPAYMAN NESESÈ YO, KI POU PÈMÈT NOU VIV NAN YON MINIMÒM!

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch

Amerik Santral / Karayib | Workplace struggles | News Report | ht

Tue 19 Mar, 16:05

browse text browse image

pwen_6.png imagePou Yon Premye Me Rezistans ! 18:58 Thu 01 May by Batay Ouvriye 0 comments

Premye Me, se Jounen Entènasyonal Lit tout Travayè sou Latè pou komemore batay ki te mennen pou jounen travay 8 èdtan vin yon reyalite. Pou Premye Me 2014 la, divès òganizasyon sendikal, pwogresis ak popilè nan peyi a pran desizyon òganize ansanm yon mach pou nou di NON fas ak tout kalite desizyon ak pratik kont ouvriyèz/ouvriye, travayè domine yo anjeneral k ap pran nan peyi a. Fòk nou bay yon repons, fòk nou sispann reziyen nou. Kidonk, fòk nou REZISTE epi VANSE ak plis KONVIKSYON pou mennen batay kont sistèm peze souse k ap detwi diyite nou ak lespwa nou genyen pou yon lòt kalite sosyete. Jedi Premye Me 2014 apati 9 è di maten n ap òganize yon mach pou nou :

img_1069.jpg imageManif ouv sou SM 18:16 Thu 12 Dec by Batay Ouvriye 0 comments

Se san ezitasyon tout ouvriye ak ouvriyèz faktori nan Sonapi ak sou wout ayewopò a lese travay yo pou reponn ak apèl kòdinasyon sendika ki nan tekstil ak abiman nan Pòtoprens. E se an plizyè milye yo pran lari epi desann devan palman an.

premyeme.jpeg imageAyiti, Aktivite Premye Me 2012 21:34 Tue 15 May by Batay Ouvriye 0 comments

Aktivite PREMYE ME 2012 la te fèt jan nou te prevwa a. Nan Okap,anviwon 500 ouvriye, ouvriyèz, travayè ak travayèz tout kalite ki soti nan izin, nan katye popilè, ansanm ak nan diferan òganizasyon alye te fè viwonn vil la, pase nan Bannann pou rive Vètyè. Nan yon mesaj lit ak mobilizasyon, manifestasyon an te pran fòm yon kòmando ajitasyon-pwopagann, ak bandwòl, afich, priz pawòl... “JISTIS SOSYAL”, “ABA OKIPASYON!”... “PREMYE ME SE KOMEMORASYON JOU LIT KLAS OUVRIYÈ A KONT PATWON!”, “TRAVAY WI, ESKLAVAY NON!”...

Sorry, no stories matched your search, maybe try again with different settings.

imageFòmasyon PLATFÒM SENDIKA IZIN TEKSTIL (PLASIT-BO) Apr 09 4 comments

Jou ki te 7 avril 2015 pase a, Sendika Batay Ouvriye nan Pòtoprens (SOTA), nan Wanament (SOKOWA ) ak nan Karakòl (SOVASHG), yo tout afilye nan Entèsendikal Premye Me – Batay Ouvriye (ESPM-BO), nan lokal POHDH la, lanse devan laprès PLATFÒM SENDIKA IZIN TEKSTIL (PLASIT-BO).

Sa fè plizyè mwa rapwochman ant diferan sendika yo ap fèt, dekwa pou yo ka ini fòs yo nan kad batay y ap mennen kont ekzaksyon patwon yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a. Jounen jodi a, Platfòm sa a se yon premye pa nan objektif kreye yon FEDERASYON sendika izin tekstil yo.

Tèks prezantasyon yo nan anèks la.

BATAY LA FENK KÒMANSE!

imageEntevansyon KOSIT Jan 30 0 comments

N ap salye tout jounalis nan laprès pale, ekri ak televize ki vin kouvri konferans pou laprès Kolektif Sendikal Izin Tekstil (KOSIT) ap fè jodia. Kòm nou te konnen déjà, KOSIT se yon regwoupman ki te fòme ak 4 òganizasyon : CNOHA (Santral Nasyonal Ouvriye Ayisyen) CFOH(Konfederasyon Fos Ouvriye Ayisyen, ESPM-BO(Entè sendikal Premye Me/Batay Ouvriye) ak CATH(Santral Otonòm Travayè Ayisyen). Men jodia, devan pratik trayizyon Fignole ST CYR, reprezantan CATH la fè nan Konsèy Siperyè Salè ak pozisyon ki ale kont enterè ouvriye sektè soutretans yo ak travayè yo an jeneral nan defann pozisyon sektè patwonal la, nou menm , nou pran desisyon pou radye li de regwoupman KOSIT la. Nou pa rekonèt Fignole ST Cyr kòm reprezantan travayè yo nan Konsèy la. Pou nou menm, Fignole St Cyr kòm ajan patwon yo, li pa ka kontinye reprezante travayè nan CSS la. Fòk oganizasyon sendikal yo ranplase l touswit. Li trayi kòz travayè peyi Dayiti.

imageViv Libetè Sendikal La Nan Peyi Dayiti Jul 03 (ESPM - BO) 0 comments

Kanmarad Ouvriye ak ouvriyèz

imageMobilizasyon premye me : Travay wi, esklavaj non! May 01 0 comments

Premye me, se jounen entènasyonal lit travayè.

imageAyiti, Premye Me 2012 Apr 30 0 comments

KAMARAD OUVRIYÈZ AK OUVRIYE!

more >>
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]