user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

MINISTA (MINUSTAH)= Kolera

category amerik santral / karayib | enperyalis / lagè | press release author Sunday October 27, 2013 22:52author by KOMODEVIK - MOVIK Report this post to the editors

Kolektif Mobilizasyon pou Dedomajman Viktim Kolera yo (KOMODEVIK) ak Moun Viktim Kolera yo (MOVIK) Nòt pou laprès, 15 oktòb 2013.
haiti_street_protest_kolera492_2.jpg

Kolektif Mobilizasyon Pou Dedomajman Viktim Kolera yo ak Mouvman Moun Viktim Kolera yo (MOVIK), salye batay pèp ayisyen an ap mennen nan peyi a ak nan dyaspora a, Pou mande fòs lokipasyon “MINISTA” rache manyòk li bay peyi a san pèdi tan ak dedomajman viktim yo. Batay pou MINISTA kite peyi a ak dedomajman viktim yo, se batay tout patriyòt konsekan, tout moun ki gen san Desalin nan venn yo. Se yon batay kont konze tout kalite, kont pwojè pou piye richès peyi a anba cha blende MINISTA kolera/kadejakè.

19 oktòb k ap vini la a, ap fè egzakteman 3 lane, depi fòs okipasyon kadejakè konwonpi a, lage yon epidemi kolera nan peyi a, ki deja touye plis pase 8 mil moun epi voye plis pase 800 mil lòt al kouche sou kabann lopital. Nan okazyon 3 lane sa a, Kolektif la ak MOVIK kwè li enpòtan pou yo fikse pozisyon yo yon lòt fwa ankò, sou zak MINISTA yo ak sou pozisyon mi fig mi rezen pouvwa Tèt kale a sou kesyon an.

Nan moman n ap pale a, epidemi an ap mache fè dega nan divès zòn nan peyi a (nodwès, latibonit, site solèy, elatriye). Pandan kolera a kontinye ap taye banda, otorite yo nan leta a, refize pran yon pozisyon aklè pou mande Nasyonzini dedomaje viktim yo. Olye sa fèt, nou konstate pouvwa Tèt kale a, menm jan ak Rene Preval, kontinye ap renouvle manda MINISTA san kè sote. Konsa, dirijan sa yo, kontinye ap asasinen Desalin, Chalmay Peral ak Benwa Batravil.

Koletif la ak MOVIK pran nòt sou dispozisyon pouvwa anplas la pran pou mete kanpe yon komisyon yo di ki la pou dechouke epidemi kolera a. Men nou kwè tou, demach la dwe ale pi lwen pase sa. Se nan sans sa a, n ap mande :

1) Pou ministè sante piblik pase lòd nan sistèm sante a, pou viktim kolera yo jwenn sètifika medikal

2) Pou leta ayisyen mete kanpe komisyon reklamasyon pou dedomajman viktim kolera yo, jan sa di nan paragraf 52-55-57 ak lòt ankò nan akò syèj 9 jiyè 2004 la

3) Pou peyi a ak viktim yo jwenn reparasyon

4) Pou MINISTA kite peyi a san pèdi tan, jan rezolisyon senatè yo mande l la

Pou kanpe dèyè revandikasyon sa yo, Kolektif la ak MOVIK ap òganize yon seri mobilizasyon k ap soti 15 pou rive 20 dawout 2013 la, sou tèm sou tèm : « Mizè ak kolera : 2 zèl yon menm malfini ». Konsa :

- Nan dat 15 oktòb, yon somasyon pral jwenn ministè sante piblik pou mande li pase lòd nan sistèm sante a, pou enstitisyon sante yo bay viktim yo sètifika medikal san okenn dilatwa

- Nan dat 16 oktòb, n ap òganize 2 konferans deba nan Solino ak nan Kafou, apati 3è nan apremidi sou tèm santral la

- Nan dat 17 oktòb, n ap òganize yon ekspozisyon foto sou zak MINISTA -kolera-kadekjakè, sou plas Desalin sou channmas, soti 10è nan maten pou bout 1nè nan apremidi.

- Nan dat 18 oktòb, yon manifestasyon ap soti nan Fò Nasyonal, desann devan Etnoloji, pase devan ministè sante piblik, pou al bout devan pakè pòtoprens nan bisantnè a, kote nou pral asiyen Leta ayisyen an Refere nan Tribinal Premye Enstans Pòtoprens, pou fòse li mete kanpe komisyon reparasyon pou viktim yo.

- Nan dat 19 ak 20 oktòb, rankont refleksyon ak echanj sou batay pou dedomajman viktim kolera yo ak Kolektif Nouyòk la, k ap prezan nan peyi a pou vin sipòte batay n ap mennen andedan peyi a.

Pandan n ap wete chapo nou devan sitin Batay Ouvriye Nò, MODOD ak Kolektif Nò sou eksplwatasyon min yo òganize nan vil Okap, lendi 14 oktòb la, Pandan n ap salye manifestasyon PREPLA ak TET KOLE prevwa fè nan Ti rivyè Latibonit kont MINISTA-Kolera-kadejakè ak dedomajman viktim kolera yo, nou envite tout popilasyon nan kat kwen peyi a, leve kanpe pou fòse MINISTA-Kolera-kadejakè kite peyi a epi pou mande reparasyon pou viktim fòs okipasyon konwonpi a. Se nan sans sa a, n ap envite tout patriyòt konsekan, vin pote kole nan tout aktivite k ap fèt yo, sitou nan manifestasyon 18 la, k ap soti Fò Nasyonal pou al bout denan pakè potoprens, kote nou pral pote plent kont leta Ayisyen. N ap pwofite anonse nasyon an, nan dat 15 novanm, 3 jou anvan 18 novanm, Kolektif la ak MOVIK, ansanm ak plizyè avoka pral pote plent kont Nasyonzini, sou kesyon kolera a.

Pou Kolektif la : Guy NUMA

Pou MOVIK : Louines JOSEPH

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]