|
Recent articles by Kolektif Mobilizasyon Pou Dedomajman Viktim Kolera yo
This author has not submitted any other articles.
Recent Articles about Amerik Santral / Karayib Enperyalis / LagèDeclaración de la Federación Anarquista Uruguaya acerca de los sucesos... Aug 15 18 Hillary Clinton es responsable, en parte, del asesinato de Berta Cácer... Mar 12 16 Sobre la liberación de prisioneros y el restablecimiento de relaciones... Jan 01 15 Pozisyon Kolektif la sou demach pou renouvle manda MINISTA yon lòt fwa ankò![]() ![]() ![]() ![]() Nan moman kote bak peyi a preske chavire, otorite nan tèt peyi a ki santi yo konfòtab ak okipasyon an mete ak Nasyonzini, deside renouvle manda MINISTA pou yon lòt lane ankò. Pwosesis renouvèlman sa a rive nan yon kontèks kote peyi a ap plonje nan yon kriz san bout, kote kòripsyon fè de pou senk nan administrasyon leta a, nan ekip Martely-Lamohte la. Nou konstate pandan prezans fòs okipasyon an, zak vyolasyon dwa moun kontinye ap taye banda pirèd. MINISTA se youn nan prensipal vyolatè dwa moun ki gen nan peyi a. Se nan sans sa a, nou denonse ak tout fòs nou, konplo MINISTA ak otorite yo ap fè pou kraze plas REZISTANS nan Pòsali. Zak sa yo montre aklè, MINISTA ak pouvwa a ap konplote ansanm pou mete baboukèt sou libète piblik yo. Plizyè moun ki nan tèt leta a, gen non yo site nan anpil zak imoral, zak kòripsyon ak zak kriminèl. Menm prezidan repiblik la, ki eli nan eleksyon kominote entenasyonal la, eleksyon Bill Clinton ak MINISTA a, pifò moun nan peyi a pa konnen ni si li ayisyen, ni si li ameriken. Nan antouraj prezidan repiblik la, gen plizyè gwo palto ki gen non yo site nan zak kidnaping, komès dwòg ak anpil lòt move zak. Sa ki pi grav, moun sa yo nan tout koulwa ap pran lapawòl, pran desizyon oubyen « dyaloge » nan non pouvwa kale tèt la. Arestasyon yon depite an fonksyon, Lanmò sispèk jij Jean Serge JOSEPH ki t ap mennen ankèt sou fanmi prezidan an pou dwèt long siperyè, divès zak pèsekisyon politik tankou tantativ arestasyon avoka ki sou dosye kòripsyon Sofia ak Olilivier Martely a, arestasyon Josue Florestal ak Enold Florestal ki te pote plent kont fanmi prezidan an epi bri k ap kouri pou kraze palman an, se yon seri siy ki montre aklè, gen yon machin diktati k ap deplòtonnen vitès li sou tèt peyi nou an. Li lè pou nou reveye nan dòmi pou bare wout okipasyon an ak konstriksyon dikatati a. Eske gen rezon pou renouvle manda MINISTA nan peyi a ? |
Front pageJoint Statement of European Anarchist Organizations International anarchist call for solidarity: Earthquake in Turkey, Syria and Kurdistan Elements of Anarchist Theory and Strategy 19 de Julio: Cuando el pueblo se levanta, escribe la historia International anarchist solidarity against Turkish state repression Declaración Anarquista Internacional por el Primero de Mayo, 2022 Le vieux monde opprime les femmes et les minorités de genre. Leur force le détruira ! Against Militarism and War: For self-organised struggle and social revolution Declaração anarquista internacional sobre a pandemia da Covid-19 Anarchist Theory and History in Global Perspective Capitalism, Anti-Capitalism and Popular Organisation [Booklet] Reflexiones sobre la situación de Afganistán South Africa: Historic rupture or warring brothers again? Death or Renewal: Is the Climate Crisis the Final Crisis? Gleichheit und Freiheit stehen nicht zur Debatte! Contre la guerre au Kurdistan irakien, contre la traîtrise du PDK Meurtre de Clément Méric : l’enjeu politique du procès en appel Comunicado sobre el Paro Nacional y las Jornadas de Protesta en Colombia |