Benutzereinstellungen

Neue Veranstaltungshinweise

Amerik Santral / Karayib

Es wurden keine neuen Veranstaltungshinweise in der letzten Woche veröffentlicht

Kommende Veranstaltungen

Amerik Santral / Karayib | Enperyalis / Lagè

Keine kommenden Veranstaltungen veröffentlicht

Zefè Tribal : MINUSTAH, yon danje motèl pou Ayiti

category amerik santral / karayib | enperyalis / lagè | non-anarchist press author Tuesday October 30, 2012 19:10author by Willem Romeus - AlterPresse Report this post to the editors

Tèks sa a vin jwenn AlterPresse 24 oktòb 2012

Antanke sitwayen ayisyen ki renmen peyi li, mwen pa asepte ditou prezans MINUSTAH an Ayiti. Plis lane ap pase, plis lendiyasyon ap monte nan kè mwen, nan tèt mwen, devan lokipasyon degize sa a k’ap kouri sou uit lane. Jodi a, MINUSTAH se yon gwo malè pandye, yon menas pou egzistans peyi a. Men pou ki rezon.

Chèf MINUSTAH a, pòtpawòl MINUSTAH ak sipòtè MINUSTAH yo, depi yo pran lapawòl, yo tonbe chante yo mete estabilite nan peyi a. Ki vle di: Ayiti gen enstitisyon sosyal, politik, ekonomik k ap fonksyone komsadwa. Ayiti se yon kote dyalòg ap mache, diskisyon ap fèt bò tab pou Demokrasi vanse, pou ekonomi fè kwasans, pou esklisyon kaba, pou lapè chita sou baz solid.

Tousa se manti. Tousa se pwopagann, koze lamayòt. Depi ki lè yon peyi ki ap vale teren nan koripsyon, nan klasman lamizè, nan lesefrape ensekirite te konnen pote kouwòn chanpyon nan konstriksyon demokrasi ? Alòske lavichè ap vire lòlòj pèp la, alòske kondisyon lavi ap degrengole, gason kou fanm pa wè ni devan ni dèyè, MINUSTAH pran twonpèt li pou klewonnen: bagay yo chanje!, Ayiti gen bonjan enstitisyon!

Kanta sa, se sa! Ayiti sitèlman estab ke Peyi Zanmi yo, nan vitrin komès yo, nan Wèbsayt ofisyèl yo, yo di envestisè, òmdafè peyi yo : pa ale an Ayiti!

Annou di pawòl la klè: depi ki lè yon peyi ki sou chapit 7 Konsèy Sekirite NasyonZini, ki vle di, yon peyi yo konsidere tankou yon menas, yon danje pou lapè, jan yo abiye Ayiti a, te ka atire invèstisè ak omdafè?

Wè pa wè, MINUSTAH se yon izin manti. Sa fè uit lane Ayiti ap debat nan manti. Men chak jou jwèt la ap tounen yon kwochèt malè, yon danje mòtèl pou Ayiti. Kwochèt sa a, se sa mwen rele Zefè Tribal la. Li se pitit taktik ak estrateji entèpozisyon NasyonZini mete kanpe pou destabilize Ayiti menmjan li destakilize tout peyi kote li pase. MINUSTAH-NasyonZini fòje zouti mannèv li rele Fòs Entèpozisyon an nan lane 45-50, apre dezyèm gè mondyal la. Li foubi li nan lane 60-65, nan peyòd dekolonizasyon Lafrik. Fòs Entèpozityon an ta la pou anpeche lagè fèt oubyen pou pa kite lagè devlope.

An 2004, eske Ayiti te nan lagè ? Eske gen lagè jodi a an Ayiti. Men, sa MINUSTAH ap tann pou li ale an Kolonbi ? Pouki sa MINUSTAH pa te ale fè entèpozisyon nan Kiba, Gwatemala, Brezil, Panama, Nikaragwa ak anpil lot kote latwoublay polotik te mete sitwayen yo fas a fas nan batay politik ?

Komkwa, tout batay pa lagè, men sèl batay an Ayiti pote non lagè. Epi tout batay ki mete nèg fas a fas se lagè tribal ? Konsa, MINUSTAH-NasyonZini debake an Ayiti pou enstale fòs entèpozisyon nan mitan tribi kap fè lagè.

Listwa di konbyen larivyè san fòs entèpozisyon sa a fè koule an Afrik, konbyen milyon Kongolè ak Rwanndè li mennen anba tè. Jenosid, se non yo bay machin lanmò NasyonZini ap pilote a. Se machin sa a MINUSTAH ap woule, lè li trase plizyè fwontyè nan peyi a, pou separe geto ak katye rezidansyèl, katye rich ak katye pòv, anwo lavil ak anba lavil, Petyonvil ak Pòtoprens, gouvènan ak gouvène, gouvènman ak lopozisyon, zòn vèt ak zòn wouj, zòn de non dwa ak zòn nòmal… Se zefè tribal la kap travay. MINUSTAH kanpe kazèn li kote li vle, li dekoupe peyi a jan li vle pou li fè kantite teritwa li vle. Tousa, nan yon peyi ki mezire 27750 kilomèt kare, kote lavi politik, kote pwoblèm politik pa mezire plis pase 7000 kilomèt kare.

Ak zefè tribal la MINUSTAH ap defèt inite kiltirèl ki fè Ayiti sa li ye a, yon peyi kote tout ayisyen, kit yo pòv kit yo rich, kit yo abite nan geto kit yo abite nan gwo katye, kit yo lòtbò kit yo nan peyi a, yo se ayisyen, pitit menm tè a.

Ak zefè tribal la MINUSTAH ap travay pou derasinen kilti nasyonal Ayiti a, pou li mete nan plas li yon kilti chaloska, kote lamizè ak esklisyon ap akouche resantiman ak entegris.

AYITI PA GEN LAGE. KOUPE FACHE PA DI LENMI. KOUPE FACHE PA DI MANDE LANMO, NI POU VWAZEN NI POU LAFANMI. E, jou bagay la mangonmen, jou laderezon menase, lang kreyòl la la, tanbou a la, 1804 la, Jean-Price Mars la, Jacques Roumain la, pou nan non Gran Mèt la, fè tout ayisyen sonje yo se frè.

Mannèv entèpozisyon an, zafè bati estabilite a, se dra pou kouvri, pou kache zefè tribal la. Ayiti se pitit Lafrik, li wè klè nan jwèt kwochèt la. Izin manti, izin echèk, izin jenosid, se sa MINUSTAH ye !

Ale, MINUSTAH, Ale silvouplè. Bon travay estabilite pou bonjan demokrasi, ayisyen ak ayisyèn a fè li.

Ale, MINUSTAH! Pa bliye ranmase jèm divizyon, kolera ak jenosid ou simen nan peyi a.

Ale, MINUSTAH! Isit, pa pouwa Lanperè Desalin, tout kretyen vivan se Ayisyen, tout kretyen vivan se Moun, kit yo nwè, kit yo jòn, kit yo blan.

MINUSTAH, ale silvouplè! Ou pa gen lizaj pou konprann Ayiti. Ou pa gen konprann pou ede Ayiti.

Verwandter Link: http://www.alterpresse.org/spip.php?article13611
This page can be viewed in
English Italiano Deutsch

Amerik Santral / Karayib | Enperyalis / Lagè | ht

Fri 19 Apr, 19:00

browse text browse image

haiti_street_protest_kolera492_2.jpg imageMINISTA (MINUSTAH)= Kolera 22:52 Sun 27 Oct by KOMODEVIK 0 comments

Kolektif Mobilizasyon pou Dedomajman Viktim Kolera yo (KOMODEVIK) ak Moun Viktim Kolera yo (MOVIK) Nòt pou laprès, 15 oktòb 2013.

haitiun.jpg imagePozisyon Kolektif la sou demach pou renouvle manda MINISTA yon lòt fwa ankò 19:47 Wed 04 Sep by Kolektif Mobilizasyon Pou Dedomajman Viktim Kolera yo 0 comments

Nan moman kote bak peyi a preske chavire, otorite nan tèt peyi a ki santi yo konfòtab ak okipasyon an mete ak Nasyonzini, deside renouvle manda MINISTA pou yon lòt lane ankò. Pwosesis renouvèlman sa a rive nan yon kontèks kote peyi a ap plonje nan yon kriz san bout, kote kòripsyon fè de pou senk nan administrasyon leta a, nan ekip Martely-Lamohte la. Nou konstate pandan prezans fòs okipasyon an, zak vyolasyon dwa moun kontinye ap taye banda pirèd. MINISTA se youn nan prensipal vyolatè dwa moun ki gen nan peyi a. Se nan sans sa a, nou denonse ak tout fòs nou, konplo MINISTA ak otorite yo ap fè pou kraze plas REZISTANS nan Pòsali. Zak sa yo montre aklè, MINISTA ak pouvwa a ap konplote ansanm pou mete baboukèt sou libète piblik yo. Plizyè moun ki nan tèt leta a, gen non yo site nan anpil zak imoral, zak kòripsyon ak zak kriminèl. Menm prezidan repiblik la, ki eli nan eleksyon kominote entenasyonal la, eleksyon Bill Clinton ak MINISTA a, pifò moun nan peyi a pa konnen ni si li ayisyen, ni si li ameriken. Nan antouraj prezidan repiblik la, gen plizyè gwo palto ki gen non yo site nan zak kidnaping, komès dwòg ak anpil lòt move zak. Sa ki pi grav, moun sa yo nan tout koulwa ap pran lapawòl, pran desizyon oubyen « dyaloge » nan non pouvwa kale tèt la. Arestasyon yon depite an fonksyon, Lanmò sispèk jij Jean Serge JOSEPH ki t ap mennen ankèt sou fanmi prezidan an pou dwèt long siperyè, divès zak pèsekisyon politik tankou tantativ arestasyon avoka ki sou dosye kòripsyon Sofia ak Olilivier Martely a, arestasyon Josue Florestal ak Enold Florestal ki te pote plent kont fanmi prezidan an epi bri k ap kouri pou kraze palman an, se yon seri siy ki montre aklè, gen yon machin diktati k ap deplòtonnen vitès li sou tèt peyi nou an. Li lè pou nou reveye nan dòmi pou bare wout okipasyon an ak konstriksyon dikatati a.

ayitimayday18.jpg imageAyiti: Sit-in 15 oktòb 2012 18:47 Thu 18 Oct by Batay Ouvriye 0 comments

Depi 8 lane deja, chak 15 oktòb, l ONI renouvle kontra MINISTA a, dekwa pou fòs politik ame sa a swadizan genyen yon “legalite” pou okipe peyi nou an.

Tout moun konnen ekzaksyon tout kalite, krim, vòl, vyòl ak represyon tribòbabò fòs lanmò sa yo simaye nan peyi a depi yo vini a. Tout moun viv imilyasyon fòs politik Minista yo blayi anwo dirijan “ayisyen” yo ansanm ak sou tout fòmasyon sosyal la an jeneral. Tout moun ka wè aklè tou, fòs sa yo pa vini vre pou “mete sekirite ak lapè nan peyi a” (si se te sa, nou ta pito di yo vini pou mete sa yo rele “lapè simityè” a), non: yo pito vini pou bay pwojè enpeyalis la sekirite! Vreman vre, se yo ki prensipal bakòp desizyon anbasad prensipal peyi enpeyalis yo - lò sila yo pa vini kareman ak pwòp fòs militè pa yo, tankou nou te ka wè aprè latètranble janvye 2010 la.

img_0001wb_2.jpg image19 oktòb: Aba Ministah-kolera! 22:48 Fri 21 Oct by Batay Ouvriye 0 comments

19 oktòb rive! Sa fè yon lane depi Minista vin pote kolera bay nou ! ABA MINISTA-KOLERA! Fòk tout viktim kolera jwenn bon jan dedomajman kòmsadwa! Men se pa kolera sèlman Minista pote bay nou kòm malè. Yo vòlè, yo vyole, yo piye, yo dechèpiye, yo touye nou, yo reprime nou san gade dèyè, yo imilye nou san rete, y ap viv byen anwo lajan y ap resevwa nan non nou, swadizan pou vin ede nou pandan se malè tou sèl y ap pote bay nou. ABA MINISTA!

pwen_2.png imageAyiti: Sou Grèv Lendi 9 Janvye 2006 la 21:38 Sun 08 Jan by BO 0 comments

Pou nou menm nan Batay Ouvriye, se yon apèl ki dirèkteman e ouvèteman kont enterè nou menm nan mas popilè yo. Nan solisyon y ap mande - e konstwi - a, grèv la se yon premye pa. Lòt la se kont nou l ap ye, etan done depi nan premye pa a, yo pa kenbe kont de vre nati ak vre fòm pwoblèm PA NOU nan kesyon ensekirite a. Vreman vre, pou rezoud pwoblèm gang yo, depi yo mitraye katye popilè yo an laj (yo ta ka menm mande lage de bonm alawonnbadè!), pwoblèm pa yo regle.

Sorry, no stories matched your search, maybe try again with different settings.

imageMINISTA (MINUSTAH)= Kolera Oct 27 MOVIK 0 comments

Kolektif Mobilizasyon pou Dedomajman Viktim Kolera yo (KOMODEVIK) ak Moun Viktim Kolera yo (MOVIK) Nòt pou laprès, 15 oktòb 2013.

imagePozisyon Kolektif la sou demach pou renouvle manda MINISTA yon lòt fwa ankò Sep 04 0 comments

Nan moman kote bak peyi a preske chavire, otorite nan tèt peyi a ki santi yo konfòtab ak okipasyon an mete ak Nasyonzini, deside renouvle manda MINISTA pou yon lòt lane ankò. Pwosesis renouvèlman sa a rive nan yon kontèks kote peyi a ap plonje nan yon kriz san bout, kote kòripsyon fè de pou senk nan administrasyon leta a, nan ekip Martely-Lamohte la. Nou konstate pandan prezans fòs okipasyon an, zak vyolasyon dwa moun kontinye ap taye banda pirèd. MINISTA se youn nan prensipal vyolatè dwa moun ki gen nan peyi a. Se nan sans sa a, nou denonse ak tout fòs nou, konplo MINISTA ak otorite yo ap fè pou kraze plas REZISTANS nan Pòsali. Zak sa yo montre aklè, MINISTA ak pouvwa a ap konplote ansanm pou mete baboukèt sou libète piblik yo. Plizyè moun ki nan tèt leta a, gen non yo site nan anpil zak imoral, zak kòripsyon ak zak kriminèl. Menm prezidan repiblik la, ki eli nan eleksyon kominote entenasyonal la, eleksyon Bill Clinton ak MINISTA a, pifò moun nan peyi a pa konnen ni si li ayisyen, ni si li ameriken. Nan antouraj prezidan repiblik la, gen plizyè gwo palto ki gen non yo site nan zak kidnaping, komès dwòg ak anpil lòt move zak. Sa ki pi grav, moun sa yo nan tout koulwa ap pran lapawòl, pran desizyon oubyen « dyaloge » nan non pouvwa kale tèt la. Arestasyon yon depite an fonksyon, Lanmò sispèk jij Jean Serge JOSEPH ki t ap mennen ankèt sou fanmi prezidan an pou dwèt long siperyè, divès zak pèsekisyon politik tankou tantativ arestasyon avoka ki sou dosye kòripsyon Sofia ak Olilivier Martely a, arestasyon Josue Florestal ak Enold Florestal ki te pote plent kont fanmi prezidan an epi bri k ap kouri pou kraze palman an, se yon seri siy ki montre aklè, gen yon machin diktati k ap deplòtonnen vitès li sou tèt peyi nou an. Li lè pou nou reveye nan dòmi pou bare wout okipasyon an ak konstriksyon dikatati a.

imageAyiti: Sou Grèv Lendi 9 Janvye 2006 la Jan 08 Batay Ouvriyé 0 comments

Pou nou menm nan Batay Ouvriye, se yon apèl ki dirèkteman e ouvèteman kont enterè nou menm nan mas popilè yo. Nan solisyon y ap mande - e konstwi - a, grèv la se yon premye pa. Lòt la se kont nou l ap ye, etan done depi nan premye pa a, yo pa kenbe kont de vre nati ak vre fòm pwoblèm PA NOU nan kesyon ensekirite a. Vreman vre, pou rezoud pwoblèm gang yo, depi yo mitraye katye popilè yo an laj (yo ta ka menm mande lage de bonm alawonnbadè!), pwoblèm pa yo regle.

© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]