Anarkismo.net     http://www.anarkismo.net

Pozisyon Kolektif la sou debakman tèt kale MINISTA fè nan Fakilte Syanszimèn

category amerik santral / karayib | enperyalis / lagè | non-anarchist press author Wednesday June 20, 2012 08:14author by Kolektif Mobilizasyon pou Dedomaje Viktim Kolera yoauthor email komodevik at yahoo dot frauthor phone 34070761 / 33105763 / 34006415

Lendi 18 jen 2012

Se ak anpil kòlè, kè kase ak endiyasyon, Kolektif Mobilizasyon pou Dedomaje Viktim Kolera yo aprann debakman tèt kale, gwo ponyèt MINISTA fè nan Fakilte Syanszimèn, jou ki te vandredi 15 jen ki sot pase a. Yon lòt fwa ankò, MINISTA kontinye montre tout moun ki pat vle kwè l, li se yon fòs okipasyon ak represyon. Kidonk, zafè konstitisyon, lalwa ak dwa pou pa vyole espas inivèsite a, se pawòl tafya pou MINISTA.

Apre divès zak represyon, kadejak MINISTA ap fè sou pèp la, ak kolera li lage pou touye moun nan kat kwen peyi a, fòs okipasyon an montre li pa deside fè bak sou zak gwo ponyèt li yo. Sèlman nan epidemi kolera a, MINISTA deja touye plis pase 7 mil moun epi kontamine plis pase 500 mil lòt. Entèvansyon gwo ponyèt Syanzimèn nan fèt nan yon moman kote pouvwa anplas la ap voye MINISTA al fè represyon sou popilasyon k ap reklame dwa yo nan sous Matla ak nan zòn Fwontyè a. N ap raple se pa premye fwa MINISTA fè debakman tèt kale, gwo ponyèt sa yo andedan inivèsite a.

- Nan dat 20 janvye 2009, jou prestasyon sèman prezidan ameriken an, sòlda MINISTA kolera yo debake nan ENARTS kote yo maspinen etidyan /atis DON Camelo
- 21 janvye 2009, yon jou apre, sòlda kolera yo debake nan Lekòl Nòmal Siperyè, kote yo maspinen Etidyan Jean Willy Belfleur, ki se yon manm UNNOH
- Nan dat 24 me 2010, MINISTA debake an gwo ponyèt nan Fakilte Etnoloji, yo arete epi maltrete etidyan Frantz Mathieu Junior
- Jou vandredi 15 jen 2012 la, se jou pa Fakilte Syanzimèn kote sòlda MINISTA debake vin agrese ak gwo zam lou, etidyan, pwofesè ak lòt moun ki t ap travay nan fakilte a

Ki lòt enstitisyon MINISTA pral atake demen? Eske se palman an ? Eske se medya yo? Eske se òganizasyon dwa moun yo ? Eske n ap chita tann MINISTA rive sou nou? Pou pita pa pi tris, li lè li tan pou nou leve kanpe.

Nou paka kontinye rete gade MINISTA k ap imilye nou, agrese nou epi touye nou swa ak represyon oubyen kolera. Li lè li tan pou nou montre nou gen diyite. Si pouvwa egzekitif la, boujwazi a ak palmantè yo ki nan tete lang ak MINISTA, pa gen ase diyite pou voye MINISTA ale, noumem k ap viktim anba MINISTA, nou dwe ranmase karaktè nou, pou nou voye fòs okipasyon an al fè wout li. Konsa, zansèt nou yo, anpatikilye, Desalin, Boukman, Sesil Fatima, Katrin Flon, Chalmay Peral ak Benwa Batravil, ap kontan wè gen fanm ak gason vanyan ki gen fyete ki ranmase diyite yo pou kontinye travay yo te kòmanse a. Se nan sans sa a, Kolektif la ap kontinye pran inisyativ epi kore tout mouvman leve kanpe ki dwe fèt nan jou k ap vini yo, pou anpeche dirijan konze yo renouvle manda MINISTA nan mwa oktòb k ap vini la a. Pa gen okenn lwa ni konstitisyon ki ka anpeche MINISTA kontinye imilye nou. Se sèl yon leve kanpe klas domine yo ak pwogresis konsekan ki ka voye MINISTA ale.

Viv yon Ayiti granmoun !
Aba MINISTA ! Aba okipasyon ! Aba tout kolon nwa ak kolon blan !

Pou Kolektif la

Jean Willy Belfleur
James Beltis
Siméon Wisly

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch

http://www.anarkismo.net/article/23189

Anarkismo.net is a international anarchist-communist news service