Neue VeranstaltungshinweiseEs wurden keine neuen Veranstaltungshinweise in der letzten Woche veröffentlicht Kommende VeranstaltungenAmerik Santral / Karayib | Workplace struggles Keine kommenden Veranstaltungen veröffentlicht
|
Recent articles by Batay Ouvriye
Call for Solidarity: Demand Reinstatement of Union Organizer in Haiti! May 18 16 Luisa Capetillo: Από τις κυ ... Aug 27 15 Ayiti, Premye Me 2012![]() ![]() ![]() ![]() KAMARAD OUVRIYÈZ AK OUVRIYE! PREMYE ME nou an pral rive! Ane 2012 la, gwo jou sa a pran nou nan yon sitiyasyon malouk kote lavi nou ap vin pi di chak jou, san nou pa wè ki kote sa ap mennen nou. Salè nou rete anplas, pandan lavichè ap monte bwa pi rèd. Patwon yo menm, y ap kontinye ogmante tarif san yo pa peye nou 250 goud lwa sou salè minimòm lan mande l la epi egzije nou lè siplemantè san yo pa peye l kòmsadwa, oubyen pa peye nou jou dimanch la malgre nou fe plis pase 48 èd tan travay pa semenn. Tout vyolasyon sa yo ap ogmante lespwatasyon an pi rèd pandan y ap mete presyon sou nou pou nou rann tout ji nou, pandan reprezantan patwon yo ap imilye nou san rete pandan n ap sibi dominasyon yo ak revokasyon abitrè pou ti krik ti krak. Kidonk, sitiyasypon nou malouk vre. Men li ka vin pi malouk toujou si nou annik rete ap gade! Boujwa yo ansanm ak palmantè tchoul yo vle fè pase yon lwa kote travay lannwit ap peye menm pri ak sa lajounen ! Se pral « Lwa Anakasis » la, yon senatè malpouwont ki deklare tèt li « pèp » soti pou pilonnen travayè nan avantaj boujwa tou sèl ! Pi rèd, sitiyasyon nou ka vin pi malouk toujou, si nou kontinye pran lalin pou fwomaj « otorite » ki vin la yo vle foure nan gagann nou toujou nan kesyon « bay travay » yo a. Paske se pou yon salè mizè y ap vin bay li, yon salè pwatrinè. Anfèt, se pa « bay y ap vin bay travay », se salè pwatrinè a envestisè yo ap vin benefisye! Kidonk lavi nou ap vin malouk anpil! E, jan nou kapab wè, li ka vin pi malouk toujou, si nou rete bra kwaze, si n ap dòmi, nou pa sou men nou.
VINI AN FOUL KAMARAD OUVRIYE, OUVRIYÈZ ! SE DWA NOU POU NOU GEN YON LAVI KI DIY ! VINI AN FOUL ! NAN JOU PREMYE ME SA A KI SE JOU PA NOU LI YE, POU KLAS OUVRIYÈ A MAKE PREZANS LI KÒM FÒS ANSANM AK TOUT ALYE LI YO! ANFAS DOMINASYON AK ESPLWATASYON PATWON YO, ANFAS PRATIK ABOLOTCHO PALMANTÈ SAN FIGI YO ! POU DWA DEMOKRATIK NOU, POU DWA DEMOKRATIK REYÈL TOUT PÈP LA ANSANM AK TOUT PWOGRESIS KONSEKAN N AP NAN LARI A! |
HauptseiteJoint Statement of European Anarchist Organizations International anarchist call for solidarity: Earthquake in Turkey, Syria and Kurdistan Elements of Anarchist Theory and Strategy 19 de Julio: Cuando el pueblo se levanta, escribe la historia International anarchist solidarity against Turkish state repression Declaración Anarquista Internacional por el Primero de Mayo, 2022 Le vieux monde opprime les femmes et les minorités de genre. Leur force le détruira ! Against Militarism and War: For self-organised struggle and social revolution Declaração anarquista internacional sobre a pandemia da Covid-19 Anarchist Theory and History in Global Perspective Capitalism, Anti-Capitalism and Popular Organisation [Booklet] Reflexiones sobre la situación de Afganistán South Africa: Historic rupture or warring brothers again? Death or Renewal: Is the Climate Crisis the Final Crisis? Gleichheit und Freiheit stehen nicht zur Debatte! Contre la guerre au Kurdistan irakien, contre la traîtrise du PDK Meurtre de Clément Méric : l’enjeu politique du procès en appel Comunicado sobre el Paro Nacional y las Jornadas de Protesta en Colombia Amerik Santral / Karayib | Workplace struggles | Press Release | ht Sat 03 Jun, 18:09 Jou ki te 7 avril 2015 pase a, Sendika Batay Ouvriye nan Pòtoprens (SOTA), nan Wanament (SOKOWA ) ak nan Karakòl (SOVASHG), yo tout afilye nan Entèsendikal Premye Me – Batay Ouvriye (ESPM-BO), nan lokal POHDH la, lanse devan laprès PLATFÒM SENDIKA IZIN TEKSTIL (PLASIT-BO). N ap salye tout jounalis nan laprès pale, ekri ak televize ki vin kouvri konferans pou laprès Kolektif Sendikal Izin Tekstil (KOSIT) ap fè jodia. Kòm nou te konnen déjà, KOSIT se yon regwoupman ki te fòme ak 4 òganizasyon : CNOHA (Santral Nasyonal Ouvriye Ayisyen) CFOH(Konfederasyon Fos Ouvriye Ayisyen, ESPM-BO(Entè sendikal Premye Me/Batay Ouvriye) ak CATH(Santral Otonòm Travayè Ayisyen). Men jodia, devan pratik trayizyon Fignole ST CYR, reprezantan CATH la fè nan Konsèy Siperyè Salè ak pozisyon ki ale kont enterè ouvriye sektè soutretans yo ak travayè yo an jeneral nan defann pozisyon sektè patwonal la, nou menm , nou pran desisyon pou radye li de regwoupman KOSIT la. Nou pa rekonèt Fignole ST Cyr kòm reprezantan travayè yo nan Konsèy la. Pou nou menm, Fignole St Cyr kòm ajan patwon yo, li pa ka kontinye reprezante travayè nan CSS la. Fòk oganizasyon sendikal yo ranplase l touswit. Li trayi kòz travayè peyi Dayiti. Kanmarad Ouvriye ak ouvriyèz Premye me, se jounen entènasyonal lit travayè. Nan jou ki swiv revokasyon 5 nan manm komite ekzekitif SOTA a, revokasyon ap kontinye pi rèd. Sorry, no stories matched your search, maybe try again with different settings.
Jou ki te 7 avril 2015 pase a, Sendika Batay Ouvriye nan Pòtoprens (SOTA), nan Wanament (SOKOWA ) ak nan Karakòl (SOVASHG), yo tout afilye nan Entèsendikal Premye Me – Batay Ouvriye (ESPM-BO), nan lokal POHDH la, lanse devan laprès PLATFÒM SENDIKA IZIN TEKSTIL (PLASIT-BO).
N ap salye tout jounalis nan laprès pale, ekri ak televize ki vin kouvri konferans pou laprès Kolektif Sendikal Izin Tekstil (KOSIT) ap fè jodia. Kòm nou te konnen déjà, KOSIT se yon regwoupman ki te fòme ak 4 òganizasyon : CNOHA (Santral Nasyonal Ouvriye Ayisyen) CFOH(Konfederasyon Fos Ouvriye Ayisyen, ESPM-BO(Entè sendikal Premye Me/Batay Ouvriye) ak CATH(Santral Otonòm Travayè Ayisyen). Men jodia, devan pratik trayizyon Fignole ST CYR, reprezantan CATH la fè nan Konsèy Siperyè Salè ak pozisyon ki ale kont enterè ouvriye sektè soutretans yo ak travayè yo an jeneral nan defann pozisyon sektè patwonal la, nou menm , nou pran desisyon pou radye li de regwoupman KOSIT la. Nou pa rekonèt Fignole ST Cyr kòm reprezantan travayè yo nan Konsèy la. Pou nou menm, Fignole St Cyr kòm ajan patwon yo, li pa ka kontinye reprezante travayè nan CSS la. Fòk oganizasyon sendikal yo ranplase l touswit. Li trayi kòz travayè peyi Dayiti.
Kanmarad Ouvriye ak ouvriyèz
Premye me, se jounen entènasyonal lit travayè.
Nan jou ki swiv revokasyon 5 nan manm komite ekzekitif SOTA a, revokasyon ap kontinye pi rèd. more >> |