user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Pèp Ayisyen laveni nou, nan men nou

category amerik santral / karayib | miscellaneous | non-anarchist press author Saturday August 28, 2010 19:16author by Nyrvah Florens Bruno Report this post to the editors

Tout sosyete ki avanse toujou gen pou bousol, lwa peyi yo e constitusyon peyi yo, ki se sèl limyè pou yo, e yo goumen pou fè respektel.

Si sosyete ya ta konpran ke enstitusyon peyi ya, pa ta respekte lwa peyi yo, fok yo leve kanpe e mande pou responsab la ale.

Men nan lakou peyi pa nou, li diferan, nou sèvi avek li sèlman lè li fè zafè nou, se plis jijeman ak enterè nou ki ranplase, loi ki etabli yo, ki pou menen sosiete ya.

Nan chemen sa, nou pap jam gen yon sosyete jis nap toujou genyen a de pwa de mezi.

Lè etidian yo te kanpe yo tap reklame nan men dirijan peyi, ya pou li te rekonèt yo, nan dwa yo, vwa yo pat tande, dwa yo te bafwe, yo pat gen ed, yo te kaziman poukonte yo.

Nou pat wè gran nèg nan sosyete sivil vini ede yo, an fèt yo te pase ak tout revandikasyon yo, tankou yon jenes ki amoral, ki ap kraze brize.

Violans sa ki te akonpagne mouveman sa, se sèl fason yo te genyen pou yo te di yo la, se te yon kri li te ye. vi ke yo te poukont yo, lot sectè nan sosiete ya pat avek yo na revandikasyion dwa yo. yo te fèb e sa te okasyione ke dirijan leta ak lot yo, trenen yo tankou vagabond kap fè dezod.

konsa ou wè solda etranje tonbe nan leve men sou yo, arete yo nan etabliseman lekol yo, kraze ordinatè yo, bouskile yo, bat yo.

Bagay sila se sèl nan lakou Ayiti ke ou ka wè sa. Li posib paske nou pa gen yon sosiete de lwa.

Sosyete de lwa se pa gouvèneman ou chef peyi ki pou bawou li, se sosyete ya ki dwe pran.

men pou li pran fok li ini nan lwa e konsitisyon peyi l, Yon sèl prensip.

Tout otan nou ap pèmèt ke jigman ranplase lwa, nou ap toujou sou diktati,

Ayiti pa gen anyen de demokrasi ladan, paske demokrasi di respekte lwa e règ etabli sou pen ke jistis frapew. Pèson pa en ho lwa yon sosyete.

Problèm peyi ya se ke moun yo fè sa yo vle. Tout se lwa

Yon sèl vwa ke sosyete ya dwe genyen jodia, vwa enstitutionel la, se tout ki sa konstitisyion an di, se tout, san konsiderasyion.

Lè gen arestasyon etidyan ki tap mande pou yo bay yo profesè pou enstwi yo, pou pri lekol bese, pou tout ti moun dwe ale lekol, dwa yo pa tande paske se pa yon sosyete ki gen anyen de demokrasi.

Vwa demokrasi ya se nan pèp sa li soti, respekte lwa nou yo e fè yo respektel, ansam nou ka fè l, sispan fè maryionèt pou moun.

Lè moun kap travay nan leta, ap konte 6 mwa san touche e sa ki di sipèriè yo touche, e salè yo dèfwa ka peye plisiè anploye. Li fè mal se pa demokrasi

pa kite moun jwe avek nou an nou respé lwa nou, pou sosiete a ka mache.

Pou nou gen yon sosyete jis, se pou nou apran respekte lwa peyi ya, si lwa pa bon , si li fè tô a sosyete ya chanje l , men tout o tan se lwa li ye, se respekte l.

Lè nou manifeste, nou pa gen vwa, nou pa gen lwa avek nou, tout sa nou genyen se endiferans apk prejije.

Paske yo rive fè anpil nan nou tankou yon toupi, manipile n.

lwa pa konen sa ki rele prejije, li pou tout moun, pa pran nan pièj sa. Si ou nan prejije ou nan diktati.

Nou pat goumen pou nou te soti nan diktati an 1986 pou nou ladan an 2010.

Diskriminasyion demonte nou pak an pak, nou se yon pakèt ti pion ke yap bouje selon enterè lot, nou toujou rete grangou e san espwa pou pitit nou.

prejije, lide, pa ka ranplase lwa yon nasyon, nou pa gen rwayote lakay nou.

Lè nou di demokrasi, li vle di respè lwa

Pa gen angen moun kap banou dwa nou, se pran pou nou pran e se ansam nou ka fèl.

Bousol nou, se lwa nou, konstitusyion nou.

Revandike ansam, nan yon sèl vwa, se fos nou. konsa nap gen yon sosyete ki respekte

respè lwa se fos sosyete ya, se li ki pwotejel.

Se fos lwa ki la pou pwoteje sitoyen yo. Nou pa gen pou nou jije si li byen si li pa byen.

depi li la li dwe aplike, jan li ye ya. Si li pa bon fok li chanje, men tout tan li poko chanje, se li nou genyen.

Pa bliye baton ki bat chien nwa, se li ki bat chien blan.

Fos nou se nan linite, nan règleman lwa, ki se maman peyi ya, konstitusion nou.

Epi se sèl chans nou genyen pou nou goumen ak fos okipasyon sa, ki chita kol sou tèt nou.

Fos okipasyon an konen, ke jwèt la pa bon, men se sèl nan dezod sa yo jwen garanti yo e enterè yo, Otoritean plas yo, foule drapo nou, anba pye yo, chak jou bon Dye mete e bay yo pouvwa, yon fwa anko pou yo kraze sol lakay nou, bat pitit nou, imilye nou e nou pa gen sekou.

An nou pran desten nou an men.

Nou pap jwe jwèt sa, An nou goumen pou fè respecte lwa nou konstitisyon nou.

Pou nou pran kou sa, pou yo fèmen bouch nou anko, pou nou pa ka di anyen yo mete nan lwa electoral la li pa gen apel, ki vle di yo fè sa yo vle. e anplis yon lwa dijans ki retire dignite nou. Jou va jou vien. Si pitit kay pa van nou moun deho pa ka achetew.

Frèm ak sèm tande kat la nan men nou. an nou bare wout la

Nou se yon pèp vaillant nou kon pran kou se vre men nou toujou leve, nou pa kreten.


Jwèt la mare, li di tout bon , men dènye pion an se, nan men nou li ye.

An nou travay pou nou pa pran echek e mat

Viv Ayiti

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]