user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week
Search author name words: Batay Ouvriye

Batay Ouvriye: NÒT POU LAPRÈS

category amerik santral / karayib | repression / prisoners | other libertarian press author Thursday August 27, 2009 22:51author by Batay Ouvriye - BO Report this post to the editors

25 Out 2009

NÒT POU LAPRÈS

Nap denonse ak tout fòs nou kò sansasinay polisye Jean Eric Jean Baptiste fè sou Dalus Hetnord, etidyan Reto C, 24 an daj ki ta pral pran ekzamen nan jounen lendi 24 Out 2009 devan Kolèj Roussan Camille, Ri Capois, nan Pòtoprens. Lanmò Dalus Hetnord se konsekans britalite, enpinite ak nouvo fòm diktati Preval-Divivye-Pyèlwi pran nan peyi a.

Tout fòs reyaksyonè, tout jounal reyaksyonè, tèlke Le Nouvelliste nan peyi a, pran lage move lang sou etidyan yo nan defans fòs represif lapolis yo. Asasina Dalus Hetnord raple nou jan lapolis ak MINUSTAH tap tire epi lanse gaz lakrimojèn sou ouvriye ak etidyan ki tap manifeste e revandike tou resamman pou dwa demokratik yo sou kesyon refòm nan Inivèsite ak Salè Minimòm nan peyi a. Nou wè konsa se yon lagè tout reyaksyonè nan peyi a deklare kont Pèp Ayisyen an.

Polisye Jean Eric Jean Baptiste pa aji poukont li nan touye Dalus Hetnord a bou pòtan. Li fè pati yon kò ki ba li konsiy pou li ekzekite tout sa ki kanpe anfas li. Tou lòt jou la a, MINUSTAH touye yon jèn gason nan Laskawobas nan manifestasyon sou kesyon elektrisite pou zòn la. Konsa nou ka wè jounen jodi a, pa gen twòp diferans ak epòk Franswa Divalye, Janklod Pitit-tig-se-tig, lame kraze-zo a nan jan lapolis ak MINUSTAH ap maltrete Pèp Ayisyen an nan peyi a.

Jounen Jodi a, nou anfas yon diktati toutouni klas boujwa, klas pwopriyetè fonsye, gouvènman ak leta reyaksyonè anba benediksyon twoup etranje MINUSTAH kap toupizi Pèp Travayè a ke yo vle asèvi nan yon nouvo fòm Lesklavaj. Yo tout ansanm, yo deklare Pèp Ayisyen an lagè klèman.

Kifèla, nou rann nou kont jodi a gen 2 kan byen trase klè kou dlo kòk: Sou yon bò, gen kan boujwa yo ki gen tou Preval-Divivye-Pyèlwi, Palmantè tisousou, Lapolis, MINUSTAH, Pwopriyetè fonsye yo, ak tout aparèy leta a; sou yon lòt bò, gen KAN PÈP LA. Kan boujwa yo ap atake KAN PÈP la ak tout fòs vyolans ke yo dispoze jounen Jodi a.

Jounen jodi a, tout moun dwe chwazi KAN yo KLÈMAN. Nou menm nan Rezo Solidarite ak Batay Ouvriye nan NY, nou chwazi KAN NOU NAN KAN PÈP LA. Se pou sa nou nan batay pou denonse represyon sou Pèp Travayè a ak pitit li kap cheche yon ti ledikasyon nan peyi a.

ABA POLIS NASYONAL KRAZE-ZO A!
ABA MINUSTAH-ZAM-FANN FWA A!
ABA BOUJWA AK PWOPRIYETÈ FONSYE YO!
ABA GOUVÈNMAN PREVAL/DIVIVYE-PYÈLWI A!
ABA TOUT PALMANTÈ REYAKSYONÈ!
ABA TOUT REYAKSYONÈ NAN PEYI A!
ABA REPRESYON SOU TOUT FÒM ANN AYITI!
VIV REVANDIKASYON ETIDYAN YO!
VIV REVANDIKASYON OUVRIYE/TRAVAYÈ YO!
VIV BATAY OTONÒM KAN PÈP LA!

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]