Other Press
|
Recent articles by Komite Otonòm Pwogresis Ayisyen
Se twòp atò: Nou mande fòk okipasyon militè Nasyonzini an Ayiti a kab... Feb 13 12 Carta abierta al gobierno uruguayo por el retiro de las tropas de Hait... Feb 09 12 Carta abierta al gobierno argentino por el retiro de las tropas de Hai... Feb 09 12 Yon lot fwa ankò Preval ak gouvènman li-a, bay mas popilè yo koutba. amerik santral / karayib |
enperyalis / lagè |
feature
Monday April 21, 2008 21:09 by Komite Otonòm Pwogresis Ayisyen - KOPA Miyami
![]()
[...] Pou nou isit, se vre eksperyans Lavalas yo demobilize anpil nan nou. Men lavichè-a ak salè nou gen gwo efè sou vi nou. Nou nan yon peryòd elektoral kote anpil pwomès ap fèt. Nou dwe sèvi ak moman sa-yo pou nou patisipe nan konstwi òganizasyon kan pèp ameriken-a ke nou fè pati de li.
[ English ]Yon lot fwa ankò Preval ak gouvènman li-a, bay mas popilè yo koutbaYon lot fwa ankò Preval ak gouvènman li-a, bay mas popilè yo koutba. Li envite tèt li nan manifestasyon sou lavichè-a. Yo al chèche-l. Li rele fòs okipasyon yo (k-ap ranplase lame Ayiti) e polis nasyonal, ki louvri zam sou manifestan yo. Preval bliye anpil manifestan sa yo te leve granmaten al depoze bilten vòt pou li. Listwa gen pou jije-l pou sa e mas popilè yo gen pou ba li santans nesesè-a. Mas popilè yo pa fouti kenbe anba grangou koupe trip sa-a. Apre 2 lane yon LESPWA san pwovizyon, kan popilè-a ap leve kanpe e li vle solisyon kounye-a menm. Diskou Preval la montre klèman kouman li sòti pou pwoteje klas dominan yo: gwo komèsan yo, gwo kapitalis yo ki se premye responsab kriz ekonomik koryas sa-a k’ap travèse sosyete-a. Men tou se yo k’ap benefisye nan jan peyi-a ap mache-a. Depi 50 lane konsa, si se pa plis, nan kad politik neyoliberal yo-a, yo patisipe nan kraze ekonomi nasyonal la. Yo touye kochon nou yo. Ak èd Lavalasyen yo, yo mete, yon anbago sou peyi-a ki vin fè nou pi depandan toujou, pou jounnen jodi-a, lò poul pèpè dominiken malad, Ayiti nan ka. Yo enstale zòn franch sou bitasyon ki te ka kontribye anpil nan kore agrikilti peyi-a. Preval ak administrasyon li-a, sòti pou pwoteje klas dominan yo ki responsab peyi-a nan sitiyasyon li ye-a. Se yo ki kriminel. Se yo ki pa konn mizè men ki kite peyi-a ap depafini nan men yo paske sa nan avantaj yo. Preval li menm, sou Divalye yo ak sou ONG yo, te konn ap fè apèl pou nou leve kanpe. Jounnen jodi-a li kite nou deyè nan mizè-a. LI CHANJE KAN. E ansanm ak klas dominan yo, l-ap trete nou kriminèl paske nou oze kanpe, paske nou oze pran lari paske nou pa ka kenbe ankò anba grangou klowòks sa-a, e paske nou oze idantifye vrè kriminèl yo. Entèvansyon Preval la se tan l-ap achte pou klas dominan yo. Men li pa enterese ditou, rezoud anyen nan enterè mas popilè yo, menm yon tipwèlyèm. Sinon li ta monte salè minimom la. Li ta fè boujwa yo peye aryere, ki garanti nan konstitisyon-a depi 1987. Pwoblèm lavichè-a se yon flewo entènasyonal li ye. Yon pakèt lot frè ak sè nou nan dòt sosyete ap leve kanpe tou. Etazini li menm, lavichè-a ap frape pòt kay travayè yo. Semèn pase chofè k’ap transpòte machandiz yo te ralanti livrezon yo paske yo paka kenbe anko. Pri gaz, pri manje ap monte bwa. Anpil moun ap pèdi kay yo. Kapitalis la rantre nan yon kriz ki diminye woulman kapital finansye-a anpil. E li vin pi difisil jounnen jodi-a pou yo sòti nan kriz la. Tout mezi leta enperyalis la ap pran se pou depane kapitalis yo. Menm si eleksyon yo ka vin jwe yon wòl nan ralanti lit revandikatif yo, men yo tou pa gen solisyon ki ka pote rezilta ki ale nan enterè mas popilè ameriken yo. Men nou dwe devlope kapasite pa nou, pou nan kad eleksyon yo, pou vini ak pwòp revandikasyon otonòm nou. Kriz la entènasyonal e li nasyonal. Nou menm imigran ki nan kan pèp la, nou dwe patisipe nan travay pou konstwi altènatif pa nou. Se vre nou pwal antre nan lit sa-yo apati enterè klas nou. Kriz la ap jeneralize li e li pap kite pèson ki dominen ak eksplwate dèyè. Enterè klas nou pwal detèmine kouman nou pwal gade kriz ni isit Etazini ni ann Ayiti, pou sa ki kontinye rete konekte a peyi-a. Fas a Ayiti, tiboujwa yo, pwal kouri mande mezi ijans. Yo pwal kouri mande èd imanitè. Yo pwal kouri mande pou òganis entènasyonal yo voye manje pèpè yo nan peyi-a. Anfèt, pa ta dwe gen pwoblèm nan kad dezas natirèl pou yo ede mas popilè yo pran souf nan yon moman difisil. Men kriz Ayiti-a se yon kriz ekonomik ki se rezilta politik antinasyonal, antipopilè klas dominan yo. Mande èd san denonse klas dominan yo, san yo pa mete douvan revandikasyon popilè yo, san yo pa defini paramèt pou klas dominan yo fè fas a responsabilite yo, se depane e sèvi enterè klas dominan yo, objektivman. Pou nou, sou kote mezi ijans yo, mobilizasyon-an dwe kontinye. Fòk kan pèp la ranfòse òganizasyon li e kontinye idantifye e dekante yo fas a kan lenmi-a. Fòk yo pran endepadans yo e kenbe otonomi yo fas a tout politisyen opòtinis k’ap eseye fofile nan sen yo pou devye yo. Lit pou salè minimòm dwe kontinye, lit pou bese lavichè dwe pran chè nan peyi-a. Pou nou isit, se vre eksperyans Lavalas yo demobilize anpil nan nou. Men lavichè-a ak salè nou gen gwo efè sou vi nou. Nou nan yon peryòd elektoral kote anpil pwomès ap fèt. Nou dwe sèvi ak moman sa-yo pou nou patisipe nan konstwi òganizasyon kan pèp ameriken-a ke nou fè pati de li. Viv lit pèp travayè tou pa tou!
|
Front pageExigimos la presentación con vida de David Venegas Reyes Irã: prenúncio de mais uma invasão imperialista. Perú: Ollanta Humala y el gobierno nacionalista الأناركيون و الإشتراكيون الثوريون في مصر Which way forward for the 99%? A 10 años del levantamiento de diciembre de 2001 Los libertarios vuelven a la Federación de Estudiantes de la Universidad de Chile (FECH) Un paso adelante, ¿dos atrás? Balance político del 2011 en Colombia بيان تضامن التحرريين الأممين مع نضال شعب م Iran-Israel: non aux menaces de guerre de l’Etat israélien Να προχωρήσουμε ένα βήμα πιο πέρα Semana de Lucha (14-18 Nov) contra el Pacto Social y por la Huelga General A un año de la muerte de Georges Fontenis The Egyptian military council promotes sectarian strife and massacres protestors Build on the Anarchist and Revolutionary Potentialities of the Occupy Wall Street Movement. Intimidación Policial y Detención de 24 Compañeros en Oaxaca de Magón, México نداء من اجل ملتقى أممي في تونس 6 settembre, sciopero generale di lotta e indignazione Sobre el encuentro de Barrancabermeja: un paso adelante para el movimiento popular colombiano London burns - causes & consequences of the riots - an anarchist perspective Los libertarios y las Bases para un Acuerdo Social por la Educación Chilena Latest NewsAmerik Santral / Karayib | Enperyalis / Lagè | ht Tue 14 Feb, 03:51 Opinion and AnalysisSorry, no stories matched your search, maybe try again with different settings. Press Releases
|