|
Recent articles by Batay Ouvriye
Honduras: governo ilegítimo e regime autoritário civil Apr 25 18 Sou Siklonn Matyou Oct 18 16 Le retour du duvaliérisme en Haïti sous le manteau de la « réconciliat... Jan 13 14 Pozisyon (konplè) Batay Ouvriye sou eleksyon yo![]() ![]() ![]() ![]() Eleksyon ki sòt fèt yo montre nou klèman eleksyon pa yon solisyon pou peyi Dayiti. Nou ka di se pa premye fwa Batay Ouvriye ap denonse kalite eleksyon sa yo nan peyi a. Men, jodi a, nou wè aklè gagòt seri eleksyon ki sòt fèt yo montre nou se yon seleksyon politisyen reyaksyonè awogan ak arivis ki pran tèt aparèy leta. E li te previzib! Se te yon konpetisyon ant politisyen ak kolòn abolotcho epi granmanjè pou gade kiyès nan yo ki pwal dirije LETA a, nan enterè pa yo anvan, epi nan enterè tout rès klas dominan yo ak enpeyalis yo. E menm si pa t gen seleksyon, eleksyon yo t ap toujou fèt nan enterè klas dominan yo, pi patikilyèman boujwa yo, grandon yo ak patwon yo, enpeyalis yo. Li dwe klè pou nou, eleksyon, kit magouy ou pa, se youn nan pratik demokrasi boujwaz la pou rechaje diktati, espwatasyon ak dominasyon yo sou kan pèp la, sou do nou menm ouvriye ki sèvi kòm bourik. E se nati demokrasi pouvwa klas dominan yo ki fè sa. Li garanti yon akimilasyon kapitalis nan enterè klas dominan yo kit nan fè koripsyon, malvèzasyon ak nan fè tout kalite krim pou yo rete nan tèt leta nan enterè pa yo ak enperyalis yo. Eleksyon sa yo tou, se pou asire kontinyite dominasyon yo ak esplwatasyon yo ak fòm dominasyon enpeyalis sou titèl nou ye a, patikilyèman lè n gade wòl kò gwoup la ak divès branch Nasyon Zini tankou PNUD ak MINISTA jwe pou reyalizasyon yo. |
Front pageEl Rei està nu. La deriva autoritària de l’estat espanyol Es Ley por la Lucha de Las de Abajo Covid19 Değil Akp19 Yasakları: 14 Maddede Akp19 Krizi [Perú] Crónica de una vacancia anunciada o disputa interburguesa en Perú Nigeria and the Hope of the #EndSARS Protests Aλληλεγγύη στους 51 αντιφασίστες της Θεσσαλονίκης Women under lockdown all around the world Solidarity with the Struggle of North American People! A libertarian socialist view of the capitalist and health crisis in the Americas Para las Clases Populares del Mundo, Pandemia, Crisis, Todos los Tiempos son de Lucha Nossa Concepção De Feminismo Na Perspectiva Do Anarquismo Organizado Frente a la Pandemia Capitalista, Solidaridad entre los Pueblos La force des femmes change le monde The competition between Iran and United States over Iraq Beyond Pension Reforms: Interview on the General Strike in France Comunicado de lanzamiento de la Coordinación Anarquista Latinoamericana (CALA) |