user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

8 Mas 2014 – Jounen Entènasyonal Lit Pou Emansipasyon Fanm!

category amerik santral / karayib | gender | press release author Monday March 10, 2014 02:56author by Batay Ouvriye Report this post to the editors

8 mas, Jounen Entenasyonal Fanm, se yon jou pou komemore lit fanm yo te mennen pou emansipasyon oswa liberasyon yo kont opresyon dominasyon ak esplwatasyon ki nan sosyete yo. 8 mas, sòti nan batay ouvriyèz ak ouvriye te mennen nan kòmansman 20tyèm syèk Ozetazini ak an Ewòp la kont lesplwatasyon ak travay timoun epi pou pi bon kondisyon travay ak dwa pou yo vote. Se pa yon jounen pou fete fanm oswa pou fè bèl diskou oswa pou montre fanm ki reyisi paske y ap esplwate oswa dominen lot travayè, fanm kou gason. Kidonk, kontinye menm esplwatasyon ak opresyon ki nan sosyete yo.
haitiwomen.jpg

8 Mas, se yon jounen batay pour rache dwa, pou jistis blayi nan sosyete yo nan lemond. Se yon jou limanite chwazi pou fè sonje batay ki te mennen pou dwa fanm respekte, reflechi ak fè bilan sou lit k ap mennen jodi a epi vanse pou pi douvan. Lit pou fanm emansipe nan sosyete yo, se yon lit ki aktyèl akòz tout esplwatasyon, inegalite, diskriminasyon, opresyon, ak vyolans fanm yo ap sibi kit nan travay yo, kit lakay yo, oswa nan divès aktivite sosyal y ap mennen. Nan peyi nou, ak 76% popilasyon an ki pa rive fè 2 dola pa jou pou yo viv, li klè inegalite sosyal yo anraje. Sa vle di tou plis fanm nan mas popilè yo ap viv anba grangou, chomaj, malsite, ensekirite, vyolans ak absans kouvèti yon sistèm sekirite sosyal pou le yo malad oswa ansent ak lè yo nan laj granmoun yo.

Pou nou menm fanm ouvriyèz nan faktori yo, nou menm fanm peyizan, nou menm fanm komèsant, elatriye k ap travay di pou lavi pitit nou ak fanmi nou ka miyò, oswa pou yon lòt kalite sosyete kote gen yon leta ki rekonèt valè fòs travay nou tout bon vre, 8 mas se jou pa nou! Jounen jodi a, inegalite sosyal ki baze sou sèks, fè travayèz fanm yo touche salè ki pi ba pase travayè gason. Jenn fanm nan mas popilè yo gen mwens chans pou yo fini lekòl yo epi pou aprann yon metye. Se plis tifi, pitit ti peyizan pòv ki vin tounen restavèk nan vil yo. Epi se travayèz fanm yo ki plis sibi tizonnay seksyèl nan lyed travay yo. Se pou tout kalite diskriminasyon sa yo fanm ak tifi ap sibi nan peyi a ki fè nou dwe louvri je nou epi foure pye nou nan batay kont lesplwatasyon ak dominasyon kapitalis la ki ala baz kalite diskriminasyon ak opresyon fanm yo ap sibi jounen jodi a.

8 Mas 2014, dwe yon jou pou tout ouvriyèz ak ouvriye yo ansanm ak lòt travayè pouse yon gwo rèl pou mande Konsèy Siperyè Salè ak lòt responsab leta yo kisa y ap tann pou fikse salè minimòm peyi a? Plis pase 2 mwa pase san anyen pa di. Tout ouvriye, travayè divès sektè ekonomik peyi a dwe kanpe doubout pou nou di yo: Chyen grangou pa jwe ! N ap relanse mobilizasyon nou yo nan yon tan ki pa two lwen paske nou bouke tann! Revandikasyon nou pou 8 mas 2014 la : pou inegalite sosyal kòmanse diminye nan peyi a, fòk yo fikse yon salè minimòm ki pèmèt nou fè fas a bezwen fanmi nou epi ak tèt nou touswit. Salè minimòm mizè CSS la rekòmande yo, montre nou kòman ògan sa a, se yon zouti nan men patwon boujwa yo pou kore lesplwatasyon nan peyi a. Revokasyon abitrè sou ouvriye ak sendikalis konbatif yo pap fè nou fè bak. Mobilizasyon pou 500 goud pou piti ak demand pou reyentegrasyon ouvriye revoke yo la pi rèd ! 8 MAS, JOU KOMEMORASYON BATAY POU DWA EKONOMIK AK SOSYAL FANM YO RESPEKTE, N AP KONTINYE LITE POU REVANDIKASYON TOUT TRAVAYÈZ AK TRAVAYÈ DOMINE AK ESPLWATE SATISFÈ! VIV YON SOSYETE KOTE FANM KOU GASON EMANSIPE EPI K AP TRAVAY KÒT A KÒT POU BYENNÈT LIMANITE!

ESPM-BATAY OUVRIYE, 7 MAS 2014

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]