user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Entevansyon KOSIT

category amerik santral / karayib | workplace struggles | press release author Thursday January 30, 2014 22:07author by Batay Ouvriye Report this post to the editors

N ap salye tout jounalis nan laprès pale, ekri ak televize ki vin kouvri konferans pou laprès Kolektif Sendikal Izin Tekstil (KOSIT) ap fè jodia. Kòm nou te konnen déjà, KOSIT se yon regwoupman ki te fòme ak 4 òganizasyon : CNOHA (Santral Nasyonal Ouvriye Ayisyen) CFOH(Konfederasyon Fos Ouvriye Ayisyen, ESPM-BO(Entè sendikal Premye Me/Batay Ouvriye) ak CATH(Santral Otonòm Travayè Ayisyen). Men jodia, devan pratik trayizyon Fignole ST CYR, reprezantan CATH la fè nan Konsèy Siperyè Salè ak pozisyon ki ale kont enterè ouvriye sektè soutretans yo ak travayè yo an jeneral nan defann pozisyon sektè patwonal la, nou menm , nou pran desisyon pou radye li de regwoupman KOSIT la. Nou pa rekonèt Fignole ST Cyr kòm reprezantan travayè yo nan Konsèy la. Pou nou menm, Fignole St Cyr kòm ajan patwon yo, li pa ka kontinye reprezante travayè nan CSS la. Fòk oganizasyon sendikal yo ranplase l touswit. Li trayi kòz travayè peyi Dayiti.
pwen_6.png

Depi 29 novanm 2013, CSS la te vini ak rekòmandasyon 225 goud la pou ouvriye nan faktori yo. Gwo mobilizasyon fèt pou pwoteste kont desizyon CSS la, men ni CSS, ni okenn enstans nan leta a pa bay yon repons a demand ouvriye yo epi ni ekzekitif la pa pibliye okenn arête sou salè minimòm pou ane fiskal 2013-14 la. Sa vle di, nou nan yon sitiyasyon ki flou. Travayè yo pa konnen kote yo gad nan kalide vid sa a genyen bò enstans etatik yo. Se menm vye 200 goud la ouvriye ak travayè yo ap kontinye touche alòske depi premye oktòb 2013 salè minimòm lan te dwe fikse.

Mete sou sa, patwon faktori yo rantre nan fè revokasyon reprezay, kriminalize dirijan mouvman sendikal la, epi yo kontinye ap pran de mezi abitrè kont travayè nan divès izin. Jounen jodi a nou déjà gen 35 ouvriye ak ouvriyèz ki revoke. Patwon tankou Apaid ak Baker revoke ouvriye ki nan direksyon sendika tankou SYNOTHAG ak SOTA-BO. Patwon zago loray tankou Baker di klèman li menm li pap sèvi ak sendika nan izin li. L ap kontinye entimide ouvriye, menase yo l ap revoke yo pou nenpòt ti krik ti krak. Konsa y ap kreye yon klima laperèz, plim ne gwouy nan izin yo. Epi y ap mache tout kote ak yon montaj videyo pou di sendikalis yo revoke yo, se pou vandalism ak vyolans yo revoke yo. Videyo a, se yon montaj yo fè pou sevi kòz yo. Okenn moun oswa enstitisyon serye pa ka pran montaj yo fè a oserye. Se yon montaj pou mete baboukèt sou libète ekspresyon ak asosyasyon pou yo kapab bafwe dwa ouvriye genyen pou defann enterè yo nan sendika. Anplis de sa, patwon soutretans yo kanpe an lwijan boje, yo di yo kanpe tout espas negosyasyon ak diskisyon bipatit oswa tripatit yo inilateralman. Se ka diskisyon sou kòd travay ak sou aplikasyon libete sendikal kanpe. Delege sendikal pa gen aksè pou poze oswa diskite pwoblèm manb yo genyen ak direksyon izin yo. Se laterè ak despotis epòk lontan an k ap retounen.

Douvan sitiyasyon kriz ak tansyon k ap devlope ant sendika ak patwona nan faktori yo, okenn nan enstans leta pa janm di yon mo. Sa se kit li gouvènman atravè MAST, kit li palman an, yo youn pa pran inisyativ pou rezoud li. Kote eta de dwa k ap pale pasi pala nan peyi a ? Patwon ki di yo se gwo demokrat ap maspinen ouvriye poutèt y ap defann enterè yo nan manifeste dezakò yo ak rekòmandasyon CSS la. Kote apyi palmantè yo te di y ap bay ouvriye yo ? Kote MAST nan wòl li genyen pou fè jestyon konfli ak nan fè respekte dwa travayè nan peyi a ? Absans entèvansyon leta sou vag revokasyon k ap fèt nan faktori yo montre konplisite yo ak patwona a pou kraze mouvman sendikal k ap pran pye nan sektè asanblaj tekstil la. Nou kondane fòm demisyon oswa absans reprezantan leta yo devan sitiyasyon kriz ak tansyon sosyal sa a. Nou kondane epi n ap denonse tout pratik entimidasyon ak reprezay anti sendikal patwon yo ap kontinye fè jis jounen jodia.

Se nan kontèks sa, KOSIT ap mande pou CSS rekonsidere rapò ak rekomandasyon tèt chat li fè yo. Se pou li rantre rapò epi relanse pwosesis negosyasyon/diskisyon prese prese pou fikse salè minimòm divès kategori travayè peyi a, epi fasilite negosyasyon pou fikse salè pwodiksyon nan faktori yo. Fòk konsèy la konprann rekòmandasyon li te fè yo non sèlman ilegal paske yo pa chita sou sa ki di nan atik 2.2 nan lwa 2009 la sou salè 300 goud ouvriye faktori yo te gen pou touche déjà. Konsa, li vin fikse salè ouvriye faktori yo ala bès nan vini ak 225 goud la. Men tou, jan salè minimòm yo fikse, yo gen yon karaktè antinasyonal ak anti travayè nan bay priyorite a sektè ki pwodyi pou ekspòtasyon sou sektè ki pwodyi pou mache lokal la. Yo ranfòse esplwatasyon travayè yo tankou(travayè nan min, travayè domestik, ajan sekirite yo). Met sou sa, li enkonsevab pou CSS la fin kite mwa janvye a fini san li pa di anyen ni pran okenn inisyativ.

N ap mande tout oganizasyon sendikal tout bon yo, òganizasyon dwa moun yo, òganizasyon fanm, òganizasyon pwogresis ak popilè konsekan yo fè solidarite ak ouvriye/ouvriyèz faktori yo k ap goumen pou yon kòz jis e ke patwona a vle kriminalize/dyabolize pou se yon mendèv dosil, tèt bese ki rete nan izin yo. Fòk ouvriye revoke yo reyentegre nan pòs travay yo kòmsadwa.Nou menm nan KOSIT, n ap kontinye kanpe dyanm pou reponn a tout atak oswa menas patwon yo ap fè kont ouvriye/yèz kèlkeswa oganizasyon sendikal yo ye. Manyen youn, se manyen nou tout! Lit kont rapò CSS la dwe gen yon karaktè jeneralize ak nasyonal. Se pa enterè ouvriye sektè soutretans yo ki leze sèlman. Se tout travayè ki konsènen pa divès salè minimòm CSS rekòmande yo. Tout travayè dwe leve kanpe, mobilize ansanm ak ouvriye faktori ki te pouse premye rèl la mwa pase kont rekòmandasyon konsèy la. BATAY LA FENK KOMANSE ! NOU BITE, MEN NOU PA TONBE ! MOBILIZASYON KONT RAPÒ CSS LA DWE KONTINYE VANSE !

KOLEKTIT SENDIKAL IZIN TEKSTIL (KOSIT) 28 JANVYE 2014

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]