user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Ayiti: Sit-in 15 oktòb 2012

category amerik santral / karayib | enperyalis / lagè | news report author Thursday October 18, 2012 18:47author by Batay Ouvriye Report this post to the editors

Depi 8 lane deja, chak 15 oktòb, l ONI renouvle kontra MINISTA a, dekwa pou fòs politik ame sa a swadizan genyen yon “legalite” pou okipe peyi nou an.

Tout moun konnen ekzaksyon tout kalite, krim, vòl, vyòl ak represyon tribòbabò fòs lanmò sa yo simaye nan peyi a depi yo vini a. Tout moun viv imilyasyon fòs politik Minista yo blayi anwo dirijan “ayisyen” yo ansanm ak sou tout fòmasyon sosyal la an jeneral. Tout moun ka wè aklè tou, fòs sa yo pa vini vre pou “mete sekirite ak lapè nan peyi a” (si se te sa, nou ta pito di yo vini pou mete sa yo rele “lapè simityè” a), non: yo pito vini pou bay pwojè enpeyalis la sekirite! Vreman vre, se yo ki prensipal bakòp desizyon anbasad prensipal peyi enpeyalis yo - lò sila yo pa vini kareman ak pwòp fòs militè pa yo, tankou nou te ka wè aprè latètranble janvye 2010 la.
ayitimayday18.jpg

Chak lane, ansanm ak divès òganizasyon konsekan sou beton an, nou toujou mobilize pou denonse sitiyasyon lawont dènyezeta sa a. Ane 2012 la pa t fè defo.

Nou dwe remake, anplis, pozisyon anpil-anpil nan konpatriyòt nou yo evolye. Nonsèlman piplis nan nou konprann kesyon an pi byen men, sitou, piplis nan nou deside angaje yo nan batay KLE sa a (sè ke, anplis tout imilyasyon ak avilisman prezans sa ka pote ni sou tè Desalin la, ni devan pwòp diyite pa nou jounen jodi a, pwa fòs militè enpeyalis sa a twò lou anfas mobilizasyon sektè pwogresis la dwe reyalize an pwofondè pou chanje peyi pouri ak enjis sa a tout bon vre). “An pwofondè” paske, si se pou ti chanjman kosmetik, ti kawousèl “demokratik”, enpeyalis yo ap toujou pa gen pwoblèm kontinye kite nou... gouye!

Kidonk, jou ki te 15 oktòb 2012 la, apati apèl Kolektif mobilizasyon pou dedomaje viktim kolera yo, ansanm ak diferan lòt òganizasyon oswa militan pwogresis, nou te prezan yon fwa ankò nan denonsiyasyon sitiyasyon malpouwont ak danjere sa a (yon repòtaj foto anekse).

Fò n di sedikalis ameriken ki soti nan Nouyòk ansanm ak militan pwogresis ameriken nan Miyami, an kontak ak nou, te prezan tou. Vremn vre, 2 delegasyon sa yo ki te genyen an tou 6 mann, te ansanm ak nou anfas baz anvayisè yo, dekwa pou yo menm tou, antanke pwogresis entènasyonalis, yo montre pozisyon anti-okipasyon yo e kouman yo vle di se pa “Pèp ameriken” ki gen politik okipasyon-titèl-avilisman sa a, se gouvènman peyi enpeyalis sila a, onon miltinasyonal y ap sèvi yo.

Nan repòtaj foto a n ap ka wè tou, anplis prezans denonsiyasyon nou, lefèt, vreman vre, ajan pi reyaksyonè ak Lwijanboje Minista yo te parèt. Tou dabò pou anpeche nou manifeste (nou pap sezi devan lefèt Minista toujou la pou anpeche sitwayen jwi dwa denokratik nou rache ak tout lit nou); answit yo chache konfiske kamera, dekwa pou nou pa gen prèv konplo atake nou yo t ap prepare a (wè foto yo); anfen, pou chache arete kareman sèten militan prezan. Vijilans nou mete sou rezistans nou fè yo fè bak.

Se ke, fiyamezi sit-in la t ap devlope, popilasyon ozalantou a te kòmanse ap rele “Aba Minista!” tou. Ata moun nan machin piblik ki t ap pase yo t ap rele anmwe tou kont prezans fòs lanmò sa yo. Moun nan machin prive tou te an jeneral apiye nou, pran entèvansyon nou t ap distribye yo, bay opinyon yo, akò yo tou. Men se te piplis nan machin piblik adezyon a te konplè e ak anpil anpil fòs. Menm genyen sitwayen ki mete tèt yo deyò fenèt machin piblik yo pou joure manman Minista! Sitwayen sa yo pafwa te menm montre yo trè enève, pwofondeman enève, ak yon rayisman reyèl, ...sen.

Lapolis te jwe wòl pa li. Okòmansman, yo chache anpeche nou okipe kafou a tou, men ak diskisyon. Epi, fiyamezi (fiyamezi diskisyon yo, fiyamezi ensistans nou, fiyamezi rezon nou, fiyamezi popilasyon an ki t ap patisipe piplis la, fiyamezi konsyans yo tou) yo vin nonsèlman bay pasaj men yo menm fè trafik pou pi byen òganize evenman an, yo menm bare lawout pou machin Minista ki te vini pou simen latwoublay yo pa rete sou plas.

Kapasite sa a nou devlope a, INITE sou pwen sa a ki nan lapratik nou devlope a, pèsistans nou sou pwen FONDAMANTAL sa a, avansman konsyans popilasyon a ansanm ak sa pwogresis tout kalite... tout sa dwe met ansanm pou nou rive finalman DEBARASE NOU DE TOUT AJAN ENPEYALIS SA YO, YO MENM ASANM AK TOUT SOUSOU-KOLABORATÈ K AP SOUTNI YO.

ABA MINISTA! ABA OKIPASYON! ABA OKIPASYON! ABA OKIPASYON!
VIV AYITI GRAN MOUN TÈT LI!

This page has not been translated into Nederlands yet.

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]