user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Ayiti, Premye Me 2012

category amerik santral / karayib | workplace struggles | press release author Monday April 30, 2012 20:26author by Batay Ouvriye Report this post to the editors

KAMARAD OUVRIYÈZ AK OUVRIYE!
afich_1me_2012.jpg

PREMYE ME nou an pral rive! Ane 2012 la, gwo jou sa a pran nou nan yon sitiyasyon malouk kote lavi nou ap vin pi di chak jou, san nou pa wè ki kote sa ap mennen nou. Salè nou rete anplas, pandan lavichè ap monte bwa pi rèd. Patwon yo menm, y ap kontinye ogmante tarif san yo pa peye nou 250 goud lwa sou salè minimòm lan mande l la epi egzije nou lè siplemantè san yo pa peye l kòmsadwa, oubyen pa peye nou jou dimanch la malgre nou fe plis pase 48 èd tan travay pa semenn. Tout vyolasyon sa yo ap ogmante lespwatasyon an pi rèd pandan y ap mete presyon sou nou pou nou rann tout ji nou, pandan reprezantan patwon yo ap imilye nou san rete pandan n ap sibi dominasyon yo ak revokasyon abitrè pou ti krik ti krak. Kidonk, sitiyasypon nou malouk vre. Men li ka vin pi malouk toujou si nou annik rete ap gade! Boujwa yo ansanm ak palmantè tchoul yo vle fè pase yon lwa kote travay lannwit ap peye menm pri ak sa lajounen ! Se pral « Lwa Anakasis » la, yon senatè malpouwont ki deklare tèt li « pèp » soti pou pilonnen travayè nan avantaj boujwa tou sèl ! Pi rèd, sitiyasyon nou ka vin pi malouk toujou, si nou kontinye pran lalin pou fwomaj « otorite » ki vin la yo vle foure nan gagann nou toujou nan kesyon « bay travay » yo a. Paske se pou yon salè mizè y ap vin bay li, yon salè pwatrinè. Anfèt, se pa « bay y ap vin bay travay », se salè pwatrinè a envestisè yo ap vin benefisye! Kidonk lavi nou ap vin malouk anpil! E, jan nou kapab wè, li ka vin pi malouk toujou, si nou rete bra kwaze, si n ap dòmi, nou pa sou men nou.

Nou menm, nou di NON ! Se sa k fè n ap mobilize jou PREMYE ME, Jounen Entènasyonal Travayè pou nou MAKE PREZANS NOU, pou nou deklare DIZON PA NOU, NOU MENM OUVRIYE AK TOUT LÒT TRAVAYÈ ! Depi 9 è nan maten, nou tout ap kontre devan pòtay pak salè pwatrinè a : DEVAN BARYÈ SONAPI

N ap LONJE WOUT AYEWOPÒ a, yon mannyè pou nou komemore wout nou tout, ouvriye ak ouvriyèz vanyan ki te mobilize nan jounen avril 2009 yo, nou te pran pandan 2 semenn pou reklame dwa nou ; dwa nou ke patwon yo ansanm ak « otorite » sanginè lè a, yo te refize nou, nan derefize respekte lalwa, men pito ak fòs magouy yo, nan makonnaj yo ak palmantè abolotcho yo, palmantè san figi yo, pou derefize nou yon salè mizè 200 goud pwòp ministè Afè sosyal yo a te wè ki pou ta 300 goud ! Yon mizerab 200 goud tout pwofitè sa yo te derefize nou sou fòs fizi mitrayèt yo !

Rive kafou wout pis, n ap desann li jis nou rantre nan Delma 2, monte BÈLÈ (katye popilè pi ansyen ak pi senbolik nan peyi a, reprezantan tout katye popilè nan tout peyi a, tout site malere nou yo, konbatif epi vanyan ) pase devan legliz Pèpetyel jis ri Montalè epi desann pase ri Dèkazèn pou rive ANBA LAVIL NOU AN, kontre ak tout ti machann, ak tout travayè, chomè yo ak tout pèp k ap chèche lavi yo anba lavil gran boujwa komèsan ansanm ak Leta reyaksyonè yo a vle pran nan men nou nan kalite pwojè rekonstriksyon y ap pale a. Tout magouyè sa yo, anba lezòd papa yo, enperyalis yo, vle mete nou deyò pou yo pran anba lavil nou an pou yo tou sèl !

Epi n ap rive DEVAN PALMAN AN, fè palmantè Granmanjè sa yo konnen rayisman nou genyen devan wòl tchoul, abolotcho, san kolonn vètebral, sanwont, san figi… y ap jwe nan listwa peyi a, nan objektif kraze nou, nan objektif bay pasaj a tout kalite pwojè boujwa anba lezòd enperyalis yo, pandan yo menm, nan ti wòl ti « granmanjè » yo genyen jounen jodi a, pral kontinye ranmase miyèt mèt peyi a yo vle kite nan men yo.

VINI AN FOUL KAMARAD OUVRIYE, OUVRIYÈZ ! SE DWA NOU POU NOU GEN YON LAVI KI DIY ! VINI AN FOUL ! NAN JOU PREMYE ME SA A KI SE JOU PA NOU LI YE, POU KLAS OUVRIYÈ A MAKE PREZANS LI KÒM FÒS ANSANM AK TOUT ALYE LI YO! ANFAS DOMINASYON AK ESPLWATASYON PATWON YO, ANFAS PRATIK ABOLOTCHO PALMANTÈ SAN FIGI YO ! POU DWA DEMOKRATIK NOU, POU DWA DEMOKRATIK REYÈL TOUT PÈP LA ANSANM AK TOUT PWOGRESIS KONSEKAN N AP NAN LARI A!

23 avril 2012

This page has not been translated into 中文 yet.

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]