Other Press
|
Recent articles by Batay Ouvriye
Solidarity For Garment Worker Leo Vedél! Feb 15 13 Haiti: Syndicat à la Zone Franche de Caracol Jan 31 13 Ayiti, Aktivite Premye Me 2012 May 15 12 Ayiti, Premye Me 2012 amerik santral / karayib |
workplace struggles |
press release
Monday April 30, 2012 19:26 by Batay Ouvriye
![]() KAMARAD OUVRIYÈZ AK OUVRIYE! PREMYE ME nou an pral rive! Ane 2012 la, gwo jou sa a pran nou nan yon sitiyasyon malouk kote lavi nou ap vin pi di chak jou, san nou pa wè ki kote sa ap mennen nou. Salè nou rete anplas, pandan lavichè ap monte bwa pi rèd. Patwon yo menm, y ap kontinye ogmante tarif san yo pa peye nou 250 goud lwa sou salè minimòm lan mande l la epi egzije nou lè siplemantè san yo pa peye l kòmsadwa, oubyen pa peye nou jou dimanch la malgre nou fe plis pase 48 èd tan travay pa semenn. Tout vyolasyon sa yo ap ogmante lespwatasyon an pi rèd pandan y ap mete presyon sou nou pou nou rann tout ji nou, pandan reprezantan patwon yo ap imilye nou san rete pandan n ap sibi dominasyon yo ak revokasyon abitrè pou ti krik ti krak. Kidonk, sitiyasypon nou malouk vre. Men li ka vin pi malouk toujou si nou annik rete ap gade! Boujwa yo ansanm ak palmantè tchoul yo vle fè pase yon lwa kote travay lannwit ap peye menm pri ak sa lajounen ! Se pral « Lwa Anakasis » la, yon senatè malpouwont ki deklare tèt li « pèp » soti pou pilonnen travayè nan avantaj boujwa tou sèl ! Pi rèd, sitiyasyon nou ka vin pi malouk toujou, si nou kontinye pran lalin pou fwomaj « otorite » ki vin la yo vle foure nan gagann nou toujou nan kesyon « bay travay » yo a. Paske se pou yon salè mizè y ap vin bay li, yon salè pwatrinè. Anfèt, se pa « bay y ap vin bay travay », se salè pwatrinè a envestisè yo ap vin benefisye! Kidonk lavi nou ap vin malouk anpil! E, jan nou kapab wè, li ka vin pi malouk toujou, si nou rete bra kwaze, si n ap dòmi, nou pa sou men nou.
VINI AN FOUL KAMARAD OUVRIYE, OUVRIYÈZ ! SE DWA NOU POU NOU GEN YON LAVI KI DIY ! VINI AN FOUL ! NAN JOU PREMYE ME SA A KI SE JOU PA NOU LI YE, POU KLAS OUVRIYÈ A MAKE PREZANS LI KÒM FÒS ANSANM AK TOUT ALYE LI YO! ANFAS DOMINASYON AK ESPLWATASYON PATWON YO, ANFAS PRATIK ABOLOTCHO PALMANTÈ SAN FIGI YO ! POU DWA DEMOKRATIK NOU, POU DWA DEMOKRATIK REYÈL TOUT PÈP LA ANSANM AK TOUT PWOGRESIS KONSEKAN N AP NAN LARI A! |
Front pageLutar Contra o Aumento da Tarifa Pela Força e Vontade das Ruas! Les assassins de Clément Méric devront répondre de leur crime Lo que faltaba: macartismo indigenista Chile: El Frente de Estudiantes Libertarios (FEL) cumple 10 años Clasa muncitoare din România: țintă sigură în bătaia puştii capitalismului 10 years of the Balkan Anarchist Bookfair i-ANC Ikhumula Isifihla Buso Sayo! Kubulewe Abasebenzi! Mayday. Remembering the past, fighting for tomorrow Brazilian anarchism interview on the Crisis, World Cup, Especifismo La revolución bolivariana en la encrucijada Mobilizações contra o Aumento do Transporte em Porto Alegre, Brasil La conquête du pain, un enjeu d'actualité ! Habemus Papam: Aquel que esté libre de pecado que arroje la primera piedra 8 marzo: Dopo gli anni delle veline, gli anni della vittima Reflexiones libertarias sobre la muerte de Hugo Chávez [Chile] Definitivamente, no somos iguales ante la ley Avance de los libertarios en la construcción de una alternativa sindical en Uruguay. Estado español: cuando cruje el edificio XIe Congrès d’Alternative Libertaire: La ville rose en rouge et noir Latest NewsAmerik Santral / Karayib | Workplace struggles | Press Release | ht Thu 20 Jun, 11:45 Opinion and AnalysisSorry, no stories matched your search, maybe try again with different settings. Press Releases
|