user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Se twòp atò: Nou mande fòk okipasyon militè Nasyonzini an Ayiti a kaba (29 fevriye 2012)

category amerik santral / karayib | enperyalis / lagè | feature author Friday February 17, 2012 16:00author by VA Report this post to the editors

featured image

Gen mil rezon pou fòs ONU yo bay talon yo nan peyi d Ayiti. Pa gen okenn rezon ki ka jistifye prezans yo.

[English] [Castellano] [Français]


Se twòp atò: Nou mande fòk okipasyon militè Nasyonzini an Ayiti a kaba (29 fevriye 2012)

Gen mil rezon pou fòs ONU yo bay talon yo nan peyi d Ayiti. Pa gen okenn rezon ki ka jistifye prezans yo. Kisa Minista pote nan peyi a? Ann gade rapidman zak ki plis koni yo:

  • Plis pase 10 000 moun mouri nan kad vyolans “paramilitè” osnon “imanitè”;
  • Plis pase 7 000 moun mouri nan kad epidemi kolera solda Minista yo pote nan peyi a atravè poupou yo lage nan riv yè;
  • Plizyè milye kadejak (pou piti 35 000 soti 2004 pou rive 2006, dapre jounal “Lancet”);
  • Plis pase 700 000 moun ap pase mizè anba tant, apre 2 lane goudougoudou;
  • 2 eleksyon chanpwèl kote pa menm gen 22% moun ki al vote;
  • Devlopman y ap klewonnen yo pote pou Ayiti a se sèl zòn franch li gen nan vant li;
  • Ayiti jodi a tèlman gen sekirite Loni t ap chache a, menm ansyen diktatè Duvalier jwenn mwayen tounen;

    Depi 2004, MINISTA ap paweze nan peyi a anba yon dra manti rezon imanitè. Men poutan pa gen anyen pou MINISTA regle nan peyi a. Epi, lè yon moun gade konsekans prezans fòs sa a nan peyi a, ou wè pa gen anyen ki imanitè ladan.

    Depi byen bonè, nou te konnen koze imanitè a se te blòf. Lè grand pisans yo entèvni yon kote, se toujou pou defann enterè yo, se pa janm pou pwoteje oprime ak apovri yo. Depi yo entèvni, konnen se opòtinite pou fè kòmès yo wè, se pou sa yo toujou chache yon dra imanitè mete sou yo pou yo ka touye tout moun osnon gwoup k ap pwoteste kont yo. Nou bouke wè egzanp konsa. Podyab Ayiti…ka pa li a pi malouk.

    Poukisa? Fòk se nan Lendependans peyi a nou al chache repons lan. An 1804, se yon gwoup esklav ki revòlte epi fonde premye repiblik nwa sou latè. Depi lè sa a, pisans “sivilize” loksidan yo sèmante pou fè Ayiti tounen yon parya. E se sa yo fè menm. Yo jwe tout jan yo konnen pou fè pèp ayisyen kwoupi nan mizè ak malsite: yo fè l peye pou lendepandans li, yo ba li anbago, okipasyon militè ak tout lòt kalte entèvansyon san n pa bliye diktati tout kalte yo mete nan peyi a selon enterè ki pisans y ap defann nan chak moman: Lafrans apre sa Lalmay pou rive nan Etazini jounen jodi a. Loksidan “sivilize” montre aklè se pratik bèt sovaj li te pote nan dyakout li lè li ap aji an Ayiti.

    Men, pou byen konprann sa k ap pase an Ayiti jodi a, nou dwe al gade 1986, ki se yon moman kle nan listwa peyi. Se yon gwo mobilizasyon an mas nan tout peyi a pou te dechouke diktatè “Baby Doc” Duvalier ki te gen soutyen Etazini ak Lafrans. Yo pa t ka tolere jan yon ti peyi tyèmond, apovri, nan karayib la te rive kanpe tenn fas devan plan Etazini jouk pou l ta rive konstwi fòm demokrazi pal i. depi lè sa a, se “kominote entènasyonal” la, sou lobedyans Etazini, tout sa ki posib pou elimine mouvman popilè ki te dechouke diktatè a. premyeman, yo foure nouvo diktatè militè nan gagann peyi a; an 1991, yo bay Aristide, premye prezidan eli a, yon koudeta apre sèlman 7 mwa sou pouvwa a; epi yo mete yon lòt rejim militè ankò; an 1994, yo tounen ak Aristide pou vin aplike pwogram refòm neyoliberal; apre sa, yo kite peyi a sonbre nan yon gwo kriz akòz koze dèt ekstèn ilegal, pandansetan transnasyonal yo ap souse peyi a tankou sansi; pita ankò, lò Aristide tounen pran pouvwa ankò an 2000, lè l ranje kò l pou fè rendong pou l pa ta aplike politik privatizasyon yo jan li te siyen yo lò l t ap tounen sot an egzil la, yo lage yon akizasyon “anti-demokratik” sou do l, konsa yo depafini ekonomi peyi a.

    Finalman an 2004, lè yo wè tout sa pa sifi, epi Aristide ap pike ògèy yon pisans kolonyal tankou Lafrans pou mande l remèt lajan yo te souse pran nan men Ayiti nan koze dèt lendepandans lan (soti 1825 pou rive 1948), CIA antrene yon gwoup ansyen militè divalyeris nan Repiblik Dominikèn pou al fè yon koudeta an fevriye. Epi Etazini voye pwòp militè pa li al mare Aristide fizi alamen, mete l nan yon avyon epi voye l nan peyi Repiblik Afriksantral. Brezil limenm ki te deja pare pou fè nenpòt bagay jis pou yo ka li yon plas nan Konsèy Sekirite Loni an, dakò pou l pran alatèt MINISTA, pou pran larelèv twoup franse, etazinyen ak kanadyen ki te okipe peyi a pandan sèlman kèk mwa. Se konsa yo chache bay okipasyon Ayiti a yon fòm “lejitimite”.

    Sa yo se bagay tout moun konnen, paske yo byen dokimante. Pèsonn pa ka di se teyori konplo n ap devlope. An 2008, Wikileaks te dekouvri yon mesaj anbasadè meriken an ki te di konsa: “Si MINISTA ale twò vit, l ap kite gouvèlman ayisyen an yon tijan fèb anfas fòs politik popilis k ap pran manm epi fòs sa yo pa danse kole ak ekonomi mache lib la – kidonk, n ap tounen dèyè. Minista se yon enstrikman endispansab pou Etazini kapab pwoteje enterè politik li an Ayiti”.

    Kidonk, ki wòl MINISTA? Li pa fin menm bagya ak lòt fòs okipasyon yo. Li yon tikras plis. Se yon fòs ame ki la pou fòse Ayisyen bese tèt devan rejim defakto yo mete kanpe nan peyi a depi 2004 (menm si yo makiye gouvèlman sa yo ak wòb demokratik nan eleksyon bouyi vide kote se kèk moun ki vote). Ayiti se yon ka patikilye paske depi 1995, Aristide te kaba lame a (paske yo te konsidere se yon lame ki nan tout listwa li se sèlman enterè gwo zouzoun li pwoteje al koudeta li fè), konsa pa t gen mwayen pou fè yon nouvo koudeta klasik. Se pou sa yo te oblije voye militè sot nan lòt kote vin fè sa. Pwoblèm nan, menm si mèsenè CIA sa yo te ka fè koudeta a nan pran pòz se “konbatan lalibète” yo ye nan estil CONTRA [Nikaragwa] yo, yo pa t kapab dirije peyi a; konsa yo te oblije voye twoup entènasyonal pou “lapè”, kasble Loni yo. Yo matrake, oprime moun ki pi pòv yo pandansetan yo ap fasilite yon seri antreprenè òganize pwò bann paramilitè pa yo. Sa pa ta dwe siprann nou lè nou sonje militè ki nan MINISTA yo soti nan yon seri peyi kote lame peyi sa yo tranpe nan yon seri vyolansyon dwa moun tankou Mawòk, Jòdani, Irigwe, Brezil, Pewou, Srilannka, elatriye.

    Se twòp atò. Fòk manti sa yo fini. 29 fevriye 2012, se pral fè 8 lane depi koudeta sa a. 8 lane depi okipasyon enperyalis la koumanse. 8 lane depi y ap toufounen pèp ayisyen. Nou tout, òganizasyon ki solidè yo, nou dwe koumanse levekanpe pou fè yon gwo demonstrasyon nan jou sa a pou fè pèp ayisyen wè jan nou solidè ak lit l ap mennen pou mete MINISTA deyò. Koulye a pèp ayisyen an ap rasanble plis fòs pou mande mete fen nan okipasyon peyi a – sitou depi lè kolera anvayi peyi a mete sou pakèt kadejak militè Loni yo ap fè sou jenn gason ak jenn tifi. Nou tout dwe mete vwa nou ansanm pou mande MINISTA ale.
    Gen moun bon kè ki kwè “kominote entènasyonal” la pa dwe abandone Ayiti. Ann pale klè: sa y ap rele “kominote entènasyonal” la se pa jodi a li vire do bay pèp ayisyen an, sito unan koze “imanitè” yo. Nan dènye tan sa yo, sa “Loksidan sivilize” fè byen, se mete abse sou klou pèp ayisyen an, fè l soufri, imilye li, piye resous li. Bagay y ap rele malman “kominote entènasyonal” la pa janm leve yon tidwèt pou pèp ayisyen an jan nou te gen okazyon wè sa nan goudougoudou a. Se sèlman ajans entènasyonal li yo ki te pwofite vin fè milyon nan peyi a. An menm tan sa a, Loni pa menm bay mwatye nan lajan li pwomèt pou aktivite imanitè pou lane 2011 lan (382 000 000 dola), tandiske avèk sèlman 200 000 000 dola yo kapab rezoud pwoblèm tout moun ki pa gen kay pou rete apre tranblemanntè a. Loni pa t menm kapab bay 100 000 dola pou konbat epidemi kolera a ki deja touye plis pase 7000 moun, poutan li gaspiye 850 000 000 pou l kenbe MINISTA nan peyi a. Olye pou yo ta pwofite rekonstwi peyi a, jan Bill Clinton( endividi ki petèt gen mak san plis Ayisyen sou men li), se gwo konpayi miltimyadè yo vle remèt peyi a, pandansetan tout moun konnen konpayi a pa gen okenn pwoblèm pou wè Ayisyen ap dòmi atè nan lari. Olye yo pwofite okazyon sa a pou fè yon gwo refòm agrè pou peyizan jwenn tè yo merite, se pito tè y ap vòlò pou mete zòn franch sou pretèks y ap “devlope” Ayiti.

    Sèl sa “Loksidan sivilize” reyalize se foure bouch nan zafè entèn Ayisyen yo, fòse yo vale yon rejim newodivalyeris, detri sa ki te rete nan mouvman ki te fè 1986 la. Okipasyon sa a, menm jan ak tout lòt entèvansyon Etazini fè depi 1986 yo ak tout rejim teworis li abitye soutni yo, se yon mannèv pou dekouraje pèp ayisyen pou l ka sispann revandike, pou l ka konprann reziste se penn pèdi, pou l ka kwè se divalyeris la ki bon pou Ayiti. Nou rete kwè pèp ayisyen an ap demontre aklè yo te gen tò: tout listwa peyi a se yon listwa lit kont dominasyon, se yon lòt chapit pèp la ap kontinye ekri.

    Lè a rive pou n di: se twòp atò! Gen mil rezon pou fòs ONU yo bay talon yo nan peyi d Ayiti. Pa gen okenn rezon ki ka jistifye prezans yo. Ann koumanse kole zepòl pou 29 fevriye nou ka voye yon mesaj klè bay “kominote entènasyonal” la: pèp ayisyen pa pou kont li.
    Nou rele byen fò:

    Aba manti, aba MINUSTAH!
    Aba okipasyon, Aba MINUSTAH!
    Aba kadejak, Aba MINUSTAH!
    Aba abi, Aba MINUSTAH!
    Aba sasinay, Aba MINUSTAH!
    Aba rasis, Aba MINUSTAH!
    Aba kolonyalis, Aba MINUSTAH!
    Aba entèvansyon, Aba MINUSTAH!
    Respè pou diyite ak dwa granmoun pèp ayisyen!
    Gen mil rezon pou fòs ONU yo bay talon yo nan peyi d Ayiti. Pa gen okenn rezon ki ka jistifye prezans yo.



    José Antonio Gutiérrez D.
    Henry Boisrolin
    Elsie Haas
    Isabel Ledesma
    Franck Seguy

  • This page has not been translated into العربية yet.

    This page can be viewed in
    English Italiano Deutsch
    Verso lo sciopero generale e sociale nel mondo del lavoro, nei territori, nelle piazze

    Amerik Santral / Karayib | Enperyalis / Lagè | ht

    Sun 26 Oct, 12:59

    browse text browse image

    haiti_street_protest_kolera492_2.jpg imageMINISTA (MINUSTAH)= Kolera 21:52 Sun 27 Oct by KOMODEVIK 0 comments

    Kolektif Mobilizasyon pou Dedomajman Viktim Kolera yo (KOMODEVIK) ak Moun Viktim Kolera yo (MOVIK) Nòt pou laprès, 15 oktòb 2013.

    haitiun.jpg imagePozisyon Kolektif la sou demach pou renouvle manda MINISTA yon lòt fwa ankò 17:47 Wed 04 Sep by Kolektif Mobilizasyon Pou Dedomajman Viktim Kolera yo 0 comments

    Nan moman kote bak peyi a preske chavire, otorite nan tèt peyi a ki santi yo konfòtab ak okipasyon an mete ak Nasyonzini, deside renouvle manda MINISTA pou yon lòt lane ankò. Pwosesis renouvèlman sa a rive nan yon kontèks kote peyi a ap plonje nan yon kriz san bout, kote kòripsyon fè de pou senk nan administrasyon leta a, nan ekip Martely-Lamohte la. Nou konstate pandan prezans fòs okipasyon an, zak vyolasyon dwa moun kontinye ap taye banda pirèd. MINISTA se youn nan prensipal vyolatè dwa moun ki gen nan peyi a. Se nan sans sa a, nou denonse ak tout fòs nou, konplo MINISTA ak otorite yo ap fè pou kraze plas REZISTANS nan Pòsali. Zak sa yo montre aklè, MINISTA ak pouvwa a ap konplote ansanm pou mete baboukèt sou libète piblik yo. Plizyè moun ki nan tèt leta a, gen non yo site nan anpil zak imoral, zak kòripsyon ak zak kriminèl. Menm prezidan repiblik la, ki eli nan eleksyon kominote entenasyonal la, eleksyon Bill Clinton ak MINISTA a, pifò moun nan peyi a pa konnen ni si li ayisyen, ni si li ameriken. Nan antouraj prezidan repiblik la, gen plizyè gwo palto ki gen non yo site nan zak kidnaping, komès dwòg ak anpil lòt move zak. Sa ki pi grav, moun sa yo nan tout koulwa ap pran lapawòl, pran desizyon oubyen « dyaloge » nan non pouvwa kale tèt la. Arestasyon yon depite an fonksyon, Lanmò sispèk jij Jean Serge JOSEPH ki t ap mennen ankèt sou fanmi prezidan an pou dwèt long siperyè, divès zak pèsekisyon politik tankou tantativ arestasyon avoka ki sou dosye kòripsyon Sofia ak Olilivier Martely a, arestasyon Josue Florestal ak Enold Florestal ki te pote plent kont fanmi prezidan an epi bri k ap kouri pou kraze palman an, se yon seri siy ki montre aklè, gen yon machin diktati k ap deplòtonnen vitès li sou tèt peyi nou an. Li lè pou nou reveye nan dòmi pou bare wout okipasyon an ak konstriksyon dikatati a.

    ayitimayday18.jpg imageAyiti: Sit-in 15 oktòb 2012 16:47 Thu 18 Oct by Batay Ouvriye 0 comments

    Depi 8 lane deja, chak 15 oktòb, l ONI renouvle kontra MINISTA a, dekwa pou fòs politik ame sa a swadizan genyen yon “legalite” pou okipe peyi nou an.

    Tout moun konnen ekzaksyon tout kalite, krim, vòl, vyòl ak represyon tribòbabò fòs lanmò sa yo simaye nan peyi a depi yo vini a. Tout moun viv imilyasyon fòs politik Minista yo blayi anwo dirijan “ayisyen” yo ansanm ak sou tout fòmasyon sosyal la an jeneral. Tout moun ka wè aklè tou, fòs sa yo pa vini vre pou “mete sekirite ak lapè nan peyi a” (si se te sa, nou ta pito di yo vini pou mete sa yo rele “lapè simityè” a), non: yo pito vini pou bay pwojè enpeyalis la sekirite! Vreman vre, se yo ki prensipal bakòp desizyon anbasad prensipal peyi enpeyalis yo - lò sila yo pa vini kareman ak pwòp fòs militè pa yo, tankou nou te ka wè aprè latètranble janvye 2010 la.

    img_0001wb_2.jpg image19 oktòb: Aba Ministah-kolera! 20:48 Fri 21 Oct by Batay Ouvriye 0 comments

    19 oktòb rive! Sa fè yon lane depi Minista vin pote kolera bay nou ! ABA MINISTA-KOLERA! Fòk tout viktim kolera jwenn bon jan dedomajman kòmsadwa! Men se pa kolera sèlman Minista pote bay nou kòm malè. Yo vòlè, yo vyole, yo piye, yo dechèpiye, yo touye nou, yo reprime nou san gade dèyè, yo imilye nou san rete, y ap viv byen anwo lajan y ap resevwa nan non nou, swadizan pou vin ede nou pandan se malè tou sèl y ap pote bay nou. ABA MINISTA!

    pwen_2.png imageAyiti: Sou Grèv Lendi 9 Janvye 2006 la 20:38 Sun 08 Jan by BO 0 comments

    Pou nou menm nan Batay Ouvriye, se yon apèl ki dirèkteman e ouvèteman kont enterè nou menm nan mas popilè yo. Nan solisyon y ap mande - e konstwi - a, grèv la se yon premye pa. Lòt la se kont nou l ap ye, etan done depi nan premye pa a, yo pa kenbe kont de vre nati ak vre fòm pwoblèm PA NOU nan kesyon ensekirite a. Vreman vre, pou rezoud pwoblèm gang yo, depi yo mitraye katye popilè yo an laj (yo ta ka menm mande lage de bonm alawonnbadè!), pwoblèm pa yo regle.

    Sorry, no stories matched your search, maybe try again with different settings.

    imageMINISTA (MINUSTAH)= Kolera Oct 27 MOVIK 0 comments

    Kolektif Mobilizasyon pou Dedomajman Viktim Kolera yo (KOMODEVIK) ak Moun Viktim Kolera yo (MOVIK) Nòt pou laprès, 15 oktòb 2013.

    imagePozisyon Kolektif la sou demach pou renouvle manda MINISTA yon lòt fwa ankò Sep 04 0 comments

    Nan moman kote bak peyi a preske chavire, otorite nan tèt peyi a ki santi yo konfòtab ak okipasyon an mete ak Nasyonzini, deside renouvle manda MINISTA pou yon lòt lane ankò. Pwosesis renouvèlman sa a rive nan yon kontèks kote peyi a ap plonje nan yon kriz san bout, kote kòripsyon fè de pou senk nan administrasyon leta a, nan ekip Martely-Lamohte la. Nou konstate pandan prezans fòs okipasyon an, zak vyolasyon dwa moun kontinye ap taye banda pirèd. MINISTA se youn nan prensipal vyolatè dwa moun ki gen nan peyi a. Se nan sans sa a, nou denonse ak tout fòs nou, konplo MINISTA ak otorite yo ap fè pou kraze plas REZISTANS nan Pòsali. Zak sa yo montre aklè, MINISTA ak pouvwa a ap konplote ansanm pou mete baboukèt sou libète piblik yo. Plizyè moun ki nan tèt leta a, gen non yo site nan anpil zak imoral, zak kòripsyon ak zak kriminèl. Menm prezidan repiblik la, ki eli nan eleksyon kominote entenasyonal la, eleksyon Bill Clinton ak MINISTA a, pifò moun nan peyi a pa konnen ni si li ayisyen, ni si li ameriken. Nan antouraj prezidan repiblik la, gen plizyè gwo palto ki gen non yo site nan zak kidnaping, komès dwòg ak anpil lòt move zak. Sa ki pi grav, moun sa yo nan tout koulwa ap pran lapawòl, pran desizyon oubyen « dyaloge » nan non pouvwa kale tèt la. Arestasyon yon depite an fonksyon, Lanmò sispèk jij Jean Serge JOSEPH ki t ap mennen ankèt sou fanmi prezidan an pou dwèt long siperyè, divès zak pèsekisyon politik tankou tantativ arestasyon avoka ki sou dosye kòripsyon Sofia ak Olilivier Martely a, arestasyon Josue Florestal ak Enold Florestal ki te pote plent kont fanmi prezidan an epi bri k ap kouri pou kraze palman an, se yon seri siy ki montre aklè, gen yon machin diktati k ap deplòtonnen vitès li sou tèt peyi nou an. Li lè pou nou reveye nan dòmi pou bare wout okipasyon an ak konstriksyon dikatati a.

    imageAyiti: Sou Grèv Lendi 9 Janvye 2006 la Jan 08 Batay Ouvriyé 0 comments

    Pou nou menm nan Batay Ouvriye, se yon apèl ki dirèkteman e ouvèteman kont enterè nou menm nan mas popilè yo. Nan solisyon y ap mande - e konstwi - a, grèv la se yon premye pa. Lòt la se kont nou l ap ye, etan done depi nan premye pa a, yo pa kenbe kont de vre nati ak vre fòm pwoblèm PA NOU nan kesyon ensekirite a. Vreman vre, pou rezoud pwoblèm gang yo, depi yo mitraye katye popilè yo an laj (yo ta ka menm mande lage de bonm alawonnbadè!), pwoblèm pa yo regle.

    © 2005-2014 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]