user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Ayiti: Sou Grèv Lendi 9 Janvye 2006 la

category amerik santral / karayib | enperyalis / lagè | press release author Sunday January 08, 2006 21:38author by BO - Batay Ouvriyéauthor email batay at batayouvriye dot org Report this post to the editors

Pòtoprens, 6 janvye 2005

Pou nou menm nan Batay Ouvriye, se yon apèl ki dirèkteman e ouvèteman kont enterè nou menm nan mas popilè yo. Nan solisyon y ap mande - e konstwi - a, grèv la se yon premye pa. Lòt la se kont nou l ap ye, etan done depi nan premye pa a, yo pa kenbe kont de vre nati ak vre fòm pwoblèm PA NOU nan kesyon ensekirite a. Vreman vre, pou rezoud pwoblèm gang yo, depi yo mitraye katye popilè yo an laj (yo ta ka menm mande lage de bonm alawonnbadè!), pwoblèm pa yo regle.
pwen_2.png

Pòtoprens, 6 janvye 2005

Batay Ouvriye opoze l ak tout fèmte a apèl grèv ki fèt pou lendi 9 janvye 2006 la. Wi, nou wè politisyen MINUSTAH yo, se yon jwèt titile y ap fè ak popilasyon an kote, nan sipoze “estabilize”, se dominasyon yo y ap ranfòse jou an jou. Wi, nou klè militè MINUSTAH yo rantre nan tout kalite rakèt ak pwòp gang yo sanse ap konbat la yo. Wi, nou panse klèman vyolans san direksyon sa a gang yo ap opere a dwe eliminen nan peyi a nèt (li pa an favè travayè, li kont mas yo menm, jan nou fèk denonse l e demontre l klèman nan dènye kominike 2 janvye nou a).


Men nou klè tou :


1. Gwoup ki lanse apèl sa a pa janm manke solidarize l ak tout mobilizasyon òganizasyon travayè ak popilè k ap chache goumen kont lavichè, kont pri gaz, pou ti machann, pou sosyetè ki pèdi kòb yo nan koperativ elatriye... Okontrè, se benefisye yo t ap benefisye lamizè k ap blayi sou mas popilè yo jou an jou a. Se yo ki gwo komèsan ki fikse pri tout pwodyi e depi yo menm yo te jwenn benefis yo nan men gouvènman an, yo fini.


2. Gwoup ki lanse apèl pou grèv la, se zafè pa li l ap regle tou sèl. Se ti kont li genyen ak MINUSTAH. Se pa ke yo kont prezans yon fòs etranjè okipasyon nan peyi a. Okontrè, yo ta menm renmen ranfòsman l e yo panse, y ap travay, pou se solisyon sa a ki vini.


3. Gwoup sa a tou di li apiye masak avèg MINUSTAH ap fè nan katye nou yo, etan done yo menm mande pou sa fèt piplis, kote yo deklare ouvètman fòk gen yon fon ki pou tou la pou “ede” kantite viktim inosan ki pral tonbe nan katye nou yo!


Pou nou menm nan Batay Ouvriye, se yon apèl ki dirèkteman e ouvèteman kont enterè nou menm nan mas popilè yo. Nan solisyon y ap mande - e konstwi - a, grèv la se yon premye pa. Lòt la se kont nou l ap ye, etan done depi nan premye pa a, yo pa kenbe kont de vre nati ak vre fòm pwoblèm PA NOU nan kesyon ensekirite a. Vreman vre, pou rezoud pwoblèm gang yo, depi yo mitraye katye popilè yo an laj (yo ta ka menm mande lage de bonm alawonnbadè!), pwoblèm pa yo regle.


Se poutèt sa, nou pa kanpe ak kalite modòd sa a pyès. Menm si, pou nou menm nan mas popilè yo, pwoblèm ensekirite laterè ni gang ni MINUSTAH ap blayi a, dwe jwenn yon solisyon, se pa nan fòm boujwa yo vle foure nan gagann nou pou nou asepte regle li. Pa nou a pa gen menm nati ak pa yo a e solisyon y ap pwopoze a, si li ka parèt gen de enterè imedya ak ki menm ak enterè pa nou, depi nan pwochen pa a, se kont nou tout nan mas pèp la l ap ye.


Solisyon PA NOU, se nan lit ak òganizasyon pwòp pa nou, kote vre nati ak fòm enterè pa nou, se yo ki pou la e gide aksyon nou. Nan katye nou yo, n ap rive jwenn bout represyon laterè ni gang yo ni MINUSTAH ap blayi kont nou nan kad yon vre rezistans popilè ak travayè yo kòm potomitan. Se pa nan al fè fòs ak boujwa ki touswit touswit gen lentansyon vin fè yo mitraye nou avègleman !


ABA MODÒD GRÈV K AP PREPARE YON BENY SAN AVÈG SOU NOU!


VIV LIT AK ÒGANIZASYON OTONÒM MAS POPILÈ YO
AK TRAVAYÈ YO KÒM POTO MITAN!

Related Link: http://www.batayouvriye.org/

This page has not been translated into Polski yet.

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]