19 oktòb: Aba Ministah-kolera!
amerik santral / karayib |
enperyalis / lagè |
news report
Friday October 21, 2011 22:48 by Batay Ouvriye
19 oktòb rive! Sa fè yon lane depi Minista vin pote kolera bay nou ! ABA MINISTA-KOLERA! Fòk tout viktim kolera jwenn bon jan dedomajman kòmsadwa! Men se pa kolera sèlman Minista pote bay nou kòm malè. Yo vòlè, yo vyole, yo piye, yo dechèpiye, yo touye nou, yo reprime nou san gade dèyè, yo imilye nou san rete, y ap viv byen anwo lajan y ap resevwa nan non nou, swadizan pou vin ede nou pandan se malè tou sèl y ap pote bay nou. ABA MINISTA!
Men, sa k fè yo pa ka jije Minista? Sa k fè gwo zouzoun isit yo pa vle Minista ale? Se paske Minista, se enterè gwo konpayi enpeyalis, ansanm ak enterè gwo boujwa restavèk, grandon ak granmanjè yo vin defann. Se lespwatasyon an yo vin asire! Se dominasyon ak represyon anwo pèp ayisyen an jeneral ak sou travayè yo an patikilye yo vin garanti! ABA DOMINASYON AK REPRESYON SOU TRAVAYÈ YO AK SOU PÈP AYISYEN NAN ENTERÈ GRAN NÈG!
Se sa k fè nou di tou: NOU PA VLE LAME REPRESYON NOU TE KONNEN AN TOUNEN SOU MOUN NONPLIS! NOU PA VLE LAME ANTI POPILÈ, ANTI NASYONAL NOU TE KONNEN AN! NOU PA VLE LAME REPRESYON NOU TE KONNEN AN NONPLIS! ABA LAME ANTI POPILÈ, ANTI NASYONAL!
ABA MINISTA! ABA REPRESYON KONT NOU! FÒK MINISTA ALE BAY TÈ A BLANCH! VIV LIT TOUT ÒGANIZASYON AK MOUN K AP GOUMEN POU AYITI KAPAB MÈT TÈT LI! VIV LIT TRAVAYÈ YO AK MAS POPILÈ YO AN JENERAL!
19 oktòb 2011
This page can be viewed in
English Italiano Deutsch