user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Revokasyon Ak Represyon!

category amerik santral / karayib | workplace struggles | press release author Sunday October 02, 2011 04:07author by Batay Ouvriye Report this post to the editors

Nan jou ki swiv revokasyon 5 nan manm komite ekzekitif SOTA a, revokasyon ap kontinye pi rèd.
460_0___30_0_0_0_0_0_pwen_6.jpg

Nan jou ki swiv revokasyon 5 nan manm komite ekzekitif SOTA a, revokasyon ap kontinye pi rèd. Nan divès izin nan soutretans la, kounye a se sou manm sendika a ansanm ak tout ouvriye ki pwòch nou yo revokasyon abitrè yo ap kontinye san rete.

Pi rèd, nan madi apremidi, pandan militan Batay Ouvriye yo t ap kontinye distribye anons Entènsendikal Premye Me-Batay Ouvriye sou fòmasyon sendika a (wè anèks la), yon pakèt polis debake devan menm izin APAID la, ame jouk nan dan, ak jilè antibal e sèten nan yo ak kagoul !!! Yo simen laterè nan zòn lan, anpeche tout distribisyon fèt, pandan anndan izin lan gen moun ki t ap fè foto. Se kite nou oblije kite kote a bay yo.
N ap raple Sendika Ouvriye Tekstil ak Abiman (SOTA), se yon sendika legalman rekoni, ak atestasyon Ministè afè sosyal ak travay, li afilye ak Entèsendikal Premye Me-Batay Ouvriye, legalman rekoni menm jan an.

Kidonk n ap mande: jouk ki kotezak abitrè patwon yo ap rive? Jouk ki kote represyon tou louvè sou ouvriye yo ap rive? Oswa si se peryòd sanginè Divalye a k ap retabli? Oswa èske se “Diktati-Eta de dwa” a sa?

Aba represyon sendikal!
Aba tout fom entimidasyon ak reprezay kont ouvriye konbatif nan izin tekstil yo!
Viv lit ouvriye ak ouvriyèz pou defann dwa yo!

author by Batay Ouvriyepublication date Sun Oct 02, 2011 17:14author address author phone Report this post to the editors

Nan kad represyon ame jouk nan dan mete sou kagoul lapolis reyalize devan izin yo (wè kominike presedan nou an), nan kad djòb-soutretans-salè mizè yo enstale nan peyi a, nan kad enpinite total kapital boujwa yo jyi pou sa, kounye a se kareman, anlè lalwa, anlè Leta, kapitalis tekstil yo ap aji.

Vreman vre, jodi a, nan izin Multiwear ki pou Richard COLES, yo voye rele Hilaire JEAN-FRANÇOIS (sizyèm manm komite ekzekitif SOTA) nan biwo, pou di li senpleman: li revoke! Lè li mande pou kisa, yo di l: mank matyè premyè; lè li mande men pou ki mwen ki se manm komite ekzekitif yon sendika ki fèk fòme nan branch tekstil la, pandan l ap montre yon fotokopi atestasyon legal ministè afè sosyal chak manm komite a toujou genyen sou yo, yo reponn li: SE POU SA MENM!

Kòd travay la, ansanm ak tout Konstitisyon an entèdi moleste ouvriye pou apatenans sendikal yo. Jouk dènyèman, patwon yo te toujou pran pretèks ak fo rezon pou detounen lwa sa a. Jodi a, non sèlman yo pa kenbe kont de lwa sa a, men yo afwonte l kareman, ouvètman!

Anlè lalwa, anlè Leta, anfas tout sa ki ta vle pwoteste. Jan Mateli te konn ap di l nan mizik li poutchis yo te trè renmen jwe nan salon yo pandan koudeta ‘91 la: Sa k pa kontan, anbake!

Nou menm, ankò yon fwa, n ap di: nan non dwa legal nou nou te rache, nan non BATAY nou, NOU FENK KÒMANSE BATAY! NOU FENK KÒMANSE MOBILIZE!

ABA REPRESYON ANTI SENDIKAL!
ABA DOMINASYON SANGINÈ PATWON YO ANSANM AK TOUT LETA REYAKSYONÈ YO A!
VIV LIT OUVRIYE, TRAVAYÈ AK TOUT PWOGRESIS KONSEKAN POU DWA DEMOKRATIK NOU YO, KIT NAN IZIN, KIT NAN KATYE, KIT NAN MILYE RIRAL LA, KIT NAN TOUT PEYI A!

 

This page has not been translated into Castellano yet.

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]