Benutzereinstellungen

Neue Veranstaltungshinweise

Amerik Santral / Karayib

Es wurden keine neuen Veranstaltungshinweise in der letzten Woche veröffentlicht

Kommende Veranstaltungen

Amerik Santral / Karayib | Workplace struggles

Keine kommenden Veranstaltungen veröffentlicht

Revokasyon Ak Represyon!

category amerik santral / karayib | workplace struggles | press release author Sunday October 02, 2011 04:07author by Batay Ouvriye Report this post to the editors

Nan jou ki swiv revokasyon 5 nan manm komite ekzekitif SOTA a, revokasyon ap kontinye pi rèd.
460_0___30_0_0_0_0_0_pwen_6.jpg

Nan jou ki swiv revokasyon 5 nan manm komite ekzekitif SOTA a, revokasyon ap kontinye pi rèd. Nan divès izin nan soutretans la, kounye a se sou manm sendika a ansanm ak tout ouvriye ki pwòch nou yo revokasyon abitrè yo ap kontinye san rete.

Pi rèd, nan madi apremidi, pandan militan Batay Ouvriye yo t ap kontinye distribye anons Entènsendikal Premye Me-Batay Ouvriye sou fòmasyon sendika a (wè anèks la), yon pakèt polis debake devan menm izin APAID la, ame jouk nan dan, ak jilè antibal e sèten nan yo ak kagoul !!! Yo simen laterè nan zòn lan, anpeche tout distribisyon fèt, pandan anndan izin lan gen moun ki t ap fè foto. Se kite nou oblije kite kote a bay yo.
N ap raple Sendika Ouvriye Tekstil ak Abiman (SOTA), se yon sendika legalman rekoni, ak atestasyon Ministè afè sosyal ak travay, li afilye ak Entèsendikal Premye Me-Batay Ouvriye, legalman rekoni menm jan an.

Kidonk n ap mande: jouk ki kotezak abitrè patwon yo ap rive? Jouk ki kote represyon tou louvè sou ouvriye yo ap rive? Oswa si se peryòd sanginè Divalye a k ap retabli? Oswa èske se “Diktati-Eta de dwa” a sa?

Aba represyon sendikal!
Aba tout fom entimidasyon ak reprezay kont ouvriye konbatif nan izin tekstil yo!
Viv lit ouvriye ak ouvriyèz pou defann dwa yo!

author by Batay Ouvriyepublication date Sun Oct 02, 2011 17:14author address author phone Report this post to the editors

Nan kad represyon ame jouk nan dan mete sou kagoul lapolis reyalize devan izin yo (wè kominike presedan nou an), nan kad djòb-soutretans-salè mizè yo enstale nan peyi a, nan kad enpinite total kapital boujwa yo jyi pou sa, kounye a se kareman, anlè lalwa, anlè Leta, kapitalis tekstil yo ap aji.

Vreman vre, jodi a, nan izin Multiwear ki pou Richard COLES, yo voye rele Hilaire JEAN-FRANÇOIS (sizyèm manm komite ekzekitif SOTA) nan biwo, pou di li senpleman: li revoke! Lè li mande pou kisa, yo di l: mank matyè premyè; lè li mande men pou ki mwen ki se manm komite ekzekitif yon sendika ki fèk fòme nan branch tekstil la, pandan l ap montre yon fotokopi atestasyon legal ministè afè sosyal chak manm komite a toujou genyen sou yo, yo reponn li: SE POU SA MENM!

Kòd travay la, ansanm ak tout Konstitisyon an entèdi moleste ouvriye pou apatenans sendikal yo. Jouk dènyèman, patwon yo te toujou pran pretèks ak fo rezon pou detounen lwa sa a. Jodi a, non sèlman yo pa kenbe kont de lwa sa a, men yo afwonte l kareman, ouvètman!

Anlè lalwa, anlè Leta, anfas tout sa ki ta vle pwoteste. Jan Mateli te konn ap di l nan mizik li poutchis yo te trè renmen jwe nan salon yo pandan koudeta ‘91 la: Sa k pa kontan, anbake!

Nou menm, ankò yon fwa, n ap di: nan non dwa legal nou nou te rache, nan non BATAY nou, NOU FENK KÒMANSE BATAY! NOU FENK KÒMANSE MOBILIZE!

ABA REPRESYON ANTI SENDIKAL!
ABA DOMINASYON SANGINÈ PATWON YO ANSANM AK TOUT LETA REYAKSYONÈ YO A!
VIV LIT OUVRIYE, TRAVAYÈ AK TOUT PWOGRESIS KONSEKAN POU DWA DEMOKRATIK NOU YO, KIT NAN IZIN, KIT NAN KATYE, KIT NAN MILYE RIRAL LA, KIT NAN TOUT PEYI A!

 
This page can be viewed in
English Italiano Deutsch

Amerik Santral / Karayib | Workplace struggles | Press Release | ht

Sat 20 Apr, 06:51

browse text browse image

img_22392.jpg imageFòmasyon PLATFÒM SENDIKA IZIN TEKSTIL (PLASIT-BO) 20:18 Thu 09 Apr by Batay Ouvriye 4 comments

Jou ki te 7 avril 2015 pase a, Sendika Batay Ouvriye nan Pòtoprens (SOTA), nan Wanament (SOKOWA ) ak nan Karakòl (SOVASHG), yo tout afilye nan Entèsendikal Premye Me – Batay Ouvriye (ESPM-BO), nan lokal POHDH la, lanse devan laprès PLATFÒM SENDIKA IZIN TEKSTIL (PLASIT-BO).

Sa fè plizyè mwa rapwochman ant diferan sendika yo ap fèt, dekwa pou yo ka ini fòs yo nan kad batay y ap mennen kont ekzaksyon patwon yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a. Jounen jodi a, Platfòm sa a se yon premye pa nan objektif kreye yon FEDERASYON sendika izin tekstil yo.

Tèks prezantasyon yo nan anèks la.

BATAY LA FENK KÒMANSE!

pwen_6.png imageEntevansyon KOSIT 22:07 Thu 30 Jan by Batay Ouvriye 0 comments

N ap salye tout jounalis nan laprès pale, ekri ak televize ki vin kouvri konferans pou laprès Kolektif Sendikal Izin Tekstil (KOSIT) ap fè jodia. Kòm nou te konnen déjà, KOSIT se yon regwoupman ki te fòme ak 4 òganizasyon : CNOHA (Santral Nasyonal Ouvriye Ayisyen) CFOH(Konfederasyon Fos Ouvriye Ayisyen, ESPM-BO(Entè sendikal Premye Me/Batay Ouvriye) ak CATH(Santral Otonòm Travayè Ayisyen). Men jodia, devan pratik trayizyon Fignole ST CYR, reprezantan CATH la fè nan Konsèy Siperyè Salè ak pozisyon ki ale kont enterè ouvriye sektè soutretans yo ak travayè yo an jeneral nan defann pozisyon sektè patwonal la, nou menm , nou pran desisyon pou radye li de regwoupman KOSIT la. Nou pa rekonèt Fignole ST Cyr kòm reprezantan travayè yo nan Konsèy la. Pou nou menm, Fignole St Cyr kòm ajan patwon yo, li pa ka kontinye reprezante travayè nan CSS la. Fòk oganizasyon sendikal yo ranplase l touswit. Li trayi kòz travayè peyi Dayiti.

pwen_6.png imageViv Libetè Sendikal La Nan Peyi Dayiti 20:22 Wed 03 Jul by Entésendikal Premye Me - Batay Ouvriye 0 comments

Kanmarad Ouvriye ak ouvriyèz

afich_1me_2012.jpg imageMobilizasyon premye me : Travay wi, esklavaj non! 19:57 Tue 01 May by Sendika Ouvriye Tekstil ak Abiman 0 comments

Premye me, se jounen entènasyonal lit travayè.

afich_1me_2012.jpg imageAyiti, Premye Me 2012 20:26 Mon 30 Apr by Batay Ouvriye 0 comments

KAMARAD OUVRIYÈZ AK OUVRIYE!

Sorry, no stories matched your search, maybe try again with different settings.

imageFòmasyon PLATFÒM SENDIKA IZIN TEKSTIL (PLASIT-BO) Apr 09 4 comments

Jou ki te 7 avril 2015 pase a, Sendika Batay Ouvriye nan Pòtoprens (SOTA), nan Wanament (SOKOWA ) ak nan Karakòl (SOVASHG), yo tout afilye nan Entèsendikal Premye Me – Batay Ouvriye (ESPM-BO), nan lokal POHDH la, lanse devan laprès PLATFÒM SENDIKA IZIN TEKSTIL (PLASIT-BO).

Sa fè plizyè mwa rapwochman ant diferan sendika yo ap fèt, dekwa pou yo ka ini fòs yo nan kad batay y ap mennen kont ekzaksyon patwon yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a. Jounen jodi a, Platfòm sa a se yon premye pa nan objektif kreye yon FEDERASYON sendika izin tekstil yo.

Tèks prezantasyon yo nan anèks la.

BATAY LA FENK KÒMANSE!

imageEntevansyon KOSIT Jan 30 0 comments

N ap salye tout jounalis nan laprès pale, ekri ak televize ki vin kouvri konferans pou laprès Kolektif Sendikal Izin Tekstil (KOSIT) ap fè jodia. Kòm nou te konnen déjà, KOSIT se yon regwoupman ki te fòme ak 4 òganizasyon : CNOHA (Santral Nasyonal Ouvriye Ayisyen) CFOH(Konfederasyon Fos Ouvriye Ayisyen, ESPM-BO(Entè sendikal Premye Me/Batay Ouvriye) ak CATH(Santral Otonòm Travayè Ayisyen). Men jodia, devan pratik trayizyon Fignole ST CYR, reprezantan CATH la fè nan Konsèy Siperyè Salè ak pozisyon ki ale kont enterè ouvriye sektè soutretans yo ak travayè yo an jeneral nan defann pozisyon sektè patwonal la, nou menm , nou pran desisyon pou radye li de regwoupman KOSIT la. Nou pa rekonèt Fignole ST Cyr kòm reprezantan travayè yo nan Konsèy la. Pou nou menm, Fignole St Cyr kòm ajan patwon yo, li pa ka kontinye reprezante travayè nan CSS la. Fòk oganizasyon sendikal yo ranplase l touswit. Li trayi kòz travayè peyi Dayiti.

imageViv Libetè Sendikal La Nan Peyi Dayiti Jul 03 (ESPM - BO) 0 comments

Kanmarad Ouvriye ak ouvriyèz

imageMobilizasyon premye me : Travay wi, esklavaj non! May 01 0 comments

Premye me, se jounen entènasyonal lit travayè.

imageAyiti, Premye Me 2012 Apr 30 0 comments

KAMARAD OUVRIYÈZ AK OUVRIYE!

more >>
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]