user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week
Recent articles by SOFA
This author has not submitted any other articles.
Recent Articles about Amerik Santral / Karayib Gender

Vre Sans 8 Mas Klas Ouvriyè A Mar 13 18 by Batay Ouvriye

8 Mas 2014 – Jounen Entènasyonal Lit Pou Emansipasyon Fanm! Mar 10 14 by Batay Ouvriye

Pronunciamiento de la Comisión de Mujeres de la Unión Campesina Paname... Jul 07 12 by Coordinadora Latinoamericana de Organizaciones del Campo

Pozisyon SOFA sou menas Gouvènman tou nèf la pou fèmen Ministè Kondisyon Fanm Ak Dwa Fanm

category amerik santral / karayib | gender | non-anarchist press author Thursday June 09, 2011 23:51author by SOFA Report this post to the editors

Solidarite Fanm Ayisyèn – SOFA ap suiv avèk anpil atansyon diskou ak aksyon prezidan tou nèf la ansanm ak tout ekip li a. Nou konstate prezidan an tanmen yon kanpay kominikasyon san pran souf pou fè pwomosyon Misye Danyèl Jera Wouzye, li chwazi kòm Premye Minis. Yon kanpay nou pa fin byen konprann lè nou konnen se Palmantè yo Konstitisyon an bay dwa pou ratifye nan yon premye tan chwa premye minis la, epi vote pou oubyen kont tèks politik jeneral l ap gen pou l prezante devan chak chanm yo. N ap poze tèt nou kesyon eske Kanpay kominikasyon sa a se pa presyon Prezidan Mateli vle fè sou Palmantè yo?

Kouman nou kab konprann anvan menm Palman an ratifye chwa Misye Wouzye kòm Premye Minis deziye, li gen tan pran baton pèleren li ap mache nan tout laprès pou fè konnen priyorite li epi bay kèk gran liy estrateji ak politik ki pral travèse gouvènman li an ? Se nan konsa nou tande nan kad refòm administrasyon piblik li ta vle fè, Misye Wouzye anonse nan yon estasyon radyo, li pral mete Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm sou lobedyans Ministè Afè Sosyal.

Nou konstate, nan deklarasyon Misye Wouzye yo, li vle fè listwa gade deyè, li vle pase anba pye plizyè dizèn lane batay fanm yo. Devan gwo retou annaryè, Misye Wouzye sòti pou l fè la, SOFA ap mande eske li te janm pran tan pou l suiv batay mouvman fanm nan peyi d Ayiti ? Se sa ki fè petèt li pa konnen listwa egzistans Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm nan. Nan sans sa a, nou kwè li enpòtan pou nou fè Misye Wouzye konnen, Ministè sa a ki egziste depi 1994 se rezilta batay mouvamnm fanm peyi d Ayiti ki te fè manifestasyon 8 mas 1991 pou mande kreye mekanis enstitisyonèl sa a yon fason pou Leta ayisyen kapab pran an konsiderasyon kesyon egalite fanm ak gason nan tout tèks legal, nan tout politik, pwogram ak pwojè gouvènman yo ap adopte.

Yon lòt bò, nou vle atire atansyon Misye Wouzye sou divès angajman gouvènman ayisyen an te pran lè li te adopte Pwogram Aksyon Beijing nan 4yèm Konferans Mondyal Nasyonzini nan lane 1995. Yon platfòm aksyon, nan domèn kritik/seksyon H li, ki egzije tout peyi manm Nasyonzini yo kreye yon mekanis enstitisyonèl nan pi wo nivo yon fason pou garanti dwa fanm yo pou yo kapab benefisye menm jan ak gason nan tout pwogram gouvènman an. Se yon fason tou pou koupe fache ak sistèm k ap favorize debalansman ant fanm ak gason nan sosyete a. Se sa ki esplike lajounen jodi a, nan plizyè peyi manm Nasyonzini, se nan nivo Ministè yo trete politik ki makonnen ak pwoblematik fanm yo. Ki vle di gen yon Ministè ki okipe zafè fanm sèlman.

Rafrechi memwa sa a, SOFA fè sou listwa Ministè Fanm nan montre aklè Ministè sa a se non sèlman yon egzijans legal ak administrativ paske gouvènman ayisyen siyen rezolisyon ki te soti nan konferans Nasyonzini an, men tou se yon konkèt mouvman feminis ayisyen an. Nan sans sa a, nou konsidere anons Misye Wouzye a kòm yon move siyal. Mouche Wouzye poko menm Premye minis, li soti pou l pa respekte nòm yo. Misye Wouzye koumanse atake mouvman fanm nan, mouvman sosyal yo. Noumenm nan SOFA, nou di pinga ! Chanjman pa vle di boulvèse tout sa ki te fèt ki te bon. Chanjman pa vle di pou n tounen dèyè. Noumenm nan SOFA nou pare pou n goumen pou konsève konkèt sa a. Atak sa a Misye Wouzye vle fè sou mouvman sosyal ayisyen an konsène tout moun, tout sektè. Se pou sa nou kwè li enpòtan pou n tanmen yon mobilizasyon pou anpeche Prezidan Mateli ansanm ak ekip li a fè nou fè bak nan batay nou, nan gany nou.

Menmjan ak lòt òganizasyon ki kwè nan vansman lit fanm yo, SOFA di Wi pou yon Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm k ap defini politik piblik ak règleman pou chanje kondisyon fanm nan peyi d Ayiti.

Lit Fanm nan se Lit tout Mas Pèp la !

Pòtoprens, 03 jen 2011

Dr.Lise Marie DEJEAN
Kòdonatris Jeneral

This page has not been translated into Kreyòl ayisyen yet.

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]