user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Epi...? - Deklarasyon 3 sou Pwosesis Elektoral la

category amerik santral / karayib | the left | press release author Wednesday January 05, 2011 21:28author by Batay Ouvriye Report this post to the editors

16 desanm 2010

SOU PWOSESIS ELEKTORAL LA
DEKLARASYON # 3

460_0___30_0_0_0_0_0_pwen_6_1.jpg


EPI… ?

Nou te pran pozisyon sou gagòt 28 novanm lan. Dabò, nan pèmèt konprann responsablite yo (wè “Deklarasyon # 1” an). Men, an menm tan, nou te montre klèman, si denonse lènmi a enpotan anpil, depi li fèt nan yon lespri kote se konsyans mas yo n ap fè vanse nan enterè reyèl yo, konprann pratik yo, ensèsyon yo nan lit global yo, fondamantal pou pèmèt devlopman lit yo apati enterè yo (wè “Deklarasyon # 2” a). Malgre tou, sèten moun panse sa ki te di yo ensifizan. Nou menm tou nou kwè sa. Se sa k fè nou te prevwa vini ak yon twazyèm deklarasyon. Jounen jodi a sila a endis­pansab pou nou ka gen yon vizyon klè ak kolektif. Kidonk, anplis denonsiyasyon lènmi ak analiz reyalite ki devye nan kan pèp la, fòk gen oryantasyon pou de­vlopman lit ak pratik yo. Fòk gen modòd klè, fòk gen direktiv klè pou mas yo rive wete kò yo tout bon anba tout fo oryantasyon, fo objektif tout “lidè” pèpè yo ap simaye, pou nou pran responsablite nou ak 2 ponyèt, nan kad OTONOMI nou.

Devlopman otonomi an pap fèt brid sou kou. Nan chak moman, nan chak sitiyasyon, se apati prezans konkrè nou nan lit yo, apati efò nou pou pati de konsyans reyèl mas yo e depase li nan kad reyalite konjonkti a, pou otonomi an vanse. Kidonk, reskonsabilite nou jounen jodi a se vanse nan batay pou chache reyalize enterè imedya men reyèl mas yo, pandan n ap wete yo anba dominasyon lenmi degize yo, sila k ap chèche apiye sou yo pou reyalize enterè pa yo ki opoze ak sila reyèl mas yo. Nan sa, konstwi òganizasyon pou vanse apati lit konkrèt aktyèl yo men nan objektif depasman yo, vè objektif pi estratejik nou yo, nan kad pwòp enterè istorik nou, se tach moman an.

*

Nan divès pozisyon nou deja pran, nou montre peyi a toujou nan yon gwo kriz menm si enpeyalis yo, peyi “zanmi yo”, ap fè tou sa yo kapab pou kole-pyese, eseye bouche twou, eseye rekipere eleksyon gagòt 28 novanm lan ki kwoke nan gagagann yo. Nan lane 2003-2004, te gen yon kontradiksyon ant Lavalas ak GNB. Yo te rive mobilize epi divize yon gwo sektè nan mas popi­lè yo nan chak gwoup. Kontradiksyon sa a te jwe yon gwo wòl nan mistifye, kenbe mas yo mis­tifye. Li te trè negatif pou devlopman lit mas yo. Jounen jodi a, nou devan menm sitiyasyon ak kontradiksyon ant INITE ak “opozisyon" an, menm si, jounen jodi a, sila a divize. La ankò, nou jwenn menm sitiyasyon kote fòk lènmi yo apiye sou mas yo osnon yon gwo sektè nan mas yo pou chache reyalize enterè yo. Men jodi a, apyi a pi konplèks, etan done se nan kad efò y ap fè pou remanbre tèt yon leta pouri atravè eleksyon: yon sitiyasyon byen espesifik ki pi konplike.

Devan kontradiksyon sa a tout moun wè k ap anvenime jou an jou an, nou dwe konsyan nou anfas yon posibilite eklatman. Li ka pran 2 fòm: li ka fèt apati konfwontasyon nou gen depi kounye a; osnon, si yo jwenn yon solisyon pou eleksyon gagòt yo a, nou ka vin gen yon konfli lejislatif ak ekzekitif, ak zam nan lari nan diferan band k ap kore chak bò nan yon fòm oswa yon lòt. Lavni ki devan nou an, tout mannyè, se kriz pi fon! Tou dabò, etan done absans altènativ ki ta nan enterè reyèl mas yo, toujou ap gen potansyèl pou itilize yo, dòmi sou yo. Potansyèl eklatman an ka menm pran fom GÈ SIVIL. Answit, kòm tou sa ap fèt anba okipasyon, sa ka mennen, lè sa a, a yon ranfòsman ak 20 mil marin ameriken oswa kareman yon pwotektora, depi dirijan Etazini yo ta panse li nesesè. Non selman fòk nou tout nan mas popilè yo, nou tout pwogresis konsekan, nou tout nan kan pèp la konsyan sitiyasyon danjere sa a men fòk nou travay 2 pye fèm pou yo sispann sèvi ak nou osnon dòmi sou nou nan moman espesifik sa a. Tout travayè konsyan, tout pwogresis konsekan dwe pote boure ansanm pou evite sa rive, ak yon konsyans klè, sepandan, kontradiksyon segondè k ap chache mistifye nou an gen yon gwo enpak negatif sou mas yo. Li gen yon gwo enpak negatif nan devye, bloke lit mas yo, e yon enpak negatif sou sitiyasyon global peyi a.

*

Tout kouran k ap fè bri sou sèn politik la, patikilyèman apati kandida yo, yo tout nan yon menm lojik: “tout moun ladann". An reyalite, se toujou nan kad yon jefò pou rebati ejemoni nan mitan klas dominan yo. Menm kant gen nyans nan mitan yo, se yon zo pwason kraze nan bouyon ant yon Lavalas an dekonpozisyon ak yon nouvo “opozisyon” an dekonfiti makout. Vreman vre, se yon transfòmasyon youn nan lòt y ap chache rezoud nan kad global rekonpozisyon klas dominan yo. Lè li pa pran fòm sa a, li pran yon oryantasyon kareman fachis tou louvè pandan l ap sèvi ak yon swadizan pozisyon “anti-lavalas” momantane pou chache remanbre zèl ki pi reyaksyonè a dabò. Langaj popilis ki a­konpaye chema sa a pa dwe twonpe nou. Sa a tou nou dwe travay pou mas popilè yo klè sou li e pa rete nan okenn demach sipefisyèl. Ekzanp ki pi klè nan mo­man an, se Martelly ki gen kòd lonbrit li mare ak Repibliken ki pi reyaksyonè nan peyi Etazini: vakabon “T Party” yo! La ankò, se yon tra­vay travayè konsyan yo, ansanm ak pwogresis konsekan yo dwe mare senti yo pou yo fè ansanm.

Sou kote tou sa, nou dwe toujou klè: LIT LA PA T JANM KANPE. Te toujou gen BATAY! menm lè enpak lit sa yo pa t global nan anpil ka. Gen divès lit ak pratik sou kesyon salè ak espwatasyon ki akonpaye l la; nan milye riral la, sou kesyon tè, espwatasyon dimwatye, zouti, angrè, semans...; toupatou gen lit sou kesyon edikasyon, lekòl, inivesite; gen lit sou kesyon sante, transpò, lojman, sou kesyon kan yo, rekonstriksyon; gen lit sou kesyon jistis e kont enpinite; e, nan mitan tou sa, gen lit kont okipasyon an, kont minista. Ki kote tout moun k ap fè bri jounen jodi a te kanpe lè tout lit sa yo t ap mennen?

Lit sa yo pèmèt delmite 2 kan. E nou pa dwe wete yon pwèlyèm nan valè ak enpòtans delimitasyon sa a. Batay la pap fasil. L ap mande nou pran gwo risk. Kidonk fòk nou mennen li byen. Li ka rive menm moun nan mas popilè yo ki pa konprann nou, vin kanpe anfas nou. Sa pa dwe ralanti nou. Fòk nou diskite tout kesyon sa yo ansanm ak tout sa ki sensèman ap chache yon solisyon nan enterè reyèl, objektif, aktyèl ak istorik yon kolektif ki se yo, sila kan pa yo. E sa ki toujou vle kanpe anfas nou, poutèt yo dèyè yon “lidè” pou enterè pèsonèl yo, nan konfyolo ak fòs pi reyaksyonè ki egziste nan peyi a ak nan lemonn, kidonk kont enterè kolektif popilè nou an, enterè peyi a: konbat yo! Konbat yo depi kounye a nan tout sa nou kapab pandan n ap òganize nou pi byen, toujou pi byen, pou konbat yo yon mannyè definitif. San nou pa janm bliye, se alabaz frè kan nou yo ye, yo ka ye, yo ta dwe ye. Men, si yo pa vle, si konjonkti a brote yo nan lòt kan an, kote yo pito al fè sousou anba “lidè”, granmanjè, grandon, boujwa restavèk ak enpeyalis, y ap anfas nou e n ap anfas yo.

Devan danje lagè sivil la, nou pa dwe nonplis kite yo sèvi ak nou pou n al tire youn sou lòt. Li enpòtan pou nou konsyan ak klè sou enterè reyèl nou yo. Sa dwe diskite, sa dwe asime. Ak sa, n ap ka vanse nan lit pou reyalize lavi nou ansanm ak tout fanmi nou, tout pitit nou: lavni nou. Pou sa, fòk nou pòte enterè reyèl pa nou yo anfas tout mistifikatè yo, sou sèn politik la menm. Nou dwe fè li sou teren pa nou, ak sou pwòp teren pa yo tou. Gen yon bagay ki klè e ki dwe trè klè pou nou: nou dwe mobilize, batay, goumen pou evite gè sivil la! Men, an menm tan tou, si nou pa rive fè sa, n ap gen pou transfome li an lagè ki pou pèmèt reyalize pa desisif ki nan enterè nou menm travayè yo, nan enterè mas popilè yo tout bon. Tach sa a, fò n konprann li byen, se yon tach demokratik fondamantal. Nou dwe reyalize l ak tout konsyans nou, ak tout detèminasyon nou.

Nan kad desizyon kapital sa a, fòk nou klè sou yon rapò: risk lagè sivil la, se yon risk anfas ranfòsman okipasyon an li ye an menm tan. Paj listwa Vilbrun Gillaume Sam la ki swiv ak premye okipasyon ameriken 1915 la dwe kapab eklere nou nan sans sa a. Pou sa, evite lagè sivil la mache men nan men ak lit kont okipasyon an.

Anreyalite, poze pwoblèm eleksyon an, se poze pwoblèm okipasyon an. Poze pwoblèm lagè sivil y ap planifye a (konsyaman ou pa) pou foure nou anba pwotektora, se poze pwoblèm okipasyon an. Poze seryezman lavni peyi d Ayiti, se poze pwoblèm okipasyon an! Batay kont okipasyon an te deja kòmanse, jounen jodi a li fondamantal pou li anplifye!

Konsiderasyon sa a mete, sou yon bò, tout swadizan “lidè” yo, tout tchoul enpeyalis yo, tout kolaboratè tout plim tout plimay yo, tout opòtinis yo: klas dominan yo ansanm ak akolit yo. Sou yon lòt bò, li mete ansanm fòs pwogresis yo, travayè yo, nou tout ki gen enterè reyèl nan yon peyi gran moun tèt li. Nan Batay Ouvriye , n ap travay nan sans sa a. Se konsa, nan nou menm, nan mobilizasyon ki nan lari a jounen jodi a, nan diferan deba nan katye popilè yo, nan inivèsite, nan laprès, nan reyinyon ak lòt òganizasyon alye, tout kote gen posibilite fè konnen pozisyon nou, nou deklare: ABA PREVAL TRÈT ! FÒK LI ALE ! BAY TÈ A BLANCH ! ABA ELEKSYON MAGOUY! ABA KEP MAGOUYÈ! ABA MINISTA! ABA OKIPASYON! FÒK YO BAY PEYI A! ABA LETA ANTI POPILÈ – ANTI NASYONAL! ABA BOUJWA RESTAVÈK! ABA GRANDON! ABA GRANMANJÈ! VIV LIT PÈP AYISYEN! VIV YON AYITI GRANMOUN!

*

Nan kontèks sa a, kontrèman a moun k ap fè apèl pou di: “lanasyon an danje, fòk tout Ayisyen fè youn pou nou ka rekonstwi peyi nou ansanm” etc..., nou panse, jounen jodi a, enterè ki kontradiktwa yo vin antagonik. Batay 200 goud la te montre nou sa aklè. Tout lavi mizè ak dezolasyon pèp ayisyen, anfas opilans ak lejète dominan yo demontre sa toutan. Nan kad sa a, OKIPASYON an pa echape a lojik sa a. Gen moun, gen klas ak fraksyon klas ki dakò avè l, apiye l, bezwen l pou tabli dominasyon yo sou mas yo, siviv, pandan nou menm, nou radikalman ap soufri anba l. Si, nan moman an, gen yon “santiman nasyonalis” ki, anplis, rive jèmen nan pami yon pi laj sektè nan sosyete a, jouk sèten moun kòmanse santi pwoblèm reyèl okipasyon an ap pote pou yo epi ap klewonnen dezakò yo, se apati BATAY kont okipasyon an - e batay mas yo an patikilye - yo rive “reveye”. Bagay ki pèmèt kontradiksyon yo vin jou an jou pi file, jouk, jan nou di a, yo vin antagonik epi, an menm tan, pi global: kontradiksyon ak okipasyon an vin gen yon karaktè nasyonalman antagonik. Men fò n pa bliye wòl sila ki te, tou dabò, aksepte prezans sa a, favorize l menm, òganize l menm pandan tout premye tan yo.

*

Nan kad sa a, nou dwe poze konstriksyon peyi a. Nan enterè kiyès, nan ki oryantasyon, ak ki fòs. Se devlopman lit yo, lit nou, ansanm ak kapasite òganizasyonèl travayè yo, mas popilè estriktire yo ki pou pèmèt nou bati tèt nou antanke entèlokitè reyèl anfas tout moun ki, mondyalman, ta gen pou diskite ak nou. Moun ki di yo vle ede yo dwe asepte ede nan yon oryantasyon ki fondamantalman nan enterè peyi a. Sou bò pa nou, fòk nou vini ak oryantasyon sa a e opoze li ak absans pwogram / soumisyon politisyen yo ak klas dominan tchoul yo. Se yon PWOGRAM ki nan enterè peyi a, apati enterè travayè yo ki pou pèmèt rezoud pwoblèm lan. Nou dwe vin avè l e fè konnen l, laj, pi vit posib.

Nan tou sa, nou dwe kenbe fèm nan travay pou konstriksyon yon altènativ fondamantal ki koresponn ak enterè reyèl travayè yo, mas yo. An menm tan - e, pou sa - nou dwe prezan sou sèn politik la, anfas tout lenmi nou yo, tout plim tout plimay, nan pèspektiv yon gouvènman demokratik popilè k ap reskonsab defans enterè travayè yo tout bon, enterè mas popilè yo e ki, pou sa, ap travay an patikilye e ak tout konsantrasyon reyèl nesesè a pou dezokipasyon. Anfèt, n ap poze pwoblèm POUVWA a, men apati ENTERÈ REYÈL MAS YO.

Nan tou sa, nou dwe konsyan, kit se sitiyasyon eksploziv ki deja la a kote klas dominan yo ak tout leta reyaksyonè yo a pa kapab jere ni kontradiksyon nan mitan yo ni dominasyon yo sou mas popilè yo, kit se sitiyasyon kote lit popilè deplizanpli òganize yo vin ap pran fòs tout bon, youn oswa lòt ka / ap mennen nan yon afwontman ant klas, ant 2 kan yo, kote yon Soulèvman Demokratik Popilè ap nesesèman alòddijou. Anfèt, pou nou enpoze yon oryantasyon ki nan enterè mas popilè yo tout bon, e, konsa, debloke fòmasyon sosyal sa a anfas fayit klas dominan yo ansasnm ak tiboujwazi k ap swiv yo a, li nesesè nou pase pa chimen sa a. Kidonk nou dwe travay pou li e, nan sa, li dwe detèmine tout zak nou sou tout teren.

*

Konkrètman:

Nan moman sa a, mekanism pou aplike oryantasyon fondamantal sa a enpòtan. Youn ladan yo, se ajitasyon-pwopagann pou simaye lide nou yo, diskite yo, pèmèt tout moun ki gen enterè nan yo fè youn ak yo epi asime yo. Ajitasyon pwopagann lan dwe fèt yon mannyè pou tout moun ka konprann kontni a vit, santi yo konsène ladan l, pandan l ap ede yo depase sitiyasyon konsyans limite ki genyen jounen jodi a. Mesaj yo dwe kout, atikile, presi, ak de direktiv klè: nou dwe pran lari a yon lòt jan!

Nan moman an, youn nan aks pi enpòtan yo, nan kad eleksyon gagòt la menm kote nou di: ABA ELEKSYON GAGÒT! ABA RAFISTOLAY ENPEYALIS YO VLE FOURE NAN GAGANN PÈP AYISYEN! ak yon travay nan mas yo pou rejè eleksyon san pwogram reyèl la; nan kad lit pou dezokipasyon an kote nou dwe travay pou Premye Janvye an tounen pa nou ABA OKIPASYON!; se ajitasyon-pwopagann sou kesyon gè sivil la. Nou deja kòmanse li la a. Fòk gen travay òganizasyon pou mete sou pye Komite Lit Popilè k ap bay baz pou evite li ak bati yon lòt altènativ.

Nan dat Premye Janvye 2011 la, anfas tout trèt ak dominan restavèk yo, nou pwopoze yon mobilizasyon jeneral, total kapital, natif natal : “ DU SOL SOYONS SEULS MAÎTRES! ” Fòk nou tout travayè, nou tout mas pèp la, nou tout pwogresis konsekan, nou ladan l! Se mobilizasyon pa nou!

Pandan lane 2011 la tou, pandan dòt mobilizasyon kont okipasyon an dwe swiv / pral swiv, n ap prepare yon konferans entènasyonal sou kesyon an, kote diferan entelektyèl pwogresis entènasyonal, ansanm ak sila Ayiti n ap chwazi yo, ap vin apiye nou nan reflechi sou kesyon an: yon Konferans Entènasyonal Solidarite ak Pèp Ayisyen pou Dezokipasyon. Konferans sa a ap reyalize pou pèmèt ranfòse lit kont okipasyon an, kèlkeswa tchoul k ap vin “dirije” peyi a. L ap fèt ak sipò divès zanmi pwogresis, zanmi tout bon vre, nasyonal kou entènasyonal, k ap pote solidarite reyèl yo bay pèp ayisyen. Bò kote pa nou, se tout fòs pwogresis otonòm ki pou pote boure. Travay la dwe vanse vit e byen.

Nou dwe travay pou gen yon gwo prezans nan radyo yo, malgre nati yo, kidonk san ilizyon. Nou dwe travay pou gen inisyativ otonòm pa nou anivo sa a tou e jwenn solidarite pou reyalize li. Medya yo jwe yon gwo wòl nan kenbe vid pwogramatik la, menm lè yo konn denonse li. Yo pa travay pou rive depase li, yo pa vreman favorize depasman li. Se pratik pa nou ki pou fè depasman sa a rive fèt epi jwe yon lòt wòl. Se la li nesesè nou prezan ladan yo ak fòs. Se konba nou, pozisyon nou, nati nou ki pou deteminan nan sa. An menm tan, nan lojik mache sou 2 pye nou, nou dwe travay pou devlope pwòp kapasite otonòm pa nou. Resous yo fèb men se yon nesesite.

Tou sa mande òganizasyon. Gen yon seri pratik lit ki pèmèt yon rapwochman politik ant divès kouran, òganizasyon. Gen yon pol popilè-pwogresis-travayè ki vanse nan pratik pou konstwi tèt li nan lit. Nou dwe ranfòse sa ki fèt yo. Nou dwe estriktire inite sa a yon mannyè dirab pou yon meyè avansman pratik yo. Sa mande yon platfòm òganizasyon; nou dwe presize tou yon platfòm lit nasyonal nou dakò sou li pi vit posib.

*

SÈTEN TACH IMEDYA

Travay òganizasyon:

Tout òganizasyon pwogresis dwe mete li alawotè responsabilite sa yo. Pou sa, tout òganizasyon yo dwe konsolide tèt yo pi vit posib, etriktire tèt nou, devlope kapasite nou nan tout chan, sou tout fòm, yon mannyè dirab ak 2 platfòm yo. Fòm yo ap pran espesifisite yo selon chak zòn, chak chan. Nou dwe ralye tout sa ki polarize (endividi ak òganizasyon) pou gen yon akò pi jeneral, yon ranfòsman pratik yo. Nou dwe travay pou Komite Lit Popilè anti-okipasyon yo ka pran chè epi devlope yon mannyè òganize, estriktire, kowòdone. Favorize pou yo gen apò yo patikilyèman sou sèn politik la, nan lit onivo nasyonal yo, ansanm ak tout sa ki polarize apati enterè travayè yo, enterè mas popilè yo, enterè peyi a.

Mobilizasyon ak lit:

Nan kad kontni pratik nou yo, nou dwe vanse sou tout aks lit ki alòddijou yo, an patikilye sila kont okipasyon an, kont Minista a konkrètman, pou yon souverènte nasyonal reyèl: yon gouvènman demokratik popilè pou dezokipasyon; men tou anfas gagòt eleksyon yo ansanm ak tout pwosesis ki detèmine l la; travay poou reyalize konferans solidarite a; lit kont oryantasyon ekonomik yo a: privatizasyon ak konsekans li yo, salè, zòn franch, refòm agrè, pwodiksyon nasyonal, lit kont represyon, ki dwe mache ak lit kont okipasyon an epi kont Minista konkrètman, lit pou dwa demokratik fondamantal ki dwe mache ak lit kont klas dominan pouri ak kont okipasyon toujou.

Ajitasyon-pwopagann:

Chita sou potansyèl gè sivil la, ki sa nou dwe fè, sou kesyon eleksyon an, sape baz apyi klas dominan yo, rejè mas yo pou politisyen yo ak tout pwosesis la, ajitasyon pou lit imedya yo an lyezon tou ak eleksyon okipasyon, chita sou enpòtans yon gouvènman demokratik popilè pou dezokipasyon, pèspektiv lòt leta a, konstyriksyon fòmasyon sosyal la. Nan tou sa, nou dwe travay pou globalize tout lit yo an pèmanans e pèmèt yo toujou gen karaktè politik yo dwe genyen an.

*

Nou panse 3 deklarasyon nou fè soti nan konjonkti sa a gen enpòtans yo. Yo la pou fè yon travay byen presi. Non sèlman y ap pèmèt konnen pi byen pozisyon nou, detèminasyon nou, men y ap pèmèt devlope piplis inite nan kan pèp la. Pou tou sa, fòk gen direktiv ak modòd klè ak mobilizatè. Sa valab patikilyèman sou kesyon eleksyon an kont moun ki dèyè li yo, sou mobilizasyon anti okipasyon nou dwe prezan sou beton an nan yon lòt lojik, sou dwa demokratik fondamantal yo nan pèspektiv detache mas yo de moun ki vle pran apyi yo e nan pèspektiv vanse nan lit pou reyalize enterè yo. Lagè sivil la, komite lit yo, travay pou yo konprann sitiyasyon an. Gen yon travay ki dwe fèt tou apati kontni 3 deklarasyon yo: denonse lènmi, nati li, pratik li; konprann moman mas popilè yo ap pase ak pouki yo gen reyaksyon y ap pran jounen jodi a; nesesite òganizasyon, mobilizasyon ak ajitasyon pwopagann pa nou, ak konsiy presi, modòd klè. Travay sa a dwe pèmèt inifye piplis kan pwogresis-popilè-travayè a ak fè lide yo vanse nan mas yo an jeneral.

ABA ELEKSYON GAGÒT YO VLE FOURE NAN GAGANN PÈP AYISYEN AN!
ABA OKIPASYON!
DU SOL SOYONS SEULS MAÎTRES!

E sèl fòs ki ka pèmèt di e reyalize sa, ki gen enterè nan sa, se TRAVAYÈ - PWOGRESIS - MAS POPILÈ YO, AK YON KONSYANS ENTERÈ YO K AP DEVLOPE PIPLIS CHAK JOU NAN LIT YO.

VIV LIT TRAVAYÈ YO! VIV LIT MAS POPILÈ YO! VIV LIT PWOGRESIS YO!
VIV LIT KAN PÈP LA!

This page has not been translated into Dansk yet.

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch

Amerik Santral / Karayib | The Left | Press Release | ht

Fri 28 Nov, 15:32

browse text browse image

haitielections03_photoblog900.jpg imageSou Pwosesis Elektoral La 20:36 Mon 13 Dec by Batay Ouvriye 0 comments

MALGRE GAGÒT, NOU MENM NAN MAS POPILÈ YO, NOU LADANN!

phpvc9o5ppm.jpg image19 Malè Pandye Sou Ayiti 05:30 Sat 04 Dec by VA 0 comments

Se paske yo TOUT se ak grandon, granboujwa, granmanjè, gwo peyi k ap souse nou yo ak tout Minista yo a yo YE! Se LA enterè yo chita tout bon, kidonk se enterè SA yo yo TOUT pral defann. KONT NOU!

Sorry, no stories matched your search, maybe try again with different settings.

imageSou Pwosesis Elektoral La Dec 13 BO 0 comments

MALGRE GAGÒT, NOU MENM NAN MAS POPILÈ YO, NOU LADANN!

image19 Malè Pandye Sou Ayiti Dec 04 0 comments

Se paske yo TOUT se ak grandon, granboujwa, granmanjè, gwo peyi k ap souse nou yo ak tout Minista yo a yo YE! Se LA enterè yo chita tout bon, kidonk se enterè SA yo yo TOUT pral defann. KONT NOU!

© 2005-2014 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]