user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Sou Pwosesis Elektoral La

category amerik santral / karayib | the left | press release author Monday December 13, 2010 20:36author by Batay Ouvriye - BO Report this post to the editors

DEKLARASYON # 2

MALGRE GAGÒT, NOU MENM NAN MAS POPILÈ YO, NOU LADANN!

haitielections03_photoblog900.jpg

Menm jan ak plizyè lòt "eleksyon" ki fèt apre 7 fevriye 1986, gagòt 28 novanm 2010 la mete nou devan divès kalite pwoblèm. BATAY OUVRIYE deja denonse vre wòl lenmi pèp ayisyen an jwe e ap kontinye jwe sou divès fòm. Tou dabò, nou dwe klè 28 novanm se yon moman nan tout sa yo rele “pwosesis elektoral” yo a. Gen lòt pwoblèm trè serye nou dwe lonje dwèt sou yo epi ranmase tout detèminasyon nou pou nou toke kòn ak yo. Lènmi yo sou yon bò, mas popilè yo, travayè yo sou yon lot bò : 2 kan. Sou kesyon enterè reyèl yo, nou gen pou byen delimite yo, byen separe youn ak lòt. Men, nan pratik politik konkrè yo, li pa senp. Pou avansman lit nou yo nou dwe konprann pratik yo. E la ankò 28 novanm la enpòtan.

Depi anvan dat sila a, Preval te deja montre sa ki pral pase. Li te montre li krenn yon fèb patisipasyon ak vyolans. Fèb patisipasyon : rejè mas yo pou sa k ap fèt la. Yo pa rekonèt tèt yo ladan li vre. Osnon, pou pi piti, yo pa rekonèt yon lidè pa yo vre. Vyolans : se gagòt 28 novanm lan ak lòt gagòt k ap planifye yo. Nou te montre gen nesesite pou ekip ki sou pouvwa a tabli yon kontinyite, kontinyite sa a, enpeyalis yo bezwen l tou, se sa k fè yo apiye tout magouy, yo fè pati gagòt la menm. Pou gen kontinyite fòk te gen dappiyanp, kidonk: vyolans sou tout fòm. Pou kontrekare kontinyite nan pèsonèl ki nan tèt leta a (menm si y ap gen menm liy e y ap defann menm enterè global yo) fòk te gen vyolans “opozisyon” an tou. Sa pa dwe etone nou. Yo gen menm nati, se menm yo menm lan... Kidonk Preval te santi li, Preval te konnen li. E li reyèl : globalman te gen rejè "pwosesis elektoral" yo a e se sa ki te esplike tout kandida yo t ap fè gwo kanpay pou moun al vote, se sa k fè pouvwa a depanse yon volim lajan (ak tout menas pafwa!) pou fè moun al vote. Ni youn, ni lòt pa t ka kite mas popilè yo wè epi, pou kont yo, chwazi patisipe ou pa, devan yon pwosesis yo t ap rejete globalman.

- 28 novanm lan, gen yon gwo pòsyon nan mas popilè yo ki eseye al vote. Anpil pa rive. E sa rann to patisipasyon reyèl la pi ba toujou. Nan konprann sitiyasyon an epi kalkile ki BATAY ki pou mennen, moun ki t al vote yo dwe enterese nou anpil.

- Depi 1987, anpil moun te deja ap pale de pèp ayisyen ki trè politize. Men pa t gen yon analiz reyèl sou politizasyon sa a. Apre mas popilè yo fin soti anba fòm dominasyon divalyeris la, 20 lane ki sot pase yo montre aklè se te yon politizasyon an lajè, se pa t yon politizasyon an pwofondè. An jeneral mas yo te konn sa yo pa vle. Men yo pat klè ni sou sa yo vle nan chak moman, ni sou sa yo dwe vle apati enterè objektif yo, enterè istorik yo. Sa te pèmèt divès kouran, divès politisyen rabi sèvi avèk yo, kenbe yo divize menm lè yo te endispansab (antanke apyi) pou lènmi sila yo vanse. Reyalite sa a pèmèt lonje dwèt sou yon "fòs" kan menm, men yon fòs yo devye nan wout li. 28 novanm lan nou jwenn menm bagay la.

- Nou jwenn dives faktè ki jwe fò nan sa. Tou dabò, gen yon dezawa jeneralize nan kad yon sitiyasyon mizè kap vin pi grav chak jou e ki vin bokou pi grav nan lane 2010 la (goudougoudou, siklòn, kolera...). Sou kote tou sa, pa gen pèspektiv klè ki rive touche nou osnon parèt devan nou. Sa ban nou endiferans. Men sa bay opòtinism tou, patikilyèman nan konsepsyon sèten moun te toujou genyen sou kesyon fè politik (depi 87 pou yon moun te al kole yon trak, fòk yo te peye li: yon konsepsyon abolotcho ki vin anplifye ak Aristid epi Preval). Nou vin gen wòl lajan nan achte moun, nan achte vòt, nan achte pratik. Opòtinism sa a, nan kad konsyans limite a, lè li jwenn ak yon sèten konbativite, sa bay baz, potansyèl, pou, nan loumpenn lan sitou, nou jwenn gang politik yo (nou fè esperyans Lavalas, Boulos, Preval-Inite-Monplezi...).

- Gen evolisyon jenès la nan kalite moman sa a, patikilyèman nan vil yo. Menm karakteristik yo: aspè laj la, pa gen pèspektiv, dezawa, rechèch solisyon fasil, pare pou pran nan nenpòt demagoji sipèfisyèl popilis sou travay, lekòl, sante, soti anba tant, ti moun ki nan lari..., osnon nan nenpòt aparans onètete. Nan kad pourisman global peyi a, pandan y ap rejete politisyen rabi yo - ak rezon, y ap tonbe nan pi mal (dekadan, poutchis, fachis).

- Nan zòn riral yo, se vre gen yon evolisyon pa rapò a pwopriyetè fonsye yo, kalite rapò feyodal depandan-soumisyon an depi apati pwodiksyon an tonbe, avèk MPP a ki fin depafini, men nou jwenn mak fabrik negatif yo ankò, tankou opòtinism lan (menm si fòm li pran yo yon jan diferan ak sa lavil yo). Nou jwenn yon fòm enpisans tou, ki pi gwo toujou pase nan vil yo e ki makonnen ak fòm dominasyon politik la pran nan milye sa a (sonje wòl kazèk, azèk e menm sèten lot reprezantan leta a tankou majistra, jij ak efè yo sou peyizan domine esplwate yo). Santiman kote yo pa santi yo moun lan toujou la. Malgre tou, menm pwoblèm “konnen sa yo pa vle a men pa klè sou sa yo vle a, sou sa yo dwe vle a” trè fò. E konnen sa yo pa vle a gen mwens klète pase nan vil yo. Tou sa fasilite pou te gen yon teren pwopis pou al dèyè vagabon pandan pa ka gen kontwòl pa rapò a tout manigans mannèv k ap fèt sou do yo, kidonk magouy bounda louvè nou konnen an.

- Mas yo kontinye ap sibi efè 30 lane divalyerism lan. Men y ap sibi tou efè pi resan matrakaj politik ak ideyolojik klas dominan yo ak yon gwo sektè nan tiboujwazi a, ansanm ak sila politisyen yo sou “demokrasi”, “konstitisyon”, “vote se yon dwa, se yon devwa” elatriye... Travay sa a bay fwi. Konsa, li pouse yon bann moun wè pou yo al “ranpli devwa sivik yo”, san yo pa reflechi ni twò fon, ni twòp sou pi lwen. Sou yon lòt bò, yo pran e y ap repete: “si yo pa vote, y ap vote pou yo”. Sètènman pa rapò a 30 lane divalyerism lan, se yon avanse. Men nan kontèks dominasyon global la, se yon gwo fren. Konsa nou vin gen meyè kondisyon pou rekiperasyon sèten potansyèl nan mas yo ak kondisyon pou devye konbativite mas yo. Kidonk aksantye pourisman an. Se sa ki reyalize 28 novanm lan.

- Kit se yon bann òganizasyon nan zòn riral yo, kit se yon bann nan gwo vil yo, yo pote mak pourisman global fòmasyon sosyal la. Anpil ladan yo, pouriti a rekipere yo, si yo vivan toujou. Nan anpil ka ONG yo, lojik ONG yo jwe yon gwo wòl. Kliyantelism politik la jwe yon gwo wòl, koripsyon pratik abolotocho yo tou, nan kad yon patènalism, opòtinism, solisyon endividyèl k ap frape fò. Mit lidè a rete trè fò e sa lakòz tandans pa kwè nan tèt yo a kontinye pran fòs. 28 novanm lan ranfòse tou sa ak pratik INITE epi sèten lòt kandida.

Si nou gade tou sa nan mitan mas popilè yo, gen anpil ki pou fèt. 28 novanm 2010 la montre sa, raple nou sa. Sa ki pou fèt la rete trè gran. Gen moun ki ka annik wè se yon travay a lon tèm. Men nou dwe klè nou devan yon sitiyasyon konkrè. Sa ki pou fèt la dwe rezoud yon kontradiksyon. Pi fò mas popilè yo rejete pwosesis la. Nan refleksyon pwofon yo, lè y ap reflechi tout bon sou lavi yo ak lavni manti ak blòf kandida yo prezante devan yo, pi fò mas popilè yo klè nou te gen 19 malè pandye sou tèt peyi a. Yo te klè YO TOUT KONT NOU! Men anpil pran kanmem nan kesyon “eleksyon” an. Yo mobilize sou li, yo pale anpil sou li e yo eseye al vote. Malgre plen deba nan mitan yo, anpil pran ! Yo poze yon kesyon klè nan lojik yo a : yo se 19 malè pandye men nou menm nou pa gen moun ! Sa pou nou fè? Sa montre nou pwoblèm otonomi endispansab la dwe rezoud. Men li pap rezoud nan 2 jou ni nan 2 mwa. Nou dwe klè sou sa. E se la nou dwe mache sou 2 pye nou : fòk nou jwenn mwayen pou konstwi repons sou kesyon imedya mas yo, pandan nap travay pou depase lojik y ap benyen ladann lan. Depasman an ap fèt INIKMAN nan lit otou aks ki koresponn ak enterè reyèl mas popilè yo. Se nan tou 2 aspè sa yo nou dwe vanse. Paske, jan nou deja di li klèman: pwosesis elektoral la pap debouche sou anyen dòt pase YON KRIZ K AP VIN PI FON !

Fòk mas popilè yo retounen aktè nan desizyon yo epi aji apati enterè reyèl yo nan solisyon kriz la, nan tout nivo ak sou tout fòm. Eklatman k ap vini an, nou pa dwe sibi li, nou pa dwe kite yo itilize nou. Fòk nou prezan epi fòk nou rantabilize prezans nou, nan tout sa nou kapab. Pou sa, fòk nou òganize nan tout nivo, apati enterè reyèl nou. Nan sa, fòk liy nou klè, modòd nou klè e fòk gen òganizasyon sifizan. Anvan tout bagay, pratik nou dwe pèmèt vanse nan konstriksyon otonomi an, nan objektif yon pouvwa ki nan enterè mas popilè yo, travayè yo, klas ouvriyè a tout bon. SE PWOBLÈM SA A KI POZE JODI A E SE DEPI JODI A POU NOU ATAKE LI! POU REZOUD LI!


6 desanm 2010

This page has not been translated into Català yet.

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch

Amerik Santral / Karayib | The Left | Press Release | ht

Sat 20 Dec, 12:56

browse text browse image

460_0___30_0_0_0_0_0_pwen_6_1.jpg imageEpi...? - Deklarasyon 3 sou Pwosesis Elektoral la 21:28 Wed 05 Jan by Batay Ouvriye 0 comments

SOU PWOSESIS ELEKTORAL LA
DEKLARASYON # 3

phpvc9o5ppm.jpg image19 Malè Pandye Sou Ayiti 05:30 Sat 04 Dec by VA 0 comments

Se paske yo TOUT se ak grandon, granboujwa, granmanjè, gwo peyi k ap souse nou yo ak tout Minista yo a yo YE! Se LA enterè yo chita tout bon, kidonk se enterè SA yo yo TOUT pral defann. KONT NOU!

Sorry, no stories matched your search, maybe try again with different settings.

imageEpi...? - Deklarasyon 3 sou Pwosesis Elektoral la Jan 05 0 comments

SOU PWOSESIS ELEKTORAL LA
DEKLARASYON # 3

image19 Malè Pandye Sou Ayiti Dec 04 0 comments

Se paske yo TOUT se ak grandon, granboujwa, granmanjè, gwo peyi k ap souse nou yo ak tout Minista yo a yo YE! Se LA enterè yo chita tout bon, kidonk se enterè SA yo yo TOUT pral defann. KONT NOU!

© 2005-2014 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]