user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Pou tout neg ki sevi ak teknoloji blan e chans...

category amerik santral / karayib | miscellaneous | non-anarchist press author Wednesday November 24, 2010 18:08author by Nègès kreyòl Report this post to the editors

Pou tout neg ki sevi ak teknoloji blan e chans, forum nan ba yo pou fè pase pwen vi yo, paske san kwa se bout manmit lèt ak kòb Lanbi ki ta sèvi yo antèn pou fè pwopagan'n, si yo pa ta gen kòb pou achte la près. Map envite nou pito al chache deklarasyon Prezidan Chavez fè ak tout lòt moun ki gen konsyans de difikilte peyi-a ap travèse depi anvan e apre tranbleman tè-a, vin'n anpire ak epidemi kolera, melange ak tout kalite lòt pwoblèm tankou: mizè, vyòl kap fèt sou ti fi, pwotitisyon sab nou pa bliye kajedak malfwendenk ap fè sou fanm san yo pa vle. kou granmoun. Sa nou bezwen tande makòn kandida nap fè kanpay sou forum nan pou yo a di, konbyen moun yo ede chape anba tout pwoblèm sila yo. Nou pran tout moun pou enbesil, oubyen vandè de konsyans menm jan ak nou. A la mwen konnen Mister Clean pa la ankò, regrete memwa.

Mwen panse li ta pi bon, nou menm ki anba pou nou ta enfòme entènot yo pito sou ki èd konkrè 19 kandida yo pote nan soufrans popilasyon anvan eleksyon malachyonk 28 novanm nan, yo tout ap pare pou pran plas yo nan lakou palè, pase tikay yo tout ap kouri dèyè'l pa la ankò. Ki konkou mesyedam yo pote bay popilasyon an nan katchouboumbe yo twouve yo la. Olye yo anplwaye yon ekip reskiyè kap enfòme nou sou sa nou konnen deja e sa ki pa enterese nou. paske nou dòmi ak jan deja, nou pa bezwen pèson vin'n di nou kijan yo wonfle.
Nou bezwen konjige yon lòt vèb, paske menm jan ak Hans, plis yon pakèt lòt ayisyen ki andeyò peyi-a nou fatige ak soufnantchou sila yo. Nou bezwen nèg yo rantre nan pratik, nou fatige ak teori ak bèl pwomès depi dyab te kaporal.

Mèsi anpil mouche x paske ou pa gen enfòmasyon pou nou sou soufrans popilasyon an, men pito sou tout sak kap pase andan vant Baker.
Eske Mysye x ka di nou kisa koukou te fè pou frize, pou'l fè pitit li, pou'l ta rele li frizelia. Mwen te kwè yo di se gou sòs ki mete lang deyò.

Bon moun ki pran inisyativ louvri forum nan te sipoze fè tout lidè politik yo chèf kanpay yo peye pou advètizing wi, paske yo anpil, tout plim, tout plimaj, konsa ti lajan sa ta ka kontribiye nan ede moun ki nan bezwen yo andedan peyi-a.

Di mwen non, chèf kanpay kandida yo ki pi cho yo, konbyen ti sache klorox, serum oral, sik, ak sitron yo deja pote bay plis pase 3.000 frè'n ak sè'n yo ki deja atake, san konte lot ki pral atake si pa gen plan dèd pou goumen kont epidemi an ki mete an plas prese, prese. Nou pa wè malè a non! Nou wè pito pouvwa! Eleksyon

Nou kite prezidan Chavez gen plis rekonesans anvè zansèt nou yo pase nou. Nou two pa bon, ban'n ensanse, meyè bay moun ki gen kè sansib espas pou yo enfòme lòt e wè kijan ansanm nou ka fè pou nou vini an èd ak sila yo ki lage pou kont yo ak maladi kolera. Abse-a pa nan kò nou, nou pap janm wè jan li fè mal, nou pito ap rele pete li. Bann woulibè, melanje ak Choloska. Anmweee, nou rele se twòp e se twòp atò, nou bouke ak aganman sila yo, bann rat do kale.

Peyi nou an danje, popilasyon-an ki pa ka vwayaje-a ap soufri, ki sa nap fè koulye-a pou yo. Pa gentan ankò pou lò nou prezidan, c'est Maintenant, Aujourd'hui même, En ce moment même.

Ase pou nou mesye!

Mèsi anpil pou konsyans nou e jefò nou tout pral fè pou nou vini ak lòt kalite lide, ki pa sèlman, an al vote, an al nan eleksyon, Men pito an al ede moun ak maladi kolera.

This page has not been translated into Nederlands yet.

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]