Anarkismo.netAltra stampa
|
Articoli recenti su Amerik Santral / Karayib Miscellaneous
Problématique haïtienne : entraves à la sortie de la crise… Apr 04 13 Departing UN official blasts Haiti's rights record Apr 02 13 Les nouveaux contours de l’alliance Haïti-République Dominicaine Jan 15 13 Pou tout neg ki sevi ak teknoloji blan e chans... amerik santral / karayib |
miscellaneous |
non-anarchist press
Wednesday November 24, 2010 17:08 by Nègès kreyòl
![]() Pou tout neg ki sevi ak teknoloji blan e chans, forum nan ba yo pou fè pase pwen vi yo, paske san kwa se bout manmit lèt ak kòb Lanbi ki ta sèvi yo antèn pou fè pwopagan'n, si yo pa ta gen kòb pou achte la près. Map envite nou pito al chache deklarasyon Prezidan Chavez fè ak tout lòt moun ki gen konsyans de difikilte peyi-a ap travèse depi anvan e apre tranbleman tè-a, vin'n anpire ak epidemi kolera, melange ak tout kalite lòt pwoblèm tankou: mizè, vyòl kap fèt sou ti fi, pwotitisyon sab nou pa bliye kajedak malfwendenk ap fè sou fanm san yo pa vle. kou granmoun. Sa nou bezwen tande makòn kandida nap fè kanpay sou forum nan pou yo a di, konbyen moun yo ede chape anba tout pwoblèm sila yo. Nou pran tout moun pou enbesil, oubyen vandè de konsyans menm jan ak nou. A la mwen konnen Mister Clean pa la ankò, regrete memwa. Mwen panse li ta pi bon, nou menm ki anba pou nou ta enfòme entènot yo pito sou ki èd konkrè 19 kandida yo pote nan soufrans popilasyon anvan eleksyon malachyonk 28 novanm nan, yo tout ap pare pou pran plas yo nan lakou palè, pase tikay yo tout ap kouri dèyè'l pa la ankò. Ki konkou mesyedam yo pote bay popilasyon an nan katchouboumbe yo twouve yo la. Olye yo anplwaye yon ekip reskiyè kap enfòme nou sou sa nou konnen deja e sa ki pa enterese nou. paske nou dòmi ak jan deja, nou pa bezwen pèson vin'n di nou kijan yo wonfle. |