user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Batay sou salè minimòm la ann Ayiti se batay otonòm ouvriye yo ak tout lòt travayè!

category amerik santral / karayib | community struggles | press release author Saturday June 13, 2009 03:33author by Komite Otonòm Pwogresis Ayisyen - KOPA Report this post to the editors

Afè nou pap janm bon anba kapitalis la!

haiti_image.jpg

Depi lontan, klas dominan yo, prensipalman boujwazi-a, ap mobilize mas popilè yo pou yo atenn objektif politik reyaksyonè yo. Yo mobilize klas domine yo, ak èd enperyalis yo, pou desann gouvènman reyaksyonè ki pa t’ap defann enterè yo nan gou bouch yo. Yo fè pwomès boul malatchonn pou atenn enterè objektif reyaksyonè yo. Yo òganize karavann libète an Ayiti ak andeyò peyi-a, pou foure yon kontra sosyal po patat nan gagann nou. Kounye-a ouvriye yo ap mande branch egzekitif la ratifye ajisteman salè minimòm 200 Goud la ke palman fin vote depi 5 Me 2009.

Depi yon bon bout tan, ouvriye yo ap goumen pou yon ogamantasyon kòrèk salè minimòm la. Kounye-a, administrasyon Preval/Pyè Lwi-a, ap pwopoze yon nouvo seri negosyasyon. Sa se yon mannèv politik k-ap fè dilatwa pou demobilize ouvriye yo ak travayè yo. Magouy sa-a mache pye pou pye ak represyon grenn kraze ki fèk tanmen sou travayè yo nan jou ki te Premye Me-a ansanm ak represyon sou etidyan yo nan 5, 6 ak 8 jen ki sot pase la-a.

Men klas ouvriyè-a ann Ayiti pa nan batay sa-a pou kont li. Ouvriye ayisyen yo ap ranmase sipò nan men frè ak sè konsyan yo na lòt peyi e nan men tout pwogresis ki deside koupe fache ak politik boujwa yo. Nou menm, ouvriye ak tout kan popilè-a, nou pa annik la pou n’al vote pou depane kapitalis yo lò yo an kriz. Nou la pou defann enterè nou. Nou dwe defann dwa fondamantal nou pou nou kapab jwenn yon bonjan travay ak yon bonjan salè pou nou sa fè fas a bezwen fanmi nou.

Salè minimòm 200 Goud la ($5 pa jou) se yon ajisteman, se pa yon OGMANTASYON. Anplis, li gen 5 an reta e li ilegal: apati Atik 137 Kòd Travay la, li ta dwe 450 Goud minimòm pou kounye-a. Menm lò ajisteman sa-a ilegal, ouvriye yo ap pran li. 200 Goud la se yon pa annavan nan ranmase fòs pou plis batay toujou. Salè minimòm sa-a se senpman $0.62 lè. Okenn èt imen kenpòt kote yo ye pa ta dwe fòse viv nan kondisyon kras konsa. Ayiti se lanfè pou mas yo e se yon paradi pou boujwa fè tout kalte pwofi. Madigra demokrasi sa-a fin tonbe. Ouvriye yo ap goumen pou pwòp enterè yo. Y’ap trase chimen pa yo pou yo soti nan mizè kras sistèm eksplwatasyon-an kreye a. Se pa yon batay dèyè ki politisyen, ki popilis, osnon ki restavèk enperyalis ki pral dirije yo. Se yon batay k’ap mennen apati enterè pa yo.

Boujwazi ayisyen-an, enperyalis la, fòs okipasyon an ak gouvènman an deklare ouvriye yo lagè asanm ak etidyan k’ap sipote yo. Anpil nan etidyan sa-yo se pitit ouvriye yo ye. Yo konnen lò paran yo pa ka fè fas a responsablite yo. Yo konnen sa sa vle di al chita nan yon sal de klas vant vid malgre paran yo ap travay.

Batay sou salè minimòm lan, montre klèman vrè vizaj demokrasi boujwa-a. Nou menm travayè, nan vant enperyalis la, nan nèsing hom yo, nan faktori yo, nan lotèl yo, batay sa-a ki tanmen Ayiti-a se batay pa nou tou li ye. Ouvriye Ayisyen k’ap goumen pou dwa yo e batay n’ap mennen isit Se Menm Batay la. TOUT BATAY SA-YO SE YON SÈL BATAY. Nou dwe konstwi pwòp òganizasyon otonòm pa nou pou defann dwa nou. Se premye pa nan pote solidarite nou ak frè ak sè nou yo nan lòt peyi tankou Ayiti.

Rele moun lakay, kominike mesaj ba yo: Travay nan faktori isit, ak nan nèsing hom, nan lotèl yo se lanfè tou. Diferans la sèke anpil ouvriye isit te bay san yo, vi yo pou sèten dwa n’ap benefisye sou yo e ke boujwa yo pa bò isit la vle reprann nan men nou pitipiti. Lavni nou nan men ou. Lavni nou se batay nou.

PWOMÈS BOUJWA SE BOUL MALATCHONN!
SE BATAY JODI A KI DEMEN MIYÒ NOU!

This page has not been translated into Kurdî / کوردی yet.

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]