Omaj pou pè Jan Jis
amerik santral / karayib |
the left |
non-anarchist press
Sunday May 31, 2009 20:11
by Travay Mod Jan-Michel - Sanit Belair

May 29, 2009
JYERI!
Ou ale, ou pran devan, konplotè yo elimine w.
Ou pase nan ran zansèt yo.
San vwa yo pèdi yon vwa ki te toujou gen larezon.
Timoun nan ti plas Kazo yo, pèdi yon kè ki te kon renmen.
San papye nan Miyami, pèdi yon zanmi fidèl ki pat janm bouke.
Ayiti pèdi yon konbatan ak konviksykon.
Moun kap goumen pou respè dwa moun,
Pèdi yon kolaboratè farouch.
Jeyeri, moun tankou w pa ka mouri!
Moun tankou w pa ka sispan goumen!
Pandan nap kontinye batay la icit,
Ou menm, kontinye travay ou lòt bò.
Fè dlo kap koule nan je pèp ayisyen,
Lave san inosan kap simayen tou patou an Ayiti.
Di Makandal, Ayiti bezwen konkou l
Pou n kwape maladi entènasyonal.
Di Kapwa Lanmo, voye prete n kouray li
Pou n al repran Vètyè.
Di Marijann, anpil fanm laka
This page can be viewed in
English Italiano Deutsch