user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week
Search author name words: Batay Ouvriye

Pou Prezidan Peyi Amerik Latin K Ap Okipe Ayiti Yo

category amerik santral / karayib | enperyalis / lagè | non-anarchist press author Monday October 20, 2008 05:22author by Batay Ouvriye - BO Report this post to the editors

Jounen jodi 17 oktòb, se komemorasyon asasina lanperè Desalin.

Nan menm semenn lan, se renouvèlman kontra okipasyon twoup l ONI yo sou tè Desalin lan. Twoup sila yo anba kòmannman brezilyen e pi fò twoup yo soti nan rejyon Amerik latin lan, yon rejyon ki globalman pran endepandans li apati tè peyi d Ayiti.

pwen.png

Pandan n ap salye memwa Jan Jak Desalin,

pandan n ap sonje fraz li: "ki sa n ap kite pou nèg ki fèk sot ann Afrik yo?" an palan de ansyen esklav yo ki pa t jwenn anyen nan "pataj" ki te swiv endepandans lan; fraz ki pa t siyen ak pwojè lesplwatasyon nouvo klas dominan yo te gen nan tèt yo pou travayè sila yo e ki se youn nan kòz asasina a; fraz ki, jounen jodi a, pa siyen nonplis ak pwojè neyoliberal enpeyalis yo ansanm ak tout sousou yo pa bò isit vle foure nan gagann nou...

nou fè dirijan peyi rejyon an k ap okipe nou an konnen pozisyon nou sou mistifikasyon "èd" yo vle fè nou vale a, ak okipasyon-titèl yo konkrètman e militèman ap opere sou nou.

Tèks sa a ap sikile nan divès peyi rejyon an tou, kote pwogresis chak peyi sa yo kounye a (Brezil, Ajantin, Irigwe, Bolivi, Chili, Pewou ... ...) remèt li bay gouvènman lakay yo, e yo pran lari, manifeste tou, sou bò pa yo, nan semenn sa a menm, pou fè parèt aklè rejè total yo de sitiyasyon ensipòtab sa a.


Pòtoprens, jedi 16 oktòb 2008


POU PREZIDAN PEYI AMERIK LATIN K AP OKIPE AYITI YO



Prezidan Brezil, Ajantin, Irigwe, Bolivi, Chili, Pewou, Ekwatè, Gwatemala

Atravè Anbasad yo nan peyi a.



Depi plis pase 4 lane, ak kouvèti l ONI, fòs militè peyi Amerik Latin, anba kòmannman lame brezilyen an, ap okipe peyi d Ayiti militèman.

Agiman yo itilize pou jistifye prezans yo se toujou menm lan: objektif okipasyon militè an, se pòte lapè e garanti estabilite nan peyi a.

Men verite a pa la vre. Diskou "èd imanitè" ak ekonomik lan pa gen objektif pòte yon solisyon devan veritab nesesite pèp ayisyen an. Vrè objektif yo, se garanti enterè gwo gwoup ekonomik yo ansanm ak enterè gouvènman peyi Etazini. Yon okipasyon militè konsa, se toujou yon pozisyon fòs ki pa respekte dwa granmoun yon pèp.

Veritab misyon okipasyon an, se fè kwè pèp ayisyen an pa kapab debat epi pote solisyon pou kont li sou pwoblèm l ap travèse yo. Menm jan an tou, poliitk sa a, se lafòs ak represyon ki akonpaye l (denonsiyasyon asasina, vyòl ak pase anba pye dwa demokratik nou yo ki chak jou ap fèt nan peyi a kont twoup okipasyon yo, se klèman konsekans okipasyon militè a).

Se poutèt tou sa nou egzije tout gouvènman peyi Amerik Latin ak Karayib k ap patisipe nan voye fòs lame yo nan peyi d Ayiti, pou yo retire yo imedyatman, nan respè prensip elemantè dwa granmoun chak pèp.

Fòk twoup okipasyon yo ale san tade!

Viv defans dwa pou pèp ayisyen gran moun tèt li kòmsadwa!

Aba tout dèt ekstèn! Nou pa dwe, nou pap peye!



BATAY OUVRIYE: Yannick ETIENNE
SOLIDARITE FANM AYISYEN (SOFA): Carole JACOB
PLATFÒM AYISYEN PLEDWAYE POU YON DWA ALTÈNATIF (PAPDA): Camille CHALMERS
MOUVMAN DEMOKRATIK POPILÈ (MODEP): Guy NUMA
ASOSIYASYON INIVÈSITÈ DESALINYEN (ASID): Emanuela PAUL

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]